Pòtoprens, 20 jen 2024 [AlterPresse] --- Dwe gen dispozisyon prese prese pou anpeche maladi tibèkiloz lan gaye sou teritwa Ayiti a, apre bandi ak zam t al fèmen, koumansman mwa mas 2024 la, lopital Sanatoryòm Pòtoprens lan, ki te konn anchaje moun malad tibèkiloz yo. Dwe gen dispozisyon tou pou garanti tout lòt lopital, tankou lopital jeneral Pòtoprens lan, ki te fèmen akoz laterè gang ak zam yo, rekoumanse bay popilasyon an sèvis laswenyáy kòmsadwa. Jan Konstitisyon 1987 la ak lòt zouti entènasyonal yo prevwa sa sou pwoteksyon lavi ak lasante tout popilasyon an, gouvènmaan tranzisyon an dwe konsidere kòm yon priorite eta sante pil ak pakèt moun deplase, ki refijye nan sant akèy yo, ki espoze pou yo ta trape tout kalte maladi. Se kout rèl Platfòm òganizasyon ayisyen k ap defann dwa moun yo sou sitiyasyon lasante, ki genyen nan kan moun deplase yo.
Tout moun, fanm kou gason, gen dwa mande lazil, kèlkilanswa kote yo soti, chak fwa yo santi yo bezwen lazil, chak fwa yo fòse yo kite peyi yo. Moun, ki sètoblije kouri kite peyi yo al nan lòt peyi, bezwen jwenn solidarite. Lè nou louvri pòt lakay nou bay moun sa yo k ap chèche jwenn lazil, nou fè solidarite ak yo. Lè nou konsidere tou sa refijye yo pote nan lòt peyi kote y ale yo, nou fè solidarite ak yo. Lè nou reflechi sou tout kalte defi, refijye yo dwe leve, nou fè solidarte ak yo. Lè nou kreye kondisyon pou yo retounen lakay yo nan bon kondisyon, nou montre nou fè solidarite ak yo. Konsa, nou va pèmèt fanm ak gason sa yo rekonstwi tèt yo nan kominote yo, epi bay peyi ki akeyi yo zouti nesesè pou ride refijye yo. Se mesaj Òganizasyon Nasyon zini yo, okazyon 20 jen, ki se jounen mondyal fanm ak gason refijye yo.
Pou nou gen yon monn kote tout refijye, fanm kou gason, byenvini. Se tèm yo chwazi pou jounen mondyal refijye yo, 20 jen 2024 la.
Jan bri a t ap kouri depi plizyè semenn nan peyi d Ayiti, se Rameau Normil Konsèy prezidan pou tranzisyon an (Kpt) chwazi kòm nouvo direktè jeneral pou yon bout tan lapolis nasyonal la, apre yon reyinyon konsèy minis gouvènman Garry Conille lan. Desizyon ofisyèl la parèt nan jounal ofisyèl « Le Moniteur », ki pote dat mèkredi 19 jen 2024 la.
Depi vandredi 14 jen 2024 la, Ofis pwoteksyon sitwayen (Opc) te soti yon kominike, kote l te presize se Rameau Normil k ap vin ranplase Frantz Elbe nan tèt lapolis nasyonal d Ayiti a.
Rameau Normil ap pran tèt lapolis nasyonal la nan yon moman kote gang ak zam yo ap simen laterè rèd mare sou popilasyon an, sitou nan zòn metwopoliten Pòtoprens lan ak depatman Latibonit.
Soti lane 2023 pou rive mwa jen 2024 la, vyolans gang ak zam yo pouse plis pase 600 mil moun sètoblije deplase kite lakay yo, pou al chèche refij lòt kote.
Se nan 4triyèm pwomosyon lapolis nasyonal la Rameau Normil soti. Rameau Normil te deja okipe pòs direktè jeneral lapolis nasyonal la pandan 15 mwa, ant mwa dawout 2019 pou rive dat 13 novanm 2020. Ant lane 2012 pou rive lane 2018, li te responsab Direksyon santral lapolis k ap traváy pou lajistis la (Dcpj).
