Español English French Kwéyol

Virewon aktyalite Ayiti : Gen 4 kou ki p ap nan ekzamen 9vyèm ane fondamantal jiyè 2024 yo, tè peyi d Ayiti yo bay mwens rannman, sanksyon Kanada kont 3 chèf gang, enstalasyon Rameau Normil nan tèt lapolis la

Pòtoprens, 21 jen 2024 [AlterPresse] --- Nan ekzamen ofisyèl mwa jiyè 2024 yo, elèv 9vyèm ane fondamantal yo p ap konpoze nan kou edikasyon sivik, edikasyon fizik ak espò, edikasyon atis ak bèlte, edikasyon nan teknoloji ak aktivite pwodiksyon. Se desizyon ministè ledikasyon nasyonal fè konnen li pran (Latwoubláy, ki te genyen sou tertwa nasyonal la, te gen gwo konsekans toupatou nan peyi d Ayiti. Sa te lakoz lekòl yo pa t ka byen mache. Anplis kout rèl plizyè asosyasyon direksyon lekòl yo, se lòt rezon ki pouse ministè ledikasyon nasyonal deside annile ekzamen ofisyèl Leta nan kou edikasyon sivik, edikasyon fizik ak espò, edikasyon atis ak bèlte, edikasyon nan teknoloji ak aktivite pwodiksyon pou mwa jiyè 2024 la. Se youn nan premye gwo desizyon nouvo minis ledikasyon nasyonal la Augustin Antoine pran nan dat 20 jen 2024 la.

Ministè anviwónman atire atansyon sou sitiyasyon tè peyi d Ayiti yo, ki bay mwens rannman nan dènye lane sa yo (Pratik koupe pye bwa san gade dèyè yo, tè yo ki pa gen nannan ankò, abitid traváy nan jaden yo ki pa respekte yon seri prensip pwoteksyon tè yo epitou fason ekzajere yo gade bèt sou tè yo : se divès move bagay ki fè tè yo bay mwens rannman. Sa lakoz traváy agrikilti yo pa báy bon jan rezilta ankò. Se dizon ministè aviwónman peyi d Ayiti. Se nan oditoryom Inivèsite Henri Christophe Limonad la, depatman Nò, pawòl sa yo te pale nan yon brase lide lendi 17 jen 2024 la, ki se jounen mondyal batáy pou anpeche tè yo tounen dezè ak batay kont sechrès.

Gouvènman Kanada a fè konnen, vandredi 21 jen 2024 la, li pran sanksyon kont gang ak zam Luckson Elan baz Gran grif Savyen Ti Rivyè latibonit lan, Gabriel Jean-Pierre (Ti Gabriyèl) gang Gpèp Site Solèy ak Ferdens Tilus, ki bay tèt li non « Meyè » kòm gang Kokorat san ras nan depatman Latibonit lan. 3 chèf gang ak zam sa yo patisipe nan yon pakèt zak kriminèl, tankou kadejak ak simen laterè divès kote. Degenn kriminèl gang ak zam yo anpeche moun nan peyi d Ayiti viv nan lapè, sekirite ak kè poze. Anpil nan gang ak zam, k ap opere sou teritwa Ayiti a, jwenn bourad lajan ak sipò politik nan men biznismann ak gwo chabrak politik. Yo fè kadejak sou plizyè fanm ak ti fi. Se sa gouvènman Kanada a fè sonje nan kominike li soti vandredi 21 jen 2024 la.

Lapolis nasyonal d Ayiti a, se yon enstitisyon leta k ap fè traváy li nan sèvis popilasyon an. Nou p ap fè okenn presyon sou ou nan kad traváy ou. Enstalasyon nouvo direktè lapolis la, se pou pèmèt popilasyon an rale yon souf. Se konsiderasyon kòdonatè aksyon Konsèy prezidan pou tranzisyon an (Kpt), Edgard Leblanc Fils, nan enstalasyon Rameau Normil, vandredi 21 jen 2024 la, kòm nouvo direktè jeneral pou yon bout tan lapolis nasyonal la.

