Dèlma (Ayiti), 12 jen 2024 [AlterPresse] --- Yon lot apremidi laterè – Plizyè moun mouri ak blese anba bal ankò. Gang ak zam, ki báy tèt yo non Viv ansanm, simen kout zam sou moun Dèlma 24, madi apremidi 11 jen 2024 la. Anvan zatrap la, te gen yon blende lapolis ki te nan zòn nan, dapre temwayáy ki vin jwenn AlterPresse ak AlterRadio
Sitiyasyon latwoubláy sa a, avèk kout bal gang ak zam yo ki kontinye pete yo, lakoz aktivite transpò piblik yo te paralize, mèkredi 12 jen 2024 la, nan zòn nan ak alantou, tankou sou Nazon, nan avni Poupla ak nan katye Kris Wa, Pòtoprens. Anpil anpil moun, ki rete nan katye sa yo, sètoblije ret lakay yo, evite pran lari, pou yo pa viktim anba bal mawon
.
Mèkredi maten 12 jen 2024 la, moun pantan sou kadav yon moun ki t ap benyen nan san l, nan zòn Dèlma 75, pa twò lwen komin Petyonvil. Lannuit madi 11 pou antre mèekredi 12 jen 2024 la, anpil kout bal t ap pete nan plizyè katye zòn metwopoliten Pòtoprens lan.
Konsèy prezidan pou tranzisyon an fè enstalasyon ofisyèl, mèkredi 12 jen 2024 la, nan Vila akèy, Petyonvil, 14 minis nouvo gouvènman tranzisyon an nan peyi d Ayiti. Chak minis yo resevwwa yon kopi desisyon ofisyèl, ki lonmen yo kòm minis. Seremoni an te fèt douvan ansyen manm gouvènman defakto Ariel Henry an, douvan plizyè fonksyonè administrasyon piblik la, dirijan plizyè pati politik ak anbasadè reprezantan kominote entènasyonal la.
Defini yon estrateji nasyonal sekirite pou pwoteje popilasyon an. Tabli sekirite sou teritwa a. Fè lespwa retounen nan peyi a. Relanse aktivite ekonomi ak sosyal yo. Louvri wout pou eleksyon fèt nan peyi a. Suiv sa k ekri nan akò 3 avril 2024 la ki trase wout tranzisyon an. Prepare konferans nasyonal la. Ranfòse ensstitisyon k ap goumen kont koripsyon yo. Nou gen misyon pou báy rezilta, nan travay tèt ansanm pou leve tout defi k ap tann nou yo. Se sa ki va pèmèt nou fè bon jan pase men nan enstitisyon yo, tankou nan lapolis ak lame ki la a. Se rekòmandasyon Kòdonatè aksyon nan Konsèy prezidan pou tranzisyon an (Kpt), Edgard Leblanc Fils, nan seremoni enstalasyon gouvènnman tranzisyon an.
Sekirite anvan tout bagay. Se premye demach gouvènman tranzisyon an, ki pral pran tout dispozisyon pou bay lapolis la ak lame ki la a mwayen konsekan, pou kwape laterè ak lòt kalte vyolans gang ak zam yo. Enstisyon leta yo dwe ranfòse tout bon. Chak sitwayèn ak sitwayen dwe jwenn kòmsadwa sèvis leta ki pi enpòtan yo. Nou dwe fè popilasyon an reprann konfyans, nan fè odit tanzantan pou garanti chak goud, ki pral depanse yo, va fèt nan bon kondisyon, nan benefis popilasyon an. Nou dwe aji ak transparans, detan n pral goumen kont koripsyon. Batay kont koripsyon an, se pral yon priyorite nan aksyon gouvènman tranzisyon an. Se pwomès Garry Conille nan seremoni enstalasyon gouvènman trazisyon an, mèkredi 12 jen 2024 la.
Madi 11 jen 2024 la, ajan ladwann Okap, depatman Nò peyi d Ayiiti, dekouvri epi sezi 10 chajè kalib 9 milimèt ak 157 katouch zam plizyè kalib, ki te kache nan yon konntenè ki soti nan peyi Etazini. Se sa administrasyon jeneral ladwann yo fè konnen sou kont X li.
Lendi 29 avril 2024 la, nan tèminal Katye Moren, ki pot non Okap 2, nan depatman Nò a, lapolis nasyonal la te arete Jacques Joseph pou trafik zam. Jacques Joseph te dwe resevwa yon konntenè nan non Wilkin Etienne. Nan yon dwoum ki te nan konntenè sa a, lapolis nasyonal la te dekouvri 2 pistolè 9 milimèt, 2 chajè ak 13 katouch, ki te soti nan peyi Etazini.
12 jen 1995 – 12 jen 2024, sa fè 24 lane depi lapolis nasyonal la ekziste. Okazyon 29 lane sa a, lapolis nasyonal d Ayiti a dwe leve gwo defi fè fas kare ak gang ak zam yo, k ap simen laterè ak lòt zak vyolans divès kote sou teritwa nasyonal la, sitou nan zòn metwopoliten Pòtoprens lan.
Akòz kò sasináy, dimanch 9 jen 2024 la, nan Dèlma 18, sou 3 polisye ki te andedan Inite pou yon bout tan k ap goumen kont gang ak zam yo (Itag), alatèt lapolis nasyonal d Ayiti yo deside pa òganize aktivite, yo te prevwa pou 29 lane lapolis la. Yo pito ap reflechi epi sonje polisye nasyonal yo, nan wete chapo douvan memwa polisye ki tonbe nan kad travay yo sou teren an, dapre lapolis.
Doktè Henry Robert Sterlin, ki mouri lakay li Dèlma dimanch 9 jen 2024 la, se te yon pwofesè ki te fòme plizyè jerasyon etidyant ak etidayan nan Inivèsite leta d Ayiti a, espesyalman nan Enstiti nasyonal administrasyon, jesyon ak gwo etid entènasyonal yo (Inaghei). Se konsa, ak anpil doulè ak lapenn, rektora Inivésite leta d Ayiti a di l aprann nouvèl lanmò pwofesè Henry Robert Sterlin.
Nou dwe kontinye chita pale, chèche jwenn tèt ansanm, pou dirije peyi d Ayiti a. Se nan chita pale sa yo nou pral rive met kanpe Konsèy elektoral pwovizwa a, pou òganize eleksyon, ki dwe make listwa nan fè peyi a pran yon lòt chimen. Akote chantye sekirite ak chantye politik yo, nou dwe relanse ekonomi a, ranfòse sistèm lasante a ak ledikasyon. Men sitou, fòk nou goumen kont grangou sou tout teritwa a. Se ansanm pou nou mennen batay pou chanje lavi popilasyon an. Nou pral traváy pou fè limyè retounen nan peyi a. Se kèk pami lòt angajman Garry Conille pran, nan enstalasyon gouvènman tranzisyon an, mèkredi 12 jen 2024 la.
Pwoblèm sekirite nan peyi d Ayiti a, bourad peyi Etazini ap báy fòs miltinasyonal pou kore sekirite nan peyi d Ayiti a, ki jan pou ranfòse koperasyon ant peyi d Ayiti ak peyi Etazini : se te plizyè sijè diskisyon, madi 11 jen 2024 la, ant premye minis Garry Conille ak anbasadè ameriken nan peyi d Ayiti a, Dennis Bruce Hankins. Se sa anbasad ameriken nan peyi d Ayiti ekri sou kont X li. [ppsf emb rc apr 12/06/2024 14:22]