Pòtoprens, 25 jen 2024 [AlterPresse] --- Jan laprès entènasyonal te anonse l la, yon premye gwoup 400 polisye peyi Kenya rive, madi 25 jen 2024 la nan aryopò entènasyonal Pòtoprens lan, pou deplòtonnen andedan fòs miltinasyonal pou kore sekirite a nan peyi d Ayiti.
Lapolis nasyonal d Ayiti ak lame d Ayiti ki la a te pran gwo dispozisyon sekirite alantou aryopò entènasyonal Pòtoprens lan, pou akeyi premye gwoup polisye Kenya yo.
400 polisye Kenya yo te gen gwo zam manch long nan men yo. Yo te gen abiman militè sou yo ak drapo peyi Kenya. Nan aryopò entènasyonal Pòtoprens lan, te gen bis ak kamyon pou te asire transpò polisye Kenya yo, dapre sa jounalis ki te sou plas yo te wè.
Premye gwoup polisye Kenya sa yo, sou mil ki dwe rive nan peyi d Ayiti, koumanse deplòtonnen nan moman yon twazyèm jounen pwotestasyon, madi 25 jen 2024 la nan Nairobi, plizyè dizèn milye moun kont yon pwojè lwa bidjè gouvènman William Ruto a.
Pou pi piti 5 moun mouri ak plis pase 30 lòt blese, madi 25 jen 2024 la, nan maspináy lame ak lapolis Kenya kont manifestan nan lari Nairobi, kapital peyi Kenya.
Gouvènman Garry Conille lan di li wete chapo l douvan volonte gouvènman peyi Kenya a, pou vin ride peyi d Ayiti batay kont klima laterè k ap kraze kannkès sosyete a. Gouvènman tranzisyon an di l swete fòs miltinasyonal la, se ta dènye misyon ki va ride peyi d Ayiti retounen sou chimen kè poze, san brigandáy, chimen demokrasi ak nouvo dirijan politik. Se sa Garry Conille ekri sou kont X li.
Premye gwoup 400 polisye Kenya yo, ki rive nan peyi d Ayiti jodi a, se yon etap enpòtan nan batáy pou retabli sekirite nan zòn metwopoliten Pòtoprens lan. Se yon etap enpòtan nan batáy pou pwoteje dwa Ayisyèn ak Ayisyen yo. Se konsiderasyon Biwo entegre Nasyon zini nan peyi d Ayiti (Binuh),
Prezans polisye Kenya yo sou teren an pral pote soulajman pou timoun, fanm ak gason, laterè ak lòt zak vyolans gang ak zam yo ap pilonnen yo. Se pwomès prezidan Kenya a, William Ruto, nan yon seremoni ofisyèl, lendi 24 jen 2024 la nan Nairobi (kapital peyi Kenya), anvan premye gwoup polisye peyi Afrik sa a vini andedan fòs miltinasyonal pou kore sekirite a nan peyi d Ayiti.
Demokrasi dwe retounen nan peyi d Ayiti. Pèp ayisyen an merite pou l santi l nan sekirite lakay li. Fòs miltinasyonal pou kore sekirite a ka ofri plis chans pou rive nan objektif sa yo. Yo pral ride ranfòse kapasite lapolis nasyonal Ayiti a nan batay kont gang ak zam yo. Yo pral ride fè operasyon imanitè yo fèt kòmsadwa sou teren an. N ap traváy ak plizyè lòt peyi, sitou peyi ki pwomèt bourad resous moun ak bourad lajan yo, pou deplòtonnáy fòs miltinasyonal pou kore sekirite sou teritwa Ayiti a. Se konsiderasyon prezidan peyi Etazini a, Joe Biden, apre premye gwoup polisye Kenya yo rive nan peyi d Ayiti, madi 25 jen 2024 la.
Lendi 24 jen 2024 la, lajistis peyi Etazini kondane Germine Joly, ansyen chèf gang 400 mawozo Kwadèboukè yo, pou l pase 35 lane nan prizon ameriken. Lajistis ameriken kondane Germine Joly, ki bay tèt li non Yonyon, poutèt li gen men l tranpe nan trafik zam soti nan peyi Etazini pou antre nan peyi d Ayiti, poutèt li blanchi lajan li ak fè zak kidnaping, tankou kidnaping sou plizyè misyonè ameriken nan mwa oktòb 2021. Nan dat 31 janvye 2024, Germine Joly te rekonèt li te benyen nètalkole nza zak sa yo, lajistis ameriken repwoche l yo.
