Temwayaj Spensherly Claude
AlterPresse repran temwayaj sa a ak otorizasyon moun ki ekri li a sou Facebook
Fanmi m gen nou 6. Depi lane 2021, peyi a pa ban nou tout la chans viv menm kote vre. Chak tan, g on separasyon ki fèt e se pa toujou menm fòmasyon an. Pafwa l 4-2, 3-2-1, 3-3. Fòmasyon yo varye nan men n.
Vandredi 10 me pou louvri samdi 11 me 2024 lan k sot pase an, m te sou pikèt mwen akoz jan Gresye te ye an. M dòmi a nenpòt 2è nan samdi maten jis paske m te pè dòmi. Se te nou 4 la k te nan kay la: manman m, sè m nan k vin apre m nan, papa m, mwen menm. Yo 3 a dòmi, men mwen m rete je kale ap veye. Je m vin febli, m dòmi.
Depi nan vandredi swa a, manman m kòmanse ranje valiz pyès yo. M leve, m al ede l. M asire m m pran ti afè pa m mete menm kote ak pa l yo. Menm si alaverite, gen sètifika kèk fòmasyon m pa rive pran.
Nan samdi maten, lòt moun yo leve anvan m. Serenad pil katouch la, yo kòmanse pran l anvan m. Apre sa, g on rafal ki pati, m pa fè rebèl, m leve. Sòlda pa gen dwa dòmi long. Dayè, se pa ti Gresye ki aprann mwen sa, Matisan te gentan jere m leson an deja.
Manman m ap fè kafe, m ap pran son, m ap ri. On ri laperèz ki marande ak fristrasyon paske m santi g on kouri m pral fè ankò. M eseye ranje on valiz ak 2 grenn rad. Malgre m ap ranje valiz la, m pa vle kwè m ap deplase vre. Kè m sere, m pa rive bwè kafe a. Vant mwen tanmen tranche m, latchouloulou mete lapat anwo m, m pa anfòm. G on dènye rafal ki pati etan m t ap al monte do kay la pou m ka met on ti pano anlè pou m ka chaje telefòn mwen an, m kouri plonje desann, pye m manke deranje. M pa t vle kouri ak on telefòn tou etenn nan men m.
M ap gade tout moun nan mòn lakay la k ap deplase, nou ret la. Vwazin anfas la gentan sele, nou ret la. Tout lè m wè moun yo prale an, m gen lespwa sa pasaje. Nèg gran ravin te jere m deja, m pa t vle kwè yo tounen nan wèl mwen ankò. Epi voup, papa m parèt epi l di n, an n ale, ak tout on presyon. Nou pa t rive byen ranje valiz la vre non, nou pase men n nou pran l epi n manche wout nou. Pandan n nan wout, sè m nan ak mwen remake valiz pyès la pa la. Manman m p ap ka tounen, papa m non plis. E m gentan sou 5 minit ap mache. M kouri pran kle a, m ap kouri pye atè nan zo dan wòch yo pou m tounen lakay al chache pyès yo. M ap kouri, m pè, m pa vle pou m al kwaze ak dezagreman. Souf mwen ap koupe, men m dwe kontinye. M kouri pran valiz la, m retounen.
M fè 5 èdtan ap mache. Manman m malad, li soufri atwoz, men l dwe mache. Li pa ka rete. Nou ap mache, san menm konnen kote n prale vre. Se vre papa m se moun sid, men anyen pa sètifye sou kote n ap dòmi nan aswè. Erezman, parenn mwen jere sa tankou on gran, li fè kontak on kay ki pou ebèje n nan aswè. Tout 5èdtan m di nou an, se te soti Gresye rive Melye. Bagay 10 minit nan machin. Etan n ap koupe wout mòn, nou kontinye ap tande pil katouch yo. Gen pafwa, gen wout nou pral pase, nou tande bal yo pre n, nou oblije monte sou mòn ki pi wo. Sou wout la, m kwaze ak ti granmoun, ti bebe, moun malad, men pa gen kanpe. Pa ka gen kanpe non plis.
Nou ateri Leyogàn. Samdi 11 rive mèkredi 15, nou la. Kòm si sa pa t sifi m, nan mèkredi apre midi, g on sèl kouri nan dabòn. G on premye moun ki pase ki di n file manchèt nou (nou pa lakay nou, nou pa gen manchèt). G on dezyèm li ki vin di n monte pi wo, nèg yo pre n la, yo ti basen. M gentan pran valiz mwen pou m kouri ankò. Mwen pa bezwen di n jan tout nanm mwen vole, men m ap tranble. M te apenn fin kuit on manje, m pa t ko menm separe l. Pou m manje manje an, se anba mizè. Nou pa fè ni 2 ni 3, nan jedi bèl bonè, nou pike pou pwovens nèt. M ale kay papa m andeyò.
Depi jou sa atò, lavi m chanje. Se rete on kote gade zwazo, pa ka soti fè wonnpòt, pa gen pèsonn pou pale. Kote m rete an bon jan an pwovens lan, tout ti mache menm pou m al achte on krezi glou, fòk m fè 1èdtan ale-retou.
M kouri pye atè, m kouri toutouni. M kouri san laptòp ki te gen memwa m m te kòmanse ekri sou li an. M kouri san dokiman ankèt m te kòmanse mennen an yo, m kouri san liv mwen yo, san resi IERAH/ISERSS mwen yo. Peyi a fè m mal. M lage nan rekòmanse, a zéro fwa sa. Men chak jou m tèt di mwen sa : "Spen, ou dwe rive, ou dwe kenbe." M gade tèt mwen mwen nan miwa, m ba l ankourajman m kapab. Li pa fasil, men kole pyese moso yo, m ap fè l.
M pa twò gen zanmi (sa ki ka parèt biza pou nou) men gen moun nan kontak mwen ki pa lage m on may. Genyen m te panse k zanmi m, ki pa janm ekri m mande m sa m fè, si m byen. Genyen ki pa t janm zanmi m, ki ekri m mande m kòman m ye. E grenn moun sa yo, yo sou kè m, non yo grave nan nanm mwen. M pa ko di yo m renmen yo, men m ap fè l.
Gen nan nou bò isit la ki enteresan, ki kite grenn mesaj pou mwen jis pou ankouraje m kenbe, nou vo lò.
Lè m te di n se sèl souri m rete an, m pa t ban n manti. E l pa toujou la. Se grenn bagay ki ka ekate m, men m p ap kite leta santi kri peyi Dayiti manje l nan men m vre. M ap batay pou li, se li k pa m.
Sly Clde tounen on refijye nan pwòp peyi l.
Sous foto : Haiti-Lokal / Mòn Gresye kote y ap gade vil la pa anba