Pòtoprens, 11 jen 2024 [AlterPresse] --- Gouvènman tranzisyon an kanpe. Gen 14 minis, pami yo 4 fanm ki pral anchaje 18 ministè pandan peryòd tranzisyon an, pou rive nan dat 7 fevriye 2026, lè pral gen yon ekip ki va soti nan eleksyon 2025 yo. 2 pami 4 fanm yo ap okipe, yo chak, 2 ministè : ekonomi ak finans planifikasyon ak koperasyon ak lòt bò dlo yon bò, ministè zafè etrannje ak ministè natif natal Ayiti aletranje yo yon lòt bò. Se desizyon Konsèy prezidan pou tranzisyon an ansanm ak premye minis Garry Conille, ki soti nan jounal ofisyèl « Le Moniteur », nan dat madi 11 jen 2024 la.
Men non fanm ak gason, ki anchaje gouvènman tranzisyon an, apati madi 11 jen 2024 la pou rive nan dat samdi 7 fevriye 2026. Premye minis Garry Conille, ki anchaje tou ministè enteryè ak kolektivite teritoryal. Mèt avoka Carlos Hercule se minis lajistis ak sekirite piblik. Dominique Dupuy, fanm ki te reprezante peyi d Ayiti nan Òganizasyon Nasyon zini, pou lediksyon, lasyans ak lakilti (Inesko), ap okipe minnistè afè etranje ak ministè natif natal Ayiti ki aletranje yo. Sitwayèn Ketleen Florestal anchaje ministè ekonomi ak finans, plis ministè planifikasyon ak koperasyon ak lòt bò dlo. Vernet Joseph anchaje ministè lagrikilti, resous natirèl ak devlopman riral. Sitwayen Raphaël Hosty anchaje ministè travo piblik, transpò ak kominikasyon. James Monazard ap okipe limenm ministè komès ak endistri, plis ministè touris. Moïse Jean-Pierre Fils anchaje ministè anviwónman. Pwofesè Antoine Augustin anchaje ministè ledikasyon nasyonal ak fòmasyon pwofesyonèol, plis ministè lakilti ak kominikasyon. Georges Wilbert Franck anchaje ministè afè sosyal ak traváy. Georges Fils Brignol anchaje ministè sante piblik ak popilasyon. Sitwayèn Marie Françoise Suzan anchaje ministè kondisyon fanm ak dwa fanm. Sitwayèn Niola Lynn Sarah Devalis octavius anchaje ministè lajenès, espò ak aksyon sivik. Epi Jan Mare Berthier Antoine ap okipe ministè defans.
Jounal ofisyèl « Le Moniteur » pral rann piblik san pèdi tan lis non moun, yo lonmen andedan gouvènman tranzisyon an. Se rezilta diksisyon, lendi 10 jen 2024 la, ant Konsèy prezidan pou tranzisyon an (Kpt) ak premye minis Garry Conille. Se sa kòdonatè aksyon Kpt yo, Edgard Leblanc Fils, te ekri nan yon mesaj sou kont X li.
Diskisyon lendi 10 jen 2024 la avèk Konsèy prezidan pou tranzisyon an te chita tou sou demach pou ride popilasyon an, k ap fè fas kare ak yon kriz imanitè san parèy la epitou ak laterè plis lòt zak vyolans, sitou nan zòn metwopoliten Pòtoprens lan. Se sa yon nòt biwo premye minis Garry Conille te fè konnen.
Dimanch 9 jen 2024 la, pwofesè inivèsite Henry Robert Sterlin mouri lakay li anba maladi, nan komin Dèlma. Henry Robert Sterlin te sekretè leta zafè etranje peyi d Ayiti nan epòk administrasyon politik Joseph Michel Martelly a.
Pou ranplase manm Konsèy ekzekitif Inivésite leta d Ayiti y, ki gen manda yo k ap bout nan dat 14 dawout 2024 k ap vini a, responsab Inivésite leta d Ayiti yo met sou pye yon komisyon ki anchaje òganize eleksyon anvan dat 14 dawout 2024 la.
Akoz laterè ak lòt zak vyolans gang ak zam yo, kantite moun, ki sètoblije deplase kite lakay yo, sitou nan zòn metwopoliten Pòtoprens lan, pou al chèche refij lòt kote, vin monte nan nivo plis pase 578 mil, nan koumansman mwa jen 2024 la. Anvan mwa jen 2024 la, se te plis pase 362 mil moun, gang ak zam te fòse kouri deplase kite lakay yo. Se yon ranmase Òganizasyon entènasyonal migrasyon yo (Oim).
Polisye nasyonal, ki andedan Inite pou kenbe lòd nan depatman Sidès la (Idmo), te fè yon mouvman levve kanpe, lendi 10 jen 2024 la, nan Jakmèl. Objektif mouvman leve kanpe sa a, se ekzije pi bon kondisyon traváy. Detan l di li kore mouvman leve kanpe polisye Idmo Sidès yo, Sendika nasyonal polisye ayisyen yo (Synapoha) swete alatèt lapolis nasyonal yo pote repons rapid sou revandikasyon polisye Idmo depatman Sidés yo.
