Tènèv (Ayiti), 16 jen 2024 [AlterPresse] --- Lannuit vandredi 14 pou antre samdi 15 jen 2024 la, gang ak zam Ti Bwadòm yo asasinen pou pi piti 11 moun, pami yo yon direktè lekòl, blese anpil lòt ak boule plizyè kay, nan Lagon, ki se twazyèm seksyon kominal Tènèv, depatman Latibonit. Gang ak zam yo te ale sou motosiklèt al simen laterè nan Lagon
Masak sa a fèt nan moman popilasyon an t ap eseye anpeche gang ak zam Ti Bwadòm yo fè va sou Lagon. Se sèlman 2 polisye nasyonal, ki genyen nan komin Tènèv. Ajan ekzekitif lakomin Tènèv la rakonte sou AlterPresse ak AlterRadio dram yo viv nan Lagon, lannuit vandredi 14 pou antre samdi 15 jen 2024 la.
Lapolis nasyonal la fè konnen li deplòtonnen, depi mèkredi 12 jen 2024 la, plizyè inite l anba Dèlma ak nan Tokyo, pou kwape gang ak zam Jimmy Cherizier yo, ki bay tèt li non Babekyou. Se anpil kout bal moun ap tande nan zòn anba Dèlma. Lapolis nasyonal poko bay okenn detáy sou rezilta operasyon sa a anba Dèlma, kote gang ak zam yo bare wout yo ak konntenè, pou anpeche lapolis rive.
Gouvènman tranzisyon an pran angajman pou bay fòs lòd yo akonpáyman nesesè yo. Se mesaj sou rezo sosyal yo premye minis Garry Conille, ki t al vizite lopital, samdi 15 jen 2024 la, ansanm ak minis jistis la Carlos Hercule, polisye nasyonal Luckson Sanon, 19vyèm pwomosyon, ki te blese nan yon atak bandi ak zam, sa gen 2 semenn, sou wout Frè a, Petyonvil.
Ant lane 2015 pou rive mwa jen 2024 la, se plis pase 300 polisye nasyonal, fanm ak gason, ki mouri sasinen anba bal. Gen 120 polisye ki mouri anba bal nan peryòd Frantz Elbe dirije lapolis nasyonal la, ant novanm 2021 pou rive jen 2024. Se plis pase 68 atak gang ak zam fè kont lapolis la sou teritwa nasyonal la, ant lane 2021 pou rive lane 2024 la. Se yon ranmase Rezo nasyonal k ap defann dwa moun yo (Rnddh), okazyon 29 lane ekzistans lapolis nasyonal la 12 jen 1995 – 12 jen 2024.
Vandredi 14 jen 2024 la, Konsèy prezidan pou tranzisyon an (Kpt), ansanm ak premye minis Garry Conille, ta chwazi Rameau Normil kòm nouvo direktè jeneral lapolis nasyonal la, dapre Ofis pwoteksyon sitwayen (Opc).
Rameau Normil te deja okipe pòs direktè jeneral lapolis nasyonal la pandan 15 mwa, ant mwa dawout 2019 pou rive dat 13 novanm 2020. Ant lane 2012 pou rive lane 2018, li te responsab Direksyon santral lapolis k ap traváy pou lajistis la (Dcpj)
Se te nan mwa dawout 2019 Rameau Normil te ranplase Michel Ange Gédéon, ki te gen manda 3 lane li a bout. Leon Charles te lonmen nan dat 13 novanm 2020 nan plas Rameau Normil. Nan mwa novanm 2021, Frantz Elbe te ranplase Leon Charles nan tèt lapolis nasyonal la, yon pòs Frantz Elbe resevwa anpil kritik pou tan l pase a (31 mwa), novanm 2021 rive mwa jen 2024 la, kote lapolis la parèt bat bak kont gang ak zam yo ki vin gen kontwòl divès kote sou teritwa nasyonal la
Nouvo kòmandan lapolis nasyonal la, Rameau Normil, dwe tabli yon plan sekirite konsekan, foure je l gade konpòtman polisye nasyonal yo, si yo pa nan sa k pa sa, sa yo rele vetting nan langaj teknik la, rann lapolis nasyonal d Ayiti a pi pwofesyonèl nan misyon pwoteje ak sèvi popilasyon an. Se rekòmandasyon Ofis pwoteksyon sitwayèn ak sitwayen yo (Opc), ki bat bravo dèske Rameau Normil retounen nan tèt lapolis nasyonal d Ayiti a.
