Español English French Kwéyol

Ayiti bezwen pou dirijan tranzisyon an souke kò yo

Gotson Pierre

Pòtoprens, 16 jen 2024 [AlterPresse] --- Ayiti gen kounye a yon prezidans ki byen etabli. Gen yon gouvènman ki enstale ak premye minis li nan tèt li. Kisa ki nesesè ankò ?

Ebyen gen anpil bagay Ayiti bezwen ankò. Li bezwen yon politik ki byen chita pou kapab pote repons sou gwo pwoblèm Akò 3 avril la déjà idantifye. Sekirite piblik, sekirite alimantè, sekirite nan la sante, redresman ekonomi, koferans nasyonal, jistis, eleksyon, antwòt.



Kisa l bezwen ankò ? Li bezwen mwayen, onète, konpetans epi sitou volonte politik pou fè travay k ap pote rezilta ki kadre ak atant popilasyon an.

Ayiti pa ka tann. Li bezwen pou dirijan yo koumanse pran inisyativ, piti kou li ye, ki bay diskou yo sans. [gp apr 16/06/2024 15:00]



Suivez la chaîne AlterPresse/AlterRadio sur WhatsApp - CLIQUEZ ICI