Mèkredi 5 jen 2024, lajistis peyi Etazini te deja kondane Eliande Tunis, 46 lane, ki se madanm Germine Joly, pou l pase 12 lane plis 6 mwa prizon, pou patisipasyon l nan trafik zam, blanchi lajan ak zak kidnaping (Eliande Tunis t ap viv nan Pompano Beach nan Leta Florid, peyi Etazini. Gen 2 lòt moun lajistis peyi Etazini kondane tou pou konfyolo yo nan zak Germine Joly yo)
13. Lendi 24 jen 2024 la, lapolis nasyonal la arete nan Dekouze, Jakmèl, depatman Sidès, 2 jenn gason Casimir Camille, 25 lane, ak Venord Fevry, 27 lane. Lapolis la di li jwen nan men 2 jenn gason sa yo yon kantite dwòg marijuana
14. Finisman mwa jen 2024 la, plizyè santèn fanmi, pami yo anpil timoun ak fanm, ki sètoblije pran refij sou plas piblik Leyogán nan, sou wout nasyonal nimewo 2 a, akoz atak yo sibi nan men gang ak zam yo, lage bra pandye, san atèmiyò, san kote pou dòmi, san yo pa rive jwenn okenn sèvis ki pi enpòtan yo, san okenn asistan nan moman lapli yo. Se kout rèl Fon Nasyon zini pou timoun (Unicef).
Fanm ak gason migran natif natal Ayiti yo pote kole anpil nan richès peyi Etazini. Sekirite, pòtinite, libète, èd imanitè, devlopman ekonomi a, bon jan boukantáy ant peyi d Ayiti, ki se yon kokennchenn peyi, ak peyi Etazini : pèp ayisyen an merite tout sa pèp nan monn nan genyen nan lavi chak jou yo. Se dizon prezidan ameriken an Joe Biden.
Migran natif natal Ayiti yo toujou nan yon sitiyasyon konplike rèd mare nan divès peyi Amerik latin ak Karayib yo. Gen anpil fanm ak gason migran Ayiti ki kontinye ap travèse gwo zòn long marekaj ak forè Darién yo, ki sou fwontyè peyi Kolonbi ak Panama an. Kondisyon lavi fanm ak gason migran Ayiti yo toujou an degraba nan peyi Meksik. Apre Luis Abinader eli prezidan ankò nan eleksyon me 2024 yo, fanm ak gason migran Ayiti yo kontinye nan kè sote epi sibi divès kalte zak vyolans – dechèpiyáy lakay yo, menm byen ta lannuit yo - sou teritwa Repiblik Dominiken an. Se kout rèl yon lòt fwa ankò platfòm Gwoup k ap apiye rapatriye ak refijye yo (Garr).
Pou mwa me 2024 ki sot pase a, otorite Repiblik Dominiken yo pouse do plis pase 27 mil migran natif natal Ayiti sou fwontyè Ansapit/Pedernales, Beladè/Comendador (pwovens Elias Piña), Malpas/Malpaso, Wanament/ Dajabón ak plizyè lòt fwontyè ki pa ofisyèl. Pami plis pase 27 mil migran sa yo, te gen plis pase mil 900 timoun ak plis pase mil 100 fanm ansent, yo pimpe. Batis, Kòniyon, Lascahobas, Kapotiy, Gran Fon, Savanèt, Bòk Banik ak Los Cacaos nan Tomasik, sou teritwa Ayiti a, se plizyè kote ki pa fwontyè ofisyèl, otorite Repiblik Dominiken yo voye migran natif natal Ayiti yo. Se yon ranmase platfòm Gwoup k ap apiye rapatriye ak refijye yo (Garr).
Pandan mwa me 2024 la, sant akèy, platfòm Gwoup k ap apiye rapatriye ak refijye yo (Garr) genyen nan Beladè (sou fwontyè Comendador (pwovens Elias Piña a), è konnen li pote asistans (manje, pèmèt yo dòmi pandan yon ti bout tan, ba yo materyèl twalèt ak rad, sipò sikososyal, elatriye) báy 11 ti fi, 10 ti gason, 83 fanm ak 793 gason. [ppsf emb rc apr 25/06/2024 14:18]