Nou pral pote akonpáyman nesesè bay fanmi polisye, ki viktim nan kad travay yo dimanch 9 jen 2024 la. Prese prese fòk nou met lapat sou sou moun ki asasinen 3 polisye nasyonal yo nan San Fil, Dèlma 18, dimanch 9 jen 2024 la. Yo dwe arete yo, jije yo ak kondane yo, dapre lalwa. Depi gouvènman tranzisyon an fin met kanpe, nou pral pran dispozisyon pou chèche tout bandi yo, kèlkilanswa kote yo kache. Nou va báy lapolis nasyonal la mwayen pou l pwoteje tèt li ak popilasyon an. Se pwomès premye minis Garry Conille.
Pote sipò moral bay polisye nasyonal, ki andedan Inite pou yon bout tan k ap goumen kont gang ak zam yo (Itag). Gen desizyon k ap pran pou wete chapo nan memwa polisye viktim yo, ki dwe jwenn jistis. Se te objektif vizit direktè jeneral pou yon bout tan lapolis la, Frantz Elbe, fè, lendi 10 jen 2024 la, nan Itag. Emelin Fermetus 30tyèm pwomosyon, Peterson Clovis 32zyèm pwomosyon ak Wilkens Jean Junior Piton 31nyèm pwomosyon, se 3 polisye nasyonal ki te andedan Itag yo, gang ak zam, ki bay tèt yo non Viv ansanm, asasinen dimanch 9 jen 2024 la nan Dèlma 18.
Kò sasináy dimanch 9 jen 2024 la sou 3 polisye nasyonal Itag yo, se konsekans koripsyon k ap taye banda andedan administrasyon, ki anchaje báy sekirite sou teritwa Ayiti a. Sa pa t ap rive si otorite yo te sèvi ak lajan sèvis entelijans lan, lajan sèvis siveye rapòte ki disponib yo. Se konsiderasyon òganis dwa moun Fondasyon je klere (Fjkl).
Gen nesesite pou, dapre regleman yo, fè lòt jenn fanm ak jenn gason antre nan lapolis nasyonal la ak lame ki la a. Gen nesesite pou yo ta va bay nouvo moun sa yo fòmasyon rapid rapid, ki va ranfòse sèvis entelijans lan, sèvis siveye rapòte a, pou ride lapolis ak lame a fè fas kare ak gang ak zam yo. Se rekòmandasyon òganis dwa moun Fondasyon je klere (Fjkl), ki ekzije arestasyon san pèdi tan bandi ak zam ki asasinen 3 polisye nasyonal Itag yo, dimanch 9 jen 2024 la. Fjkl ekzije tou demisyon alatèt lapolis nasyonal d Ayiti yo, espesyalman Frantz Elbe ki montre li pa gen kapasite pou pwoteje polisye nasyonal yo.
Kontinye pa rann piblik akò 3 avril 2024 la, se fè peryòd tranzisyon an tounen yon savann, kote Konsèy prezidan pou tranzisyon an (Kpt) va fè sa l vle ak anpeche sosyete a gen yon zouti pou gade ki jan Kpt a ap mache. Se pinga Biwo suivi akò 30 dawout 2021 an (Bsa), yo plis konnen sou non akò Montana a. Biwo suivi akò Montana a mande Konsèy prezidan pou tranzisyon an (Kpt) fè soti, nan jounal ofisyèl « Le Moniteur » akò 3 avril 2024 la. Depi yo fin enstale, manm Kpt yo ak manm esktrikti k ap anchaje fè kontwòl sou aksyon gouvènman tranzisyon an gen delè 30 jou pou konfòme yo ak sa lalwa prevwa. Kidonk, sou yon delè 30 jou apre entslasyon yo, yo dwe bay enfòmasyon sou byen yo posede jan lalwa di sa. Se dispozisyon sa a Biwo suivi akò Montana a fè sonje.
Kominote entènasyonal la ta dwe ride Ayiti nan batay kont koripsyon ak ride l rekipere byen, moun fè nan move kondisyon sou teritwa nasyonal la. Se demann Inite lit kont koripsyon (Ulcc), ki fè konnen l ap patisipe nan 15 zyèm sesyon gwoup k ap gade ki jan y ap aplike akò Nasyon zini yo kont koripsyon an. Se nan vil Vyèn, kapital peyi Otrich, ant lendi 10 pou rive vandredi 14 jen 2024 la, ap gen 15 zyèm sesyon gwoup k ap gade ki jan y ap aplike akò Nasyon zini yo kont koripsyon a.
Pou m rive bay plis tan nan lòt aktivite, ki pa kadre ak wòl mwen genyen nan tèt Konsèy nasyonal tranzisyon akò Montana a, mwen deside bay demisyon m kòm prezidan Konsèy nasyonal tranzisyon an. Men, mwen toujou rete makònen ak demach ki te mennen nan siyati akò 30 dawout 2021 an, moun plis konnen sou non akò Montana a. Se sa sosyològ James Beltis ekri, nan yon lèt li voye bay gwoup ki te siyen akò 30 dawout 2021 an. [ppsf emb rc apr 11/06/2024 15:29]
