Pòtoprens, 13 jen 2024 [AlterPresse] --- Jan lalwa mande sa, depi yo fin pran pòs minis yo, tout manm nouvo gouvènman tranzisyon 12 jen 2024 la dwe al di, nan Inite lit kont koripsyon (Ulcc), tout sa yo posede, sa yo rele deklarasyon patrimwán nan langaj teknik la. Premye mins Garry Conille dwe mande tout minis yo byen jere lajan ak byen leta yo, epi fè transparans nan tout depans, yo va fè nan ministè yo. Estrikti/òganis leta, ki pa dirèk dirèk sou lobedyans gouvènman an, dwe sispann tounen byen minis, kote y ap resevwa gwo kantite lajan leta a. Gouvènman tranzisyon 12 jen 2024 l dwe fè suivi konsekan sou rapò Inite lit kont koripsyon bay sou moun ak enstitisyon, k ap fè wout kwochi ak lajan ak byen leta yo. Se rekòmandasyon sou AlterPresse ak AlterRadio rasanbleman òganizasyon ki rele Ansanm kont koripsyon, apre Garry Conille di li pran angajman pou ekip tranzisyon an goumen kont koripsyon nan adminsitrasyon piblik la.
Mèkredi 12 jen 2024 la, okazyon 29 lane depi lapolis nasyonal la ekziste, anpil polisye nasyonal te manifeste nan lari zòn metwopoliten Pòtoprens lan, pou ekzije bon jan pase men nan tèt lapolis nasyonal d Ayiti a.
Sekirite piblik la, se pi gwo priyorite gouvènman tranzisyon an. Nou pran angajman pou pote amelyorasyon nan kondisyon travay polisye nasyonal yo, epi ba yo zouti ki va pèmèt yo bay rezilta nan travay yo sou teren an. Si pa gen sekirite, peyi a p ap fè okenn pwogrè. Nou wete chapo n douvan kouráy polisye nasyonal yo, k ap traváy pou pwoteje ak bay popilasyon an sekirite. Se mesáy premye minis Garry Conille, okazyon 29 lane (12 jen 1995- 12 jen 2024) depi lapolis nasyonal la ekziste.
Lapèrèz la dwe sispann pote nuizans nan mitan popilasyon an, pou l ale nan kan gang ak zam yo. Se deklarasyon premye minis Garry Conille nan seremoni enstalasyon nouvo minis lajistis ak sekirite piblik la, mèt avoka Carlos Hercule.
Fè fas kare ak laterè gang ak zam yo. Ranfòse sistèm lajistis la. Fè lajistis la mache tankou yon sèvis piblik tout bon vre. Pote amelyorasyon nan kondisyon traváy majistra-jij yo. Se pwomès dizpozisyon Carlos Hercule fè, detan l rekonèt moman an difisil anpil anpil.
Nan tèt kole ak wo etamajò lame a, nou pral fè lòt jenn gason ak lòt jenn fanm vini nan konkou pou antre nan fòs lame d Ayiti a. Nou pral met kanpe lòt espas antrenman ak fòmasyon militè sou teritwa a. Nou pral pase men nan akademi militè nasyonal la. Nou pral mete yon estrikti lasante ki va pèmèt militè yo vin gen asirans lasante. Pou sa fèt, leta dwe bay bourad teknik ak bourad lajan nesesè yo. Se pawòl nouvo minis defans tranzisyon an Jean Marc Berthier Antoine.
Chita pale ak anplwaye ministè ledikasyon nasyonal yo. Chita pale tou ak sendika pwofesè yo, ak asosyasyon direksyon lekòl yo, ak tout lòt òganis ki depann de ministè ledikasyon an, ak tout patnè teknik ak patnè lajan yo. Jwenn mwayen pou korije tout sa ki merite koreksyon yo. Antre al foure je gade nan gwo chantye yo, kou wè sa yo rele pwogram kou yo, yon sèl grenn liv nan lang Kreyòl la. Fè evalyasyon sou 4 nouvo kou andedan pwogram fondamantal yo. Mwen pa pwomèt mirak. Men, mwen pwomèt mete tout esperyans mwen nan sèvis ministè ledikasyon nasyonal, nan tan m pral pase nan tèt li a. Se deklarasyon Antoine Augustin, ki se nouvo minis lediksyon nasyonal la.
Dimanch 9 jen 2024 la, gadkòt gwoup zile Bahamas yo arete sou lanmè 66 migran natif natal Ayiti, ki t ap eseye antre san papye sou teritwa gwoup zile Bahamas yo. Migran natif natal Ayiti yo te nan yon bato, ki te deja kite bò kòt zil Tik ak Kayikòs yo. Se sa jounal ameriken Mimai Herald rapòte.
Nou pa ka tann ankò pou traváy ak nouvo gouvènman tranzisyon 12 jen 2024 la. Yon gouvènman k ap pran responsablite l kòmsadwa, k ap koute demann popilasyon an, se kle pou fè pèp ayisyen an soti nan sitiyasyon l ye a. Enstalasyon nouvo gouvènman an, se yon etap enpòtan sou chimen sekirite, eleksyon ak pouf è tout moun ladan. Se pozisyon anbasad Etazini nan peyi d Ayiti.
Biwo entegre Nasyon zini nan peyi d Ayiti (Binuh) fè konnen yo pral traváy san pran souf ak nouvo gouvènman tranzisyon an.
Gouvènman Kanada a deklare li bò kote pèp ayisyen an, nan moman kote peyi d Ayiti ap pare l pou resevwa fòs miltinasyonal pou kore sekirite a.
Nou espere enstalasyon nouvo gouvènman tranzisyon an va louvri chimen kè poze, san brigandáy, ak sekirite pou pèp ayisyen an, ki anba gwo soufrans. Se konsiderasyon gouvènman Angletè a, ki pwomèt l ap kenbe angajman l te deja pran, pou bay 5 milyon ewo (plis pase 5 milyon dola ameriken) pou ride deplòtonnáy fòs miltinasyonal pou kore sekirite a nan peyi d Ayiti.
Se yon gwo ratman lè, jiska prezan, yo poko janm fè soti nan jounal ofisyèl peyi d Ayiti a sa k ekri nan akò 3 avril 2024 la. Sektè politik, ki te met kanpe Konsèy prezidan pou tranzisyon an (Kpt), pa reyini ankò depi enstalasyon ofisyèl Kpt a, nan dat 25 avril 2024 la. Gen nesesite pou sektè sa yo kontinye chita pale, pou fè peryòd tranzisyon an pote bon jan rezilta. Se konsiderasyon sou AlterPresse ak AlterRadio pati politik IniAyiti, ki andedan rasanbleman pati politik ki gen delege andedan Kpt a. [ppsf emb rc apr 13/06/2024 14:49]