Español English French Kwéyol

Virewon aktyalite Ayiti : Plan ekip tranzisyon an anka siklòn, sansiblizasyon elèv lekòl nan Sid sou boulvès nan anviwónman an

Pòtoprens, 14 jen 2024 [AlterPresse] --- Ki plan batáy, ki estrateji? Ki sa k nesesè pou sistèm jesyon danje ak dezas yo? Ki dispozisyon ekip tranzisyon an dwe pran pou pare, sizoka ta gen siklòn ant mwa jen pou rive 30 novanm 2024 la? Se te tèm diskisyon, jedi 13 jen 2024 la, ant Konsèy prezidan pou tranzisyon an (Kpt) ak premye minis Garry Conille, ki an menm tan anchaje ministè enteryè ak kolektivite teritoryal yo.

Ankouraje jèn yo, fanm kou gason, pran konsyans sou boulvès ki genyen nan anviwónman an. Pèmèt yo idantifye tout sa ki lakoz boulvès sa yo. Ba yo zouti pou yo fè fas kare ak katastwòf natirèl yo. Tanmen bon jan aksyon pou fè anviwónman an pi bon, kote moun ka viv nan bon kondisyon. Se objektif Incas Pwodiksyon, nan tèt kole ak Federasyon pwotestan d Ayiti yo, ap rapousuiv nan yon kanpáy sansiblizasyon y al fè nan lekòl zòn Sid yo. Se sa jounalis Nancy Roc, alatèt Incas Pwodiksyon, fè AlterPresse ak AlterRadio konnen.

Ranfòse dispozisyon lalwa ak enstitisyon ki ka pote repons nan pwoblèm anviwónman an. Nou dwe derefize viv nan pil fatra yo. Nou dwe anpeche divès vil nan peyi a kontinye sibi pakèt presyon, ki tounen menas pou fè yo disparèt. Se pou sa nou dwe aji ak bay sèvis nesesè yo. Se deklarasyon nouvo minis anviwónman an, nan moman enstalasyon l jedi 13 jen 2024 la.

Toujou gen yon ti ponyen moun andedan ministè anviwónman an, ki konn nan konfyolo ak ekip pwojè yo pou fè wout kwochi ak lajan disponib, ki ta dwe pote solisyon nan pwoblèm anviwónman yo. Gen anpil pwojè moun ki anchaje ministè anviwónnman an pa konn gen kontwòl sou yo. Moun ki anchaje ministè anviwónnman dwe met zouti ak pran dispozisyon pou anpeche sa k pa sa. Dwe gen bon jesyon ki fèt sou katastròf natirèl yo. Dwe gen dispozisyon konsekan pou pwoteje resous ki nan Pak nasyonal Lavizit (depatman Sidès), Forè dèpen (depatman Lwès), Makaya (depatman Sid) ak lòt espas pwoteje sou teritwa nasyonal la. Fè dekrè 26 janvye 2006 la ateri tout bon nan sa ki arevwa ak resous natirèl yo ak pwoteksyon anviwónman an.Yo dwe ranfòse relasyon patnè avèk kominote yo, lòt ministè ak òganizasyon entènasyonal yo. Se kèk pinga yon ventèn òganizasyon, k ap feraye nan anviwónman peyi d Ayiti a, voye bay nouvo minis anviwóman an.

Nou pa dwe fè kopye/kole sa k ap pase nan lòt peyi pou fè yo antre nan lakilti peyi d Ayiti a. Lakilti peyi a ka ride nou soti nan pas nou ye a. Lakiltii peyi a, se yon zouti estrateji nan demach pou jwenn inite, solidarite ak tèt ansanm nesesè nan peyi d Ayiti. Li lè li tan pou n al gade nan lakou yo ki sa k fè vrèman valè peyi a. Fòk nou kase chimen ki pouse yon seri moun al boule lekòl, al boule fakilte ak lekòl siperyè, al boule bibliyotèk. Se sikontans moman an ki fè m alafwa minis ledikasyon nasyonal ak minis lakilti ak kominikasyon. Se dizon Antoine Augustin, ki anchaje ministè ledikasyon nasyonal ansanm ak ministè lakiti ak kominikasyon.

Tout ekip gouvènman tranzisyon an dwe al di, nan Inite lit kont koripsyon (Ulcc), tout sa yo posede. Yo ta dwe met ansanm tout enstitisyon leta k ap goumen kont koripsyon, kont sa k pa sa nan administrasyon piblik la, yon fason pou ka fè odit sou fòm prevansyon. Dwe gen transparans nan fason enstisyon leta yo ap fè kontra ak biznis yo. Anplwaye leta yo ta dwe denonse sa k p ap mache nan administrasyon piblik la. Yo dwe fè odit tout estrikti ak òganis leta ki pa dirèk dirèk sou lobedyans gouvènman an. Yo dwe batay kont enpinite. Se konsiderasyon rasanbleman sitwayèn ak sitwayen ki rele Nou p ap dòmi.

Jan lalwa mande sa, depi yo fin pran pòs minis yo, tout manm nouvo gouvènman tranzisyon 12 jen 2024 la dwe al di, nan Inite lit kont koripsyon (Ulcc), tout sa yo posede, sa yo rele nan langaj teknik deklarasyon patrimwán nan. Premye mins Garry Conille dwe mnde tout minis byen jere lajan ak byen leta yo, epi fè transparans nan tout depans yo va fè nan ministè yo. Estrikti/òganis leta, ki pa dirèk dirèk sou lobedyans gouvènman an, dwe sispann tounen byen minis, kote y ap resevwa gwo kantite lajan leta a. Gouvènman tranzisyon 12 jen 2024 l dwe fè suivi konsekan sou rapò Inite lit kont koripsyon bay sou moun ak enstitisyon, k ap fè wout kwochi ak lajan ak byen leta yo. Se rekòmandasyon sou AlterPresse ak AlterRadio rasanbleman òganizasyon ki rele Ansanm kont koripsyon, apre Garry Conille di li pran angajman pou ekip tranzisyon an goumen kont koripsyon nan adminsitrasyon piblik la.

Ekip tranzisyon an dwe travay pou rekanpe enstitisyon demokrasi yo ak òganize eleksyon. Se yon etap ki dwe mache ak dispozisyon sekirite san pèdi tan. Leta manm Nasyon zini yo ta dwe bay kout men pa yo pou soutni deplòtonnáy fòs miltinasyonal pou kore sekirite a nan peyi d Ayiti. Se pozisyon sekretè jeneral Òganizasyon Nasyon zini yo, Antonio Guterres, apre enstalasyon gouvènman traanzisyon an nan peyi d Ayiti. Se sa pòtvwa Guterres yo rapòte nan yon kozman ak laprès jedi 3 jen 2024 la.

Se ta petèt nan 2 semenn, kidonk disi finisman mwa jen 2024 la, polisye peyi Kenya yo ta kapab vin deplòtonnen sou teritwa Ayiti a. Se yon lòt pwomès ankò prezidan peyi Kenya a, William Ruto, detan l t ap patisipe nan yon sèvis lapriyè, dimanch 9 jen 2024 la. Se sa medya peyi Kenya te rapòte.

Lendi 27 me 2024 la, William Ruto te deja pwomèt se ta nan 3 semenn polisye Kenya yo ta ka vin deplòtonnen sou teritwa Ayiti a. Se sa l te di nan yon entèvyou li te báy medyan angle British broadcasting corporation (BBC), ki tabli nan vil Lonn, kapital peyi Angletè, depi dat 18 oktòb 1922. [ppsf emb rc apr 14/06/2024 15:07]