Español English French Kwéyol

Virewon aktyalite Ayiti : Poko gen lòt direktè jeneral lapolis,laterè gang ak zam yo kapab anpeche plizyè milye elèv konpoze, gen 128 timoun ki mouri nan zak vyolans gang ak zam lane 2023 a

Pòtoprens, 17 jen 2024 [AlterPresse] --- Jis rive lendi 17 jen 2024 la, laprès nasyonal ak entènasyonal poko jwenn okenn kopi desizyon ofisyèl, ki lonmen yon lòt direktè jeneral nan plas Frantz Elbe nan tèt lapolis nasyonal la. Men, depi dat vandredi 14 jen 2024 la, Ofis pwoteksyon sitwayèn ak sitwayen yo (Opc) te soti yon nòt, kote l di li salye desizyon Konsèy prezidan pou tranzisyon an (Kpt) pran ansanm ak premye minis Garry Conille pou lonmen Rameau Normil nan tèt lapolis nasyonal la. Ki kote Opc jwenn enfòmasyon sa a ?

Dimanch 16 jen 2024 la, mwen te pran tan pale, koute madanm, manman, papa, zanmi polisye nasyonal Emelin Fermetus, Peterson Clovis ak Wilkens Jean Junior Piton, ki báy lavi yo pou pwoteeje lavi nou. Nan jou k ap vini yo, nou pral pran anpil desizyon pou ranfòse travay lapolis la. Se yon lòt pwomès Garry Conille ekri sou kont X li.

Jisteman, Garry Conille pwomèt pou pote repons leta, sou fòm bon jan akonpáyman, báy fanmi polisye, ki viktim nan ekzèsis travay yo sou teren an. Se sa Garry Conille di fanmi 3 polisye nasyonal, gang ak zam te asasinen dimanch 9 jen 2024 la nan Dèlma 18 lan. Conille te chita pale, dimanch 16 jen 2024 la, ak fanmi 3 polisye nasyonal sa yo. Se sa yon nòt biwo premye minis la fè konnen.

« Sèl sa ki soulaje fanmi an, Emelin Fermetus mouri nan sa li renmen ». Se pawòl youn nan 3 fanmi polisye nasyonal (Emelin Fermetus, Peterson Clovis ak Wilkens Jean Junior Piton), gang ak zam sasinen dimanch 9 jen 2024 la.

Depi nan premye avni Bòlòs, Pòtoprens, pou rive nan komin Gresye, pa twò lwen Leyogán, bandi ak zam kontinye ap pran lajan nan men chofè transpò piblik, k ap travèse wout nasyonal nimewo 2 a. Gen plis pase 8 mil elèv ki pral konpoze nan ekzamen ofisyèl Bakaloreya 2024 la. Gen 12 mil elèv ki pral nan ekzamen 9vyèm ane fondamantal yo. Gen tou 266 etidyan lekòl nòmal enstititè ki dwe al konpoze nan ekzamen ofisyèl yo tou. Tout pil elèv ak etidyan sa yo kapab pa gen posiblite konpoze nan ekzamen ofisyèl 2024 yo, akoz laterè gang ak zam yo. Se kout rèl Inyon paran elèv pwogresis ayisyen yo, nan yon lèt tou louvri li voye báy Konsèy prezidan pou tranzisyon an (Kpt). Inyon paran elèv pwogresis ayisyen yo swete ekip tranzisyon an pran desizyon pou kwape laterè gang ak zam yo, pou pèmèt popilasyon an mennen aktivite l san kè sote, toupatou sou teritwa nasyonal la.

Dimanch 16 jen 2024 la, moun lokalite Timonèt, nan 5kyèm seksyon kominal Sen Mak, depatman Latibonit, met men sou yon endividi, ki bay tèt li non Kòmandan Jilyo. Yo remèt bay lapolis Sen Mak Jilyo, yo akize ki konn vòlò bèt yo, sezi kamyon machandiz ak patisipe nan lòt zak kriminèl, tankou kò sasinay sou moun zòn nan. Gang ak zam Timonèt yo konn abitye simen laterè tou nan plizyè komin depatman Latibonit la, tankou Grann Salin, Lyaankou, Lachapèl, Vèrèt, Sen Mak, dapre enfòmasyon ki vin jwenn AlterPresse ak AlterRadio.

