Español English French Kwéyol

Virewon aktyalite Ayiti : Endividi ak inifòm lapolis asasinen 4 moun yon menm fanmi nan Dèlma 33, toujou gen lapèrèz ak kè sote nan Tènèv, plis pase 600 mil moun sètoblije kouri deplase kite lakay yo depi 2023

Pòtoprens, 18 jen 2024 [AlterPresse] --- Lannuit dimanch 16 pou antre lendi 17 jen 2024 la, endividi ki te gen inifòm lapolis nasyonal sou yo asasinen 3 frè Raynaldo Pierre, Raynolson Pierre ak Wildoff Pierre, plis yon jèn fanm menm fanmi a Jamesia Marcelin, nan yon kay Dèlma 33. Se temwayáy Radyo Kiskeya rapòte. Lapolis nasyonal poko di anyen sou kò sasináy sou 4 moun yon menm fanmi nan Dèlma 33.

Toujou gen yon santiman lapèrèz, jounen jodi a, lakay moun nan Lagon, twazyèm seksyon kominal Tènèv, depatman Latibonit. Moun yo toujou biskèt. Yo krenn pou bandi ak zam Ti Bwadòm yo ta retounen ankò vin simen laterè nan Lagon.

Lannuit vandredi 14 pou antre samdi 15 jen 2024 la, gang ak zam Ti Bwadòm yo, ki te sou motosiklèt, t al asasinen pou pi piti 11 moun, blese anpil lòt epi boule plizyè kay nan Lagon.

Ki jan sitiyasyon an ye, kèk jou apre masak gang ak zam Ti Bwadòm yo t a fè nan Lagon, twazyèm seksyon kominal Tènèv? Eleman repons avèk ajan ekzekitif enterimè komin Tènèv lan sou AlterPresse ak AlterRadio.

Laterè ak lòt zak vyolams gang ak zam yo, zak brigandáy nètalkole yo, estrès, kè kase sou demen yo ak sou sa yo ka devni, anpil ratman nan sa yo ta dwe genyen kòm moun, pwoblèm sekirite a, se divès eleman ki vin espoze pil ak pakèt moun deplase yo pou yo ta anvi touye tèt yo. Se kout rèl Òganizasyon entènasyonal migrasyon yo (Oim), nan yon rapò 42 paj sou sitiyasyon plizyè milye moun deplase nan zòn metwopoliten Pòtoprens lan.

Rive mwa jen 2024 la soti lane 2023 a, se plis pase 600 mil moun ki sètoblije kite lakay yo, nan zòn metwopoliten Pòtoprens lan, pou al chèche refij lòt kote, akoz laterè ak lòt zak vyolans gang ak zam yo. Kantite moun deplase yo kontinye ogmante pi rèd nan dènye semenn sa yo, sitou depi mwa mas 2024 la. Se yon ranmase Òganizasyon entènasyonal pou migrasyon yo (Oim)

Germine Joly, ki te bay tèt li non Yonyon, ki te anchaje gang ak zam 400 mawozo Kwadèboukè yo, ta dwe pase tout rès lavi l nan prizon Etazini. Se desizyon lajistis peyi Etazini ta dwe pran, dapre sa pakè tribinal federal ki sou kozman an swete. Douvan yon tribinal peyi Etazini, Germine Joly te di li rekonèt li koupab, paske li te patisipe nan trafik zam soti nan peyi Etazini pou antre nan peyi d Ayiti. Germine Joly te rekonèt tou li te achte zam sa yo ak lajan kidnaping, tankou sa l te fè sou yon gwoup misyonè naatif natal ameriken nan mwa avril 2021, nan peyi d Ayiti. Lajists peyi Etazini akize Germinne Joly kòm moun ki konn fè krim ak blanchi lajan. Se sa jounal ameriken Mimai Herald rapòte.

Peyi d Ayiti anfas gwo defi lajan nan administrasyon piblik la. Se pou sa, ekip tranzisyon an dwe gade tout posiblite ak pòtinite k ap pèmèt remete peyi a sou chimen demokrasi ak bon jan devlopman. Sou baz konfyans ak sans responsablite, se pou n ranfòse koperasyon Leta Ayiti ak patnè teknik plis patnè lajan, ki ka fè peyi d Ayiti ka jwenn konkou espè entènasyonal yo. Nou dwe pote repons san pèdi tan nan pakèt ijans sosyal ak ekonomi yo, ki anfas popilasyon an. Se sa n swete jwenn nan travay nouvo minis ekonomi ak finans lan, Ketleen Florestal. Se te deklarasyon premye minis Garry Conille nan seremoni enstalasyon Ketleen Florestal, lendi 17 jen 2024 la.

Ministè ekonomi ak finans pral jwe yon gwo wòl nan ride relanse ekonomi a, pou ankouraje plis traváy retounen, pou kwape lamizè a, ranfóse lasante ni nan kò ni nan lespri tout moun, pote amelyorasyon nan kondisyon lavi poplilasyon an. Pou sa fèt, nou bezwen tèt ansanm nan tout sektè sosyete a, kout men sektè gwo bizins yo, kore ti piti ak biznis mwayen yo, fè bon jan kòdinasyon avèk patnè teknik ak patnè lajan yo. Se repons minis Katleen Florestal, nan seremoni enstalasyon l lendi 17 jen 2024 la.

Depi plizyè semenn, anyen pa klè sou kesyon deplòtonnáy yon fòs miltinasyonal nan peyi d Ayiti. Disi koumansman mwa jiyè 2024 la, Konsèy sekirite Nasyon zini yo ta dwe fè yon evalyasyon sou kesyon deplòtonnáy fòs miltinasyonal pou kore sekirite nan peyi d Ayiti a.

Jisteman, se nan koumansman mwa jiyè 2024 la, kidonk sou 9 mwa depi l te vote a, Konsèy sekirite Nasyon zini yo ta dwe gade ki jan sa pase, ant mwa oktòb 2023 pou rive mwa jen 2024 la, sou kesyon deplòtonnay fòs miltinasyonal pou kore sekirite nan peyi d Ayiti a. Se sa Òganizasyon Nasyon zini te ekri nan yon koiminike, li te soti tousuit apre rezolisyon Konsèy sekirite a anfavè deplòtonnáy fòs miltinasyonal pou kore sekirite nan peyi d Ayiti a.

Nan vòt li te fè lendi 2 oktòb 2023 a, Konsèy sekirite Nasyon zini yo te te bay otorizasyon pou fòs miltinasyonal la deplòtonnen pou yon premye peryòd 12 mwa.

Lapolis nasyonal d Ayiti a konfime pou AlterPresse ak AlterRadio li gen yon delegasyon polisye nasyonal, ki nan peyi Kenya semenn sa a. Delegasyon polisye nasyonal Ayiti yo ap diskite ak responsab lapolis Kenya yo sou preparasyon k ap fèt pou deplòtonnáy fòs miltinasyonal la sou teren an.

Sou kont X li, Sèvis nasyonal lapolis Kenya a rapòte li te chita pale, madi 18 jen 2024 la, ak yon delegasyon lapolis nasyonal Ayiti sou kesyon deplòtonnay fòs miltinasyonal pou kore sekirite a.

Men, jis rive mitan mwa jen 2024 la, anyen pa klè sou kesyon deplòtonnáy fos miltinasyonal pou kore sekirite nan peyi d Ayiti a, malgre pwomès angajman otorite politik peyi Kenya yo ak Òganizasyon Nasyon zini yo. [ppsf emb rc apr 18/06/2024 14:46]