Español English French Kwéyol

Virewon aktyalite Ayiti : 455 polisye anplis pral batay kont gang ak zam yo, 109 milyon dola lajan peyi Etazini pou òs miltinasyonal la, ansyen chèf gang Germine Joly ta dwe pase tout rès lavi l nan prizon Etazini

Petyonvil (Ayiti), 19 jen 2024 [AlterPresse] --- Apre 12 semenn fòmasyon espesyal san rete, gen 405 polisye (50 fanm ak 405 gason) polisye nasyonal ki vin ogmante kantite polisye nan Kò entèvansyon pou kenbe lòd lan (Cimo), Inite depatman pou kenbe lòd la (Idmo), Inite k ap goumen kont gang ak zam yo (Itag) ak Polis sou fwontyè yo (Polifront). Se madi 18 jen 2024 la 50 fanm ak 405 gason polisye nasyonal sa yo resevwa diplòm yo, nan yon seremoni espesyal ki fèt nan lekòl nasyonal polis lan, sou wout Frè a, Petyonvil.

455 polisye (50 fanm ak 405 gason) polisye nasyonal sa yo pral ride ranfòse batay kont gang ak zam yo sou teritwa Ayiti a. Ekip tranzisyon an pral mete polisye nasyonal yo nan bon jan kondisyon, pou yo ka kwape zak laterè ak lòt zak vyolans gang ak zam yo, yon fason pou tout moun ka rive okipe zafè yo ak mache san kè sote, nenpòt kote, sou teritwa nasyonal la. Se angajman kòdonatè aksyon andedan Konsèy prezidan pou tranzisyon an (Kpt), Edgard Leblanc Fils, ki pwomèt lapolis nasyonal la pral bouske gang yo kèlkilanswa kote yo va kache.

Se pa moman pou nou fè polisye nasyonal yo repwòch. Se pito moman pou nou aji ak ranfòse estrikti lapolis nasyonal la, ki va pèmèt li fè travay li pi byen. Nou dwe konsidere gang ak zam yo tankou move grenn nan sosyete a. Se deklarasyon premye minis Garry Conille, nan seremoni pou remèt diplòm bay 455 (50 fanm ak 405 gason) polisye nasyonal, ki sot pase 12 semenn fòmasyon espesyal san rete nan Lekòl nasyonal polis la pou vin ranfòse inite k ap goumen kont gang ak zam yo.

Anplis disiplin, respekte lalwa ak dwa moun, polisye nasyonal yo dwe pran responsablite fè traváy yo nan lonè ak diyite. Se sa ki va pèmèt nou bay rezilta konsekan. Se rekòmndasyon direktè jeneral pou yon bout tan lapolis nasyonal la, Frantz Elbe, nan seremoni madi 18 jen 2024 la kote yo remèt diplom bay 455 (50 fanm ak 405 gason) polisye nasyonal.

Tout militè lame d Ayiti ki la a ta dwe sou kondisyon D. Ki vle di yo ta dwe mete yo sou brenzeng, pou yo ka al pote kole ak lapolis nasyonal la nan batay kont gang ak zam yo. Dispozisyon sa a ta dwe pèmèt retire tout militè yo te mete nan sekirite yon seri pèsonalite oubyen nan sekirite lòt enstitisyon. Se sa ministè defans mande alatèt lame d Ayiti a. Gen anpil espesyalis ki mande kouman demann ministè defans lan fè soti nan lari.

Germine Joly, ki te bay tèt li non Yonyon, ki se ansyen chèf gang ak zam 400 mawozo Kwadèboukè yo, ta dwe pase tout rès lavi l nan prizon Etazini. Se desizyon lajistis peyi Etazini ta dwe pran, dapre ekzijans pakè tribinal federal ki sou kozman an.

Lajists peyi Etazini akize Germinne Joly kòm moun ki konn blanchi lajan ak fè lòt krim. Douvan yon tribinal peyi Etazini, Germine Joly te rekonèt li koupab, paske li te patisipe nan trafik zam soti nan peyi Etazini pou antre nan peyi d Ayiti. Germine Joly te rekonèt tou li te achte zam sa yo ak lajan kidnaping, tankou kidnaping li te fè sou yon gwoup misyonè naatif natal ameriken nan mwa avril 2021, nan peyi d Ayiti. Se sa jounal ameriken Mimai Herald rapòte.