Lapolis nasyonal la fè konnen li deplòtonnen, depi mèkredi 12 jen 2024 la, plizyè inite l anba Dèlma ak nan Tokyo, pou kwape gang ak zam Jimmy Cherizier yo, ki bay tèt li non Babekyou. Se anpil kout bal moun ap tande nan zòn anba Dèlma depi plizyè jou. Lapolis nasyonal poko bay okenn presizyon sou rezilta operasyon sa a anba Dèlma, kote gang ak zam yo bare wout yo ak konntenè, pou anpeche lapolis rive.

Ant mwa janvye pou rive desanm 2023 a, gen 128 timoun ki mouri, 78 lòt ki sibi zak maspináy ak lòt fòm vyolans sou teritwa Ayiti a. Gen anpil nan timoun sa yo ki resevwa bal mawon, nan moman boukantáy kout zam ant lapolis nasyonal la ak gang ak zam yo. Se sa k ekri nan yon rapò, Biwo entegre Nasyon zini nan peyi d Ayiti (Binuh) prezante lendi 3 jen 2024 la douvan Konsèy sekirite Òganizasyon Nasyon zini yo.

Pandan lane 2023 a, toujou dapre rapò Binuh an, gang ak zam Gran Ravin yo, anlè Matisan, asasinen 35 timoun. Gang ak zam Belekou yo, nan Site Solèy, asasinen 18 timoun. Gang ak zam 400 mawozo yo nan Kwadèboukè asasinen 12 timoun. Gang ak zam Boston yo, nan Site Solèy, touye 11 timoun. Gang ak zam Kanayan yo touye 9 timoun. Gang ak zam G9 an fanmi ak alye yo asasinen 7 timoun. Gang ak zam Gpèp yo, nan Site Solèy, touye yomenm 6 timoun, ant janvye pou rive desanm 2023 a.

Gang ak zam yo sèvi ak timoun pou fè atak sou lapolis nasyonal la. Gen 41 ti fi ki sibi kadejak anba men gang ak zam Gran grif Savyen ak Kokorat san ras yo, depatman Latibonit, gang 5 segonn Vilaj dedye yo/Pòtoprens, gang Kanayan yo, pa twò lwen Bon Repo (sou wout nasyonal nimewo 1 an), anba men tou gang ak zam Kraze Baryè nan Tòsèl, gang ak zam 400 mawozo Kwadèboukè, gang ak zam Belè/Pòtoprens, gang ak zam Gran Ravin ak Ti Bwa (anlè Matisan), gang ak zam Gpèp nan Site Solèy. Anpil nan zak kadejak yo fèt sou youn oubyen plizyè ti fi an menm tan, dapre rapò Binuh an.

Sou 37 atak gang ak zam yo fè sou lekòl, yo te kidnape plis pase 30 ti fi ak 30 ti gason pandan lane 2023 a, sou teritwa nasyonal la. Se apre gwo kout lajan gang ak za yo te rive lage pi fò nan timoun sa yo. Se sa rapò biwo entegre Nasyon zini nan peyi d Ayiti a rapòte.

Gen anpil fanm ak gason nan peyi d Ayiti k ap soufri anpil nan lespri yo, akoz laterè gang ak zam yo. Pami pil ak pakèt moun ki sètoblije kouri kite lakay yo, akoz vyolans gang ak zam yo, gen nan yo ki ta anvizaje touye tèt yo. Travayèz ak travayè imanitè yo di yo pa gen ase mwayen pou soulaje soufrans moun sa yo, ki anba gwo lapèrèz, kè sote ak estrès. Otorite yo ta dwe met sou pye yon estrateji nasyonal pou fè prevansyon, sitou sou lasante lespri moun yo, ranfòse resous moun andedan òganizasyon imanitè yo epi aji prese prese nan pote repons ki ka bay rezilta. Se rekòmandasyon Biwo kòdinasyon zafè imanitè nasyon zini yo (Ocha) nan yon rapò, li rann piblik lendi 17 jen 2024 la.

Ta dwe gen dispozisyon rapid rapid pou fè fòs miltinasyonal pou kore sekirite a deplòtonnen, pou vin ride lapolis nasyonal d Ayiti a fè fas kare ak gang ak zam yo. Se yon lòt kout rèl ankò Biwo entegre Nasyon zini nan peyi d Ayiti a (Binuh). [ppsf emb rc apr 17/06/2024 15:16]