Nancy Roc ak Paul Judex Edouarzin
Nan kad Pwogram Touris Kotye Dirab (TCD) Bank Entèameriken pou Devlopman (BID) finanse, Inite Teknik Egzekitif Ministè Ekonomi ak Finans (UTE/MEF) ansanm ak Ministè Touris ak Ministè Anviwònman-ANAP ap sipòte aktivite prevansyon kont dezas natirèl ak chanjman klimatik pou timoun ak adolesan nan Sid la, yon pwojè ki pwopoze pa konpayi ayisyen, Incas Productions.
Ansanm ak Federasyon Lekòl Pwotestan Ayiti (FEPH), Incas Productions te sansibilize prèske 600 elèv pandan webinè 13 ak 14 jen 2024 nan Sen-Lwi di Sid, sou tèm « Varèch: ant deranjman ak opòtinite ». epi nan Aken sou tèm « Jèn yo fas ak dezas klimatik: ki rezilyans?»
Depi 2011, varèch anvayi sid Ayiti. Alg sa yo, malgre yo natirèl, yo pwopaje nan yon fason terib akoz chofman klimatik ak dechaj eleman nitritif nan lanmè Atlantik. Dapre chèchè nan Inivèsite Florid di Sid, gwo echouman sa yo nan alg mawon yo ka atribiye a dechaj nitrat nan rivyè Amazon [1]. Kouran lanmè yo, agrave pa fenomèn metewolojik ekstrèm, transpòte mas alg sa yo atravè Karayib la ak tou sou plaj ayisyen yo, kreye yon gwo pwoblèm pou moun yo. Anfèt, kèlkeswa si se nan Sen-Lwi di Sid, Okay oswa Jakmèl, varèch yo poze yon menas serye pou sante piblik an Ayiti, sitou pou timoun yo. Pwopagasyon masiv yo, ki atribiye ak rechofman planèt la ak polisyon, transfòme plaj yo an vre depo maren. Efè yo sou sante yo anpil ak alarman : pandan y ap dekonpoze, sargass yo lage sulfidy d’idwojèn, yon gaz toksik ki responsab pou twoub respiratwa, iritasyon po ak tèt fèmal. Anplis, touris yo – nan Karayib, paske pa gen ankò an Ayiti akòz gang yo - evite plaj ki enfeste, sa ki lakòz yon efondreman ekonomik pou kominote lokal yo ki depann de aktivite touristik.
Efè negatif yo
Anfèt, kèlkeswa si se nan Sen-Lwi di Sid, Okay oswa Jakmèl, lè varèch yo anvayi kòt yo, gaz ki soti nan dekonpozisyon yo ka lakòz iritasyon respiratwa, kè plen ak lòt pwoblèm sante pou popilasyon yo, sitou timoun yo, k ap viv toupre zòn ki afekte yo. Kontaminasyon dlo ki fèt akòz varèch yo ka poze risk pou rezèv dlo potab, pandan ke sa deja yon pwoblèm kritik an Ayiti. Varèch yo deranje ekosistèm maren lokal yo, toufe lavi ak vejetasyon anba dlo yo. Koray yo, ki esansyèl pou divèsite biyolojik maren ak pwoteksyon kòt kont erozyon, espesyalman afekte. Dekonpozisyon varèch yo, pandan y ap lage sulfid d’idwojèn, kontribye nan asidifikasyon dlo yo, mete an danje espès maren yo ak lapèch, ki se yon resous vital pou kominote kotyè yo an Ayiti.
Akimilasyon alg sa yo deranje tou aktivite imen yo. Plaj yo, ki te yon fwa resous touristik enpòtan, vin enpratikab, sa ki lakòz yon bès siyifikatif nan revni pou moun yo. Bato lapèch yo, bloke pa pil alg yo, difisil pou navige, mete mwayen poul viv pechè lokal yo an danje. Fas ak kriz ekolojik sa a, li enpòtan pou otorite ayisyen yo, an patenarya ak òganizasyon rejyonal yo, devlope estrateji jesyon dirab ak netwayaj efikas pou prezève balans ekolojik la ak soutni ekonomi lokal yo ki menase.
Yon opòtinite ki pa eksplore ann Ayiti
Si varèch yo reprezante yon menas pou touris ak ekosistèm maren, yo ofri tou yon kantite opòtinite ekonomik ak anviwònmantal. Gen anpil inisyativ nan Karayib la ki montre ke varèch yo ka transfòme an resous presye, e Ayiti ta ka benefisye anpil de inovasyon sa yo.