Sou baz yon desizyon li rele « dispozisyon nikleyè », depatman leta peyi Etazini pral debloke 109 milyon dola ameriken, pou soutni deplòtonnay fòs miltinasyonal pou kore sekirite a nan peyi d Ayiti. « Dispozisyon nikleyè » sa a pral pèmèt gouvènman ameriken an pa konsidere pozisyon palmantè repibliken yo, ki pa t dakò, depi plizyè mwa, bay otorizasyon pou met lajan peyi Etazini nan deplòtonnáy fòs miltinasyonal pou kore sekirite a nan peyi d Ayiti.

Kantite 109 milyon dola ameriken sa a pral sèvi pou achte materyèl ak ekipman pou fòs miltinasyonal pou kore sekirite a, ki pral ride fòs sekirite nan peyi d Ayiti yo kwape gang ak zam yo sou teritwa nasyonal la. Dispozisyon debloke 109 milyon dola ameriken an, se yon siyal nou voye bay lòt peyi ki te pwomèt bourad lajan pou fòs miltiasyonal pou kore sekirite a nan peyi d Ayiti. Se deklaarasyon sekretè leta peyi Etazini a, Anthony Blinken, jounal ameriken Miami Herald rapòte.

Èske fòs miltinasyoal la pral deplòtonnen sou teritwa Ayiti a ? Ki lè sa pral fèt ? Èske p ap geen deplònnáy fòs miltinasyonal ankò sou teritwa Ayiti a ? Depi plizyè semenn, anyen pa klè sou kesyon deplòtonnáy yon fòs miltinasyonal nan peyi d Ayiti. Disi koumansman mwa jiyè 2024 la, Konsèy sekirite Nasyon zini yo ta dwe fè yon evalyasyon sou kesyon deplòtonnáy fòs miltinasyonal pou kore sekirite nan peyi d Ayiti a.

Jisteman, se nan koumansman mwa jiyè 2024 la, kidonk sou 9 mwa depi l te vote a, Konsèy sekirite Nasyon zini yo ta dwe gade ki jan sa pase, ant mwa oktòb 2023 pou rive mwa jen 2024 la, sou kesyon deplòtonnay fòs miltinasyonal pou kore sekirite nan peyi d Ayiti a. Se sa Òganizasyon Nasyon zini te ekri nan yon kominike, li te soti tousuit apre rezolisyon Konsèy sekirite a anfavè deplòtonnáy fòs miltinasyonal pou kore sekirite nan peyi d Ayiti a. Nan vòt li te fè lendi 2 oktòb 2023 a, Konsèy sekirite Nasyon zini yo te te bay otorizasyon pou fòs miltinasyonal la deplòtonnen pou yon premye peryòd 12 mwa.

Lapolis nasyonal d Ayiti a konfime bay AlterPresse ak AlterRadio li gen yon delegasyon polisye nasyonal, ki nan peyi Kenya semenn sa a. Delegasyon polisye nasyonal Ayiti yo ap diskite ak responsab lapolis Kenya yo sou preparasyon k ap fèt pou deplòtonnáy fòs miltinasyonal la sou teren an. Sou kont X li, Sèvis nasyonal lapolis Kenya a rapòte li te chita pale, madi 18 jen 2024 la, ak yon delegasyon lapolis nasyonal Ayiti sou kesyon deplòtonnay fòs miltinasyonal pou kore sekirite a.

Gouvènman tranzisyon an pral mete tout moun an konfyans sou dispozisyon li pral pran, pou kondi peyi d Ayiti sou wout eleksyon, jan manman lwa peyi a prevwa l la. Gade ki jan sitiyasyon an ye, anvan ekip tranzisyon an pote akonpáyman nesesè yo pou koumanse travay sou chimen eleksyon yo. Se te objektif vizit, premye minis Garry Conille fè, madi 18 jen 2024 la, nan biwo Konsèy elektoral pwovizwa a (Kep) nan Petyonvil.

Gen ijans nan sekirite piblik, nan lasante, ledikasyon, kondisyon sosyal ak ekonomi yo, nan diplomasi tou. Ki sa gouvènman tranzisy on an pral fè pou pote asistans báy moun ki nan plis bezwen yo nan peyi a ? Se kesyon pati politik Rasanbleman demokrat nasyonal pwogresis (Rdnp) poze. Nan yon nòt li rann piblik mèkredi 19 jen 2024 la, pati politik Rdnp di li gen tèt li chaje sou kapasite gouvènman tranzisyon an pou fè bon jan eleksyon nan peyi a. [ppsf emb rc apr 19/06/2024 14:20]