Español English French Kwéyol

Ayiti : Ki sans mo tranzisyon an pou milyon moun k ap sibi nan kriz kòryas sa a?

Gotson Pierre

Pòtoprens, 14 jen 2024 [AlterPresse] --- Diferan minis koumanse pran pląs yo nań nivo divès ministè apre Ayiti fè yon pa, 12 jen 2024 la, pou soti nan kriz toubouyon k ap anglouti peyi a depi anviwon 3 an.

Seremoni enstalasyon yon nouvo gouvènman tranzisyon, ki gen nan tèt li premye minis Garry Conille, se te okazyon pou manm ansyen kabinè kwaze ak manm nouvo kabinè. Se te moman pou pèsonalite nan divès sektè : Leta, prive ak sosyal epi tou kò diplomatik la rankontre. Se yon okazyon ki ra anpil nan dènye tan sa yo.

Ki kantite popilasyon an, sitou nan Pòtoprens, ki rive viv evènman an vrèman, menmsi li pase andirèk nan medya ak sou rezo sosyal, lè nou konnen kouman gang kontinye sere boulon anpil zòn ki anba men yo?

An reyalite, se van tranzisyon an menm ki sanble lwen pou l soufle pou milyon moun k ap sibi nan kriz kòryas k ap frape tout sosyete a?

Depi enstalasyon Konsèy prezidansyèl tranzisyon an, nan mwa avril 2024, rive nan enstalasyon gouvènman an, se prèske 2 mwa ki pase. Pa gen ankenn siyal ki pote lespwa tout bon nan kesyon sekirite, pwoblèm imanitè ak pwoblèm ekonomik ki angrave nètalkole pandan 3 dènye ane sa yo.

Jounen jodi a, ki sans enstalasyon gouvènman tranzisyon an pou manman ki gen pitit gang fizye epi disparèt kò yo? Pou mari ki gen madanm nèg ak zam fè kò sou yo vyole yo? Pou sè ki ranmase rès kadav frè yo sou pil fatra apre zannimo fin devore yo?

Fanmi ki vant mare jodi a, èske seremoni 12 jen an limen yon ti limyè lespwa pou yo? Y ap sonje pitit yo, frè yo, sè yo, mari yo, madanm yo, kouzen yo, kouzin yo ki soti epi ki pa janm rantre, malgre yo bay kidnapè lajan yo pa posede.

Soti ane 2021 rive 2024 sa a, zam kriminèl touye ak blese plis pase 10.000 moun an Ayiti, dapre chif Nasyonzini, san konte kantite lòt yo kidnape. Sèlman pou ane 2022 a, bandi fè dappiyanp sou 1000 moun. Kanta fanm ki sibi kadejak ak lòt agresyon, soti janvye rive fevriye 2024 la, Nasyonzini konte 250 ka nan 3 depatman : Lwès, Plato santral ak Nòdès.



Èske seremoni 12 jen an anonse yon tranzisyon pou tii machann, ouvriye, ouvriyèz ki kite katye yo, kite pyès kay yo bandi piye ak boule. Yo pa gen rele, yo pa gen reponn, yo san destinasyon ak ti moun sou bra yo.

Kouman pakèt granmoun, jèn, ti fi, ti gason k ap dòmi leve anpile nan kan, viv evènman politik tranzisyon an, yomenm ki nan malsite san parèy, malgre jefò fanmi yo fè pou yo te ka viv nan diyite? E fanmi ki blije fè plas pou resevwa yon dezyèm fanmi nan yon espas ki te deja twò piti pou yo?

Estrikti Nasyonzini yo konte prèske 600.000 moun ki kouri kite kay yo, souvan san yo pa gentan ranmase ti kras nan sa yo ta ka bezwen.

Èske pawòl tranzisyon sa a antre nan zòrèy chofè kamyonèt, chofè taksi ki kontinye peye bandi toulejou, konbyen fwa pa jou, pou ka kontinye transpòte pasaje, pou chèche lavi ki riske detwi lavi? Menmman parèyman pou madansara ki kontinye brave danje nan raje, pou evite gang ki kanpe nan tout kafou, pou dechèpiye yo, pandan enterè lajan ponya ap monte sou tèt yo?

Nan mwa avril 2024 la, Rezo nasyonal defans dwa moun (Rnddh) te rive idantifye 13 pòs peyaj gang nan Pòtoprens ak sou wout nasyonal ki mennen nan divès rejyon nan peyi a. Nan dènye semèn sa yo, plizyè lòt pòs kriminèl enstale, sitou nan zòn sid kapital la.

Yon sitiyasyon ki kontribye nan paralize mwatye aktivite mache yo, ki kontribye nan plonbe ekonomi an, pandan biznis ap kraze. Èske seremoni 12 jen an bay ti antreprenè, ki chaje estrès ak dèt, konfyans aktivite ka reboujonnen? Anpil nan yo blije ap tann zanmi, fanmi lonje yo lamen, ba yo asistans, apre biznis yo ak tout resous yo disparèt nan flanm dife, oubyen pase nan piyay.

Ki pèspektiv mwayen ak gwo antreprenè ki sou wout fè fayit oubyen ki nan yon sitiyasyon fayit koumanse wè nan etap tranzisyon sa a? E pwofesyonèl ki pa ka pwodui akòz tout kalite difikilte ak tèt chaje ? E milye moun ki pèdi travay yo akòz konpresyon pèsonèl oubyen biznis ki kraze?

Dapre dènye chif espesyalis yo kalkile, an 2024 la, kantite moun ki pap travay nan peyi a rive 35%. Se yon kalkil ki fèt, men pa gen estatistik reyèl sou kantite moun ki pèdi travay yo. Chif ofisyèl ekonomis ranmase fè konnen nivo povrete a rive nan 60% konsa.

Frap ekonomi an sibi, se pa nan zòn kapital Pòtoprens la sèlman, piske Ayiti se yon peyi ki santralize anpil. Agrikiltè pa ka evalye kantite pwodiksyon k ap pouri sou plas paske yo pa kab transpòte yo. Moun sa yo, ki sans seremoni enstalasyon gouvènman tranzisyon an genyen pou yo ?

Anviwon 3000 ekta tè rete san travay nan dematman Latibonit (nan nò peyi a) an 2023, poutèt abitan kouri chape poul yo lè bandi ak zam anvayi, dapre Pwogram alimantè mondyal (Pam). Nou pa gen chif pou Laplenn, Kwadèboukè, Akayè ki frape tou anba laterè gang.

Se pami kòz ki fè prèske mwatye popilasyon ayisyen an, anviwon 5 milyon moun, ap soufri anpil anba grangou, dapre done Konsèy nasyonal sekirite alimantè (Cnsa) founi pou peryòd soti mas rive jen ane sa a.

Nan tout konpatiman sosyete a, sektè sante, lekòl ak fakilte, biwo Leta, komisarya lapolis, medya, kou a terib anpil. Nan tout nivo atant yo anpil tou, apre 3 ane kote, jan chante a di, pa gen « yon ti jès » ki fèt anfavè popilasyon k ap bat pou siviv. Pawòl la di : « ak pasyans w a wè trip foumi ». Men defi dirijan tranzisyon an, se fè mo sa a gen yon sans reyèl e pi vit posib nan lavi tout moun. [gp apr 13/06/2024 00 :30]