Nan plizyè rejyon nan Karayib la, varèch yo itilize kòm fètilizan oganik. Pou egzanp, nan Pòtoriko [2], agwonòm yo kòmanse entegre varèch yo nan kompòs la, sa ki amelyore kalite tè a epi redui itilizasyon an nan fètilizan chimik ki chè. Algas Organics [3] se yon konpayi nan Sen Lisi ki transforme varèch yo an biofètilizan. Modèl ekonomik yo montre kijan varèch yo ka transforme an pwodwi ki gen valè ajoute, kreye travay lokal ak sipò pou agrikilti dirab. Ayiti, avèk tè yo ke li genyen, ta ka adopte pratik sa a pou vivifye tè yo ki apòvri epi ogmante pwodiktivite agrikòl la, pandan ke prèske senk milyon Ayisyen ap soufri grangou e bezwen èd manje, dapre dènye chif ONU [4].
Nan peyi Matinik, yo itilize varèch yo pou fabrike materyèl konstriksyon ekolojik tankou brik ak panèl izolan. Pwodwi sa yo pa sèlman durab men yo ekonomik tou [5]. En Ayiti, kote rekonstriksyon apre dezast natirèl se yon priyorite, itilizasyon varèch yo pou pwodwi materyèl konstriksyon ka reprezante yon avanse enpòtan.
Varèch yo kapab transforme an biyokarburan tou. Nan peyi Meksik [6], yon konpayi inovatif devlope yon pwosesis pou konvèti alg sa yo an biometan, yon sous d’eneryi renouvlab. Teknoloji sa a ka yon solisyon ki kapab pou Ayiti, ki ap chèche divèsifye sous enèji li yo ak diminye dependans li sou kòmbistib fou inporte.
Varèch yo rich an konpozisyon bioaktif, ki itilize nan endistri kozmetik ak farmasyi. An Gwadloup [7], yon konpayi reyisi ekstrè sibstans anti-enflamatwa ak anti-oksidan sargas yo pou kreye pwodwi swen po. Ayiti, ak potansyèl li nan devlopman nan sektè kozmetik natirèl - tankou lwil Maskriti, pou site yon egzanp - kapab eksploite resous sa a pou kreye pwodwi valè ajoute wo nivo.
Genyen anpil opotinite, men gen anpil defi tou pou nou rive itilize varèch yo pi byen an Ayiti. Chanjman sezon nan disponibilite varèch yo, depans koleksyon ak transformasyon, tankou tou pwoblem ki gen rapò ak anviwònman tankou nivo asenik, se gwo pwoblem ki kanpe sou wout la. Pou nou kapab venk defi sa yo, nap bezwen plis rechèch, envestisman nan teknoloji pou tretman, ak koperasyon nan nivo rejyonal. Men, pandan nap tann solisyon pou pwoblem sekirite pèmanan an, plizyè timoun nan Senn-Lwi-du-Sid kounye a konnen ke varèch pa sèlman fatra. Epi, sak konnen? Petèt yonn nan yo pral gen yon enspirasyon pou chanje bagay yo nan kominote li yon jou.
Suivez la chaîne AlterPresse/AlterRadio sur WhatsApp - CLIQUEZ ICI
[1] ‘’ The great Atlantic Sargassum belt’’, Revue Scince, 5 Jul 2019, Vol 365, Issue 6448, pp. 83-87
[2] Christine J., USA – Puerto Rico: Firm Rejection of Sargassum Use as Fertilizer, March 15th, 2024, Sargassum Monitoring
[3] Marlowe Starling, , Caribbean startups are turning excess seaweed into an agroecology solution, April 16th, 2024, Mongabay.
[4] Nourrir Haïti en temps de crise, cinq choses à savoir, ONU Info, 1er avril, 2024.
[5] Valorisation des sargasses : lancement de deux projets aux Antilles françaises, ADEME en Guadeloupe
Agence de la transition écologique, 2020.
[6] Marlowe Starling, Caribbean startups are turning excess seaweed into an agroecology solution, April 16th, 2024, Mongabay.
[7] Jacques Vilus, Les sargasses pourraient devenir des médicaments, France-Antilles, 4 avril 2024.