Se te nan mwa dawout 2019 Rameau Normil te ranplase Michel Ange Gédéon. Gedeon te gen manda 3 lane li a bout. Nan dat 13 novanm 2020, yo te lonmen Leon Charles nan plas Rameau Normil. Nan mwa novanm 2021, Frantz Elbe te ranplase Leon Charles nan tèt lapolis nasyonal la.
Frantz Elbe resevwa anpil kritik pou tan l pase a (31 mwa) nan tèt lapolis nasyonal la. Ant novanm 2021 pou rive mwa jen 2024 la, lapolis la, sou direksyon Frantz Elbe, parèt bat ba kont gang ak zam yo ki vin gen kontwòl divès kote sou teritwa nasyonal la.
Ekip tranzisyon an vle bay lapolis nasyonal la yon nouvo souf. Nou gen mwayen ak kapasite pou kondi pwòp demach pa nou, pou bay popilasyon an sekirite. Sekirite a se respkonsablite pa n, menm lè nou kwè peyi Kenya gen volonte pou vin ride n. Se dizon Garry Conille nan yon kozman ak laprès jedi 20 mas 2024 la.
Nouvo kòmandan lapolis nasyonal la, Rameau Normil, dwe tabli yon plan sekirite konsekan, foure je l gade konpòtman polisye nasyonal yo, si yo pa nan sa k pa sa, kidonk fè sa yo rele vetting nan langaj teknik la. Rameau Normil dwe rann lapolis nasyonal d Ayiti a pi pwofesyonèl nan misyon pwoteje ak sèvi popilasyon an. Se rekòmandasyon Ofis pwoteksyon sitwayèn ak sitwayen yo (Opc), ki bat bravo, depi vandredi 14 jen 2024 la, dèske Rameau Normil retounen nan tèt lapolis nasyonal d Ayiti a.
Nouvo direktè jeneral lapolis nasyonal la, Rameau Normil, dwe mete bò kote l tout resous nan lapolis la, ki ka ride l bay popilasyon an bon jan rezilta. Se sa Sendika nasyonal polisye ayisyen yo (Synapoha) ekri sou kont X li.
Sou bò pa l, Biwo entegre Nasyon zini nan peyi d Ayiti (Binuh) deklare li kenbe angajman l pou pote sipò bay lapolis nasyonal la. Binuh di mèsi pou kolaborasyon li te genyen ak Frantz Elbe plis ekip ki te ansanm ak li a.
Ant lane 2015 pou rive mwa jen 2024 la, se plis pase 300 polisye nasyonal, fanm ak gason, ki mouri sasinen anba bal. Gen 120 polisye ki mouri anba bal nan peryòd Frantz Elbe dirije lapolis nasyonal la, ant novanm 2021 pou rive jen 2024 la. Se plis pase 68 atak, gang ak zam yo fè kont lapolis la sou teritwa nasyonal la, ant lane 2021 pou rive lane 2024 la. Se yon ranmase Rezo nasyonal k ap defann dwa moun yo (Rnddh), okazyon 29 lane ekzistans lapolis nasyonal la 12 jen 1995 – 12 jen 2024.
Konsèy siperyè lapolis nasyonal la (Cspn) dwe mande tout pakè tribinal sivil yo bay esplikasyon sou pakèt kò sasináy, tankou sou jounalis Okay la Garry Tess yo jwenn mouri nan dat 24 oktòb 2022 Okáy/depatman Sid, ak zak maspináy, tankou sou jounalis Jean Marc Jean ki te resevwa nan je l yon kout bonbòn gaz lakimojèn lapolis, nan dat 8 fevriye 2024 sou Dèlma a. Otorite yo dwe bay esplikasyon tou sou plis pase 4 mil 500 prizonye, ki rive sove nan penitansye nasyonal Pòtoprens lan ak prizon sivil Kwadèboukè a, san ministè lajistis ak lapolis nasyonal Frantz Elbe a pa t rive fè anyen pou anpeche sa. Se ekzijans Ofis pwoteksyon sitwayèn ak sitwayen yo (Opc).