Konsèy siperyè lapolis nasyonal la (Cspn) dwe mande tout pakè tribinal sivil yo bay esplikasyon sou pakèt kò sasináy, tankou sou jounalis Okay la Garry Tess yo jwenn mouri nan dat 24 oktòb 2022 Okáy/depatman Sid, ak zak maspináy, tankou sou jounalis Jean Marc Jean ki te resevwa nan je l yon kout bonbòn gaz lakimojèn lapolis, nan dat 8 fevriye 2024 sou Dèlma a. Otorite yo dwe bay esplikasyon tou sou plis pase 4 mil 500 prizonye, ki rive sove nan penitansye nasyonal Pòtoprens lan ak prizon sivil Kwadèboukè a, san ministè lajistis ak lapolis nasyonal Frantz Elbe a pa t rive fè anyen pou anpeche sa. Se ekzijans Ofis pwoteksyon sitwayèn ak sitwayen yo (Opc)
Vandredi 14 jen 2024 la, lapolis nasyonal la arete nan aryopò entènasyonal Pòtoprens lan Ludy Joseph, ki te sove nan penitansye nasyonal samdi 2 mas 2024 la. Ludy Joseph t ap pare l pou pran avyon ale nan peyi Etazini. Se sa lapolis nasyonal la fè konnen.
Apati mwa jen 2024 la, Inite lit kont koripsyon (Ulcc) kapab jwenn tras tout sila, ki ta fè wout kwochi ak lajan leta Ayiti, al sere l nan peyi etranje. Sa rive posib paske Inite lit kont koripsyon nan peyi d Ayiti a antre nan rezo entènasyonal, ki rele Glòb lan. Rezo Glòb lan rasanble 206 otorite divès peyi ki espesyalis nan bouske tout sila ki nan sa pa sa ak goumen kont koripsyon sou latè. Se Òganizasyon Nasyon zini ki te met kanpe rezo Glòb lan, pou batay kont trafik dwòg ak lòt move zafè, nan boukante enfòmasyon rapid rapid sou tout kalte move trafik lajan ak byen, moun genyen nan move zafè. Se sa Inite lit kont koripsyon peyi d Ayiti a fè konnen nan yon nòt
Jan lalwa mande sa, depi yo fin pran pòs minis yo, tout manm nouvo gouvènman tranzisyon 12 jen 2024 la dwe al di, nan Inite lit kont koripsyon (Ulcc), tout sa yo posede, sa yo rele nan langaj teknik deklarasyon patrimwán nan. Premye mins Garry Conille dwe mande tout minis yo byen jere lajan ak byen leta yo, epi fè transparans nan tout depans yo va fè nan ministè yo. Estrikti/òganis leta, ki pa dirèk dirèk sou lobedyans gouvènman an, dwe sispann tounen byen minis, kote y ap resevwa gwo kantite lajan leta a. Gouvènman tranzisyon 12 jen 2024 l dwe fè suivi konsekan sou rapò Inite lit kont koripsyon bay sou moun ak enstitisyon, k ap fè wout kwochi ak lajan ak byen leta yo. Se rekòmandasyon sou AlterPresse ak AlterRadio rasanbleman òganizasyon ki rele Ansanm kont koripsyon, apre Garry Conille di li pran angajman ekip tranzisyon an va gen konpòtman zewo tolerans sou koripsyon nan administrasyon piblik la.
Ankouraje jèn yo, fanm kou gason, pran konsyans sou boulvès ki genyen nan anviwónman an. Pèmèt yo idantifye tout sa ki lakoz boulvès sa yo. Ba yo zouti pou yo fè fas kare ak katastwòf natirèl yo. Tanmen bon jan aksyon pou fè anviwónman an pi bon, kote moun ka viv nan bon kondisyon. Se objektif Incas Pwodiksyon, nan tèt kole ak Federasyon pwotestan d Ayiti yo, ap rapousuiv nan yon kanpáy sansiblizasyon y al fè nan lekòl zòn Sid yo. Se sa jounalis Nancy Roc, alatèt Incas Pwodiksyon, fè AlterPresse ak AlterRadio konnen. ppsf emb rc apr 16/06/2024 12:28]