Pa gen okenn pisans gang ak zam ki dwe depase pisans Leta a. Se youn nan avètisman prezidan Konsèy siperyè lapolis nasyonal la (Cspn), Garry Conille, nan enstalasyon nouvo direktè jeneral pou yon bout tan lapolis la, vandredi 21 jen 2024 la. Depi plis pase 5 lane, laterè gang ak zam yo mete peyi d Ayiti ajenou. Zak kriminèl sa yo dire twòp. Fòk sa sispann. Tout peyi a ap tann nou poze aksyon, ki ka pote amelyorasyon nan lavi popilasyon an, pou popilasyon an reprann gou pou l viv ak monte desann san kè sote sou teritwa a. Nou p ap pèdi yon minit, ni yon segonn. Gouvènman tranzisyon an ap mete tout mwayen nesesè pou pèmèt lapolis nasyonal la fè traváay li kòmsadwa. Se deklarasyon Garry Conille, nan seremoni enstalasyon Rameau Normil, nouvo direktè jeneral pou yon bout tan lapolis nasyonal d Ayiti a. Seremoni enstalasyon an fèt nan biwo diresyon jeneral lapolis la, pa twò lwen aryopò entènasyonal Pòtoprens lan, vandredi 21 jen 2024 la.

Lapolis nasyonal la p ap la pou sèvi okenn kan politik. Lalwa dwe fè fas kare ak awogans tout gang kriminèl yo. N ap demantibile tout gang kriminèl yo. Se pwomès Rameau Normil, nan seremoni enstalasyon l vandredi 21 jen 2024 la. Nou konnen nan ki tráy popilasyon an ye anba men kriminèl yo. Se anpil anpil fanm ak tifi ki sibi kadejak. Se plizye milye moun ki kouri kite lakay yo pou al cheche refij lòt kote. Se ekonomi peyi a ki depafini. Lekòl, lopital, inivesite pa ka fonksyone. Nou aksepte retounen, paske nou konnen jan sa ye. Listwa mennen m yon lòt fwa nan tèt lapolis la. Mwen gen 29 lane nan lapolis la. Mwen konn tout sa k ap pase nan lapolis la. Fòk bandi sispann asasinen, boule polisye jan yo vle. Nou bat bravo pou pwomès otorite yo fè, pou bay lapolis la tout sa l bezwen pou l fe travay li. Nou pral batay poun chanje kondisyon travay lapolis la. Depi kounye a, an n koumanse traváy. Se pwomès nouvo direktè jeneral pou yon bout tan lapolis nasyonal la, Rameau Normil.

Gade wè ki jan sitiyasyon sistèm woulman lajan yo nan peyi d Ayiti. Se te youn nan objektif chita pale, jedi 20 jen 2024 la, ant premye minis Garry Conille ak konsèy administrasyon Bank tout bank yo, Bank santral peyi d Ayiti.

Nouvo gouvènman tranzisyon an òganize 2 jounen retrèt, vandredi 21 ak samdi 22 jen 2024 la, pou gade ki jan sitiyasyon an ye ak rive fikse plan batay yo. Evalyasyon teknik ministè yo, chantye ak aktivite ministè yo pandan 3 lane ki sot pase yo jis rive mwa jen 2024 la, batay kont koripsyon, kont sa k pa sa nan administrasyon piblik la, boukantáy lide sou amoni ak bon konprann nan jan ekip tranzisyon an va mennen bak peyi a, se divès eleman tout minis yo ap diskite nan 2 jounen retrèt finisman mwa jen 2024 la.

Sou baz desizyon 29 mas 2017 la, tout minis yo dwe evite lonmen moun ak fè depans san bezwen nan administrasyon piblik la (Tout minis, ki ta dwe vwayaje kite peyi a, dwe voye demann lan ak tout dokiman ki kore vwayáy sa yo, bay premye minis la. Se premye minis la ki dwe lonmen moun nan administrasyon pibllik la, sou baz atik 160 Konstitisyon an) Se sa Garry Conille ekri, nan yon nòt avètisman li voye bay 14 minis tranzisyon yo nan dat 17 jen 2024 la. [ppsf emb rc apr 21/06/2024 15:06]