Nan yon retrèt yo pral fè nan yon dat yo poko presize, tout minis gouvènman tranzisyon an ta dwe vini ak yon evalyasyon teknik, ki konsidere tout chantye ak aktivite ministè yo pandan 3 lane ki sot pase yo, jis rive mwa jen 2024 la. Sou baz desizyon 29 mas 2017 la, tout minis yo dwe evite lonmen moun ak fè depans san bezwen nan administrasyon piblik la. Tout minis, ki ta dwe vwayaje kite peyi a, dwe voye demann lan ak tout dokiman ki kore vwayáy sa yo, bay premye minis la. Se premye minis la ki dwe lonmen moun nan administrasyon pibllik la, sou baz atik 160 Konstitisyon an. Se sa Garry Conille ekri, nan yon nòt avètisman li voye bay 14 minis tranzisyon yo nan dat 17 jen 2024 la.
Mèkredi 19 jen 2024 la, dosye deplòtonnay fòs miltinasyonal pou kore sekirite a nan peyi d Ayiti te nan diskisyon, ki te fèt sou entènèt, ant Konsèy prezidan pou tranzisyon an (Kpt) ak prezidan peyi Kenya a Willaim Ruto. Se sa sèvis kominikasyon Kpt a ak laprezidans peyi Kenya a rapòte.
Semenn sa a, yon delegasyon polisye nasyonal, ki te soti Ayiti, t al diskite ak lapolis peyi Kenya a, nan Nairobi (kapital peyi Kenya), sou preparasyon k ap fèt pou deplòtonnáy fòs miltinasyonal pou kore sekirite a sou teren an. Sou baz yon desizyon semenn sa a, gouvènman ameriken an rele « dispozisyon nikleyè », depatman leta peyi Etazini pral debloke 109 milyon dola ameriken, pou soutni deplòtonnay fòs miltinasyonal pou kore sekirite a nan peyi d Ayiti.
« Dispozisyon nikleyè » sa a pral pèmèt gouvènman ameriken an pa konsidere pozisyon palmantè repibliken yo, ki pa t dakò, depi plizyè mwa, bay otorizasyon pou met lajan peyi Etazini nan deplòtonnáy fòs miltinasyonal pou kore sekirite a nan peyi d Ayiti. Se sa jounal ameriken Miami Herald fè konnen.
Èske fòs miltinasyonal la pral deplòtonnen sou teritwa Ayiti a ? Ki lè sa pral fèt ? Èske p ap geen deplònnáy fòs miltinasyonal ankò sou teritwa Ayiti a ? Depi plizyè semenn, anyen pa klè sou kesyon deplòtonnáy yon fòs miltinasyonal nan peyi d Ayiti.
Se nan koumansman mwa jiyè 2024 la, kidonk sou 9 mwa depi l te vote a, Konsèy sekirite Nasyon zini yo ta dwe gade ki jan sa te pase, ant mwa oktòb 2023 pou rive mwa jen 2024 la, sou kesyon deplòtonnay fòs miltinasyonal pou kore sekirite nan peyi d Ayiti a. Se sa Òganizasyon Nasyon zini te ekri nan yon kominike, li te soti tousuit apre rezolisyon Konsèy sekirite a anfavè deplòtonnáy fòs miltinasyonal pou kore sekirite nan peyi d Ayiti a. Nan vòt li te fè lendi 2 oktòb 2023 a, Konsèy sekirite Nasyon zini yo te te bay otorizasyon pou fòs miltinasyonal la deplòtonnen pou yon premye peryòd 12 mwa. [ppsf emb rc apr 20/06/2024 15:15]