Español English French Kwéyol

Virewon aktyalite Ayiti : Endiyasyon apre gang ak zam asasinen 3 polisye nasyonal Dèlma 18, Ofis pwoteksyon sitwayen ekzije bon jan pase men nan tèt lapolis nasyonal la

Pòtoprens, 10 jen 2024 [AlterPresse] --- Dimanch 9 jen 2024 la, Emelin Fermetus 30tyèm pwomosyon, Peterson Clovis 32zyèm pwomosyon Wilkens Jean Junior Piton 31nyèm pwomosyon, 3 polisye nasyonal ki andeedan Inite pou yon bout tan k ap goumen kont gang ak zam yo (Itag), mouri sasinen nan San Fil, Pòtoprens. Nan atak yo fè a, gang ak zam Viv ansanm yo blese ak bal yon lòt polisye nasyonal, sezi plizyè zam ak katouch epi boule yon blende. Polisye nasyonal, ki blese a, ap pran swen lopital depi dimanch 9 jen 2024 la.

Ni Sendika nasyonal polisye ayisyen yo (Synapoha), ni Sendika lapolis nasyonal d Ayiti a (Spnh-17) leve lavwa kont kò sasináy dimanch 9 jen 2024 la.

Sa fè 21 polisye nasyonal, fanm ak gason, ki mouri sasinen depi koumansman lane 2024 la. Se yon ranmase AlterPresse ak AlterRadio.

Alatèt lapolis nasyonal d Ayiti yo te reyini pou konnen ki sa k pase nan San Fil, dimanch 9 jen 2024 la. Yo louvri yon ankèt sou kozman an. Y ap pran tout dispozisyon pou pote akonpáyman nesesè yo bay fanmi polisye viktim yo. Se sa pòtvwa lapolis la, komisè Garry Desrosiers, fè konnen.

Lendi 10 jen 2024 la, kawoutchou t ap boule divès kote (nazon, avni Poupla, Kris Wa, Lali, Boudon, kafou wout Dèlma ak aryopò entènasyonal Pòtoprens lan). Se ta yon mouvman pwotestasyon kont kò sasináy dimanch 9 jen 2024 la sou 3 polisye nasyonal, dapre enfòmasyon disponib yo.

Konsèy prezidan pou tranzisyon an (Kpt) voye senpati l bay fanmi polisye viktim yo ak kòlèg polisye yo. Kpt a pwomèt ankò li pral ranfòse kapasite operasyon lapolis nasyonal la, pou met bout nan zak laterè gang ak zam yo epi pèmèt lapè ak kè poze retounen sou teritwa nasyonal la.

Ofis pwoteksyonn sitwayèn ak sitwayen yo (Opc) mande tout polisye nasyonal yo kontinye pote solidarite youn ak lòt, nan travay yo sou teren an. Opc ekzije ankò bon jan pase men nan tèt lapolis nasyonal d Ayiti a epitou yon traváy sa yo rele nan lanagaj teknik vetting. Ki vle di ekzaminen lanvè landrèt tout polisye nasyonal yo, gade konpòtman yo, èske yo pa nan sa k pa sa, nan zak malfektè, elatriye.

Dimanch 9 jen 2024 la, lapolis nasyonal la arete Samson Jean-Baptiste, moun plis konnen sou non mèt peyi, 30 lane, ak Robertson Saint-Vil, 21 lane. Se nan lokalite Klendi, komin Tyòt, depatman Sidès, lapolis nasyonal la di li arete 2 jenn gason sa yo, sou akizasyon yo gen nan men yo zam lalwa pa rekonèt epi poutèt yo ta nan asosyasyon malfektè.

Mwen deja fè pwopozisyon, bay Konsèy prezidan pou tranzisyon an (Kpt), yon lis moun ki ta dwe antre nan gouvènman tranzisyon an. N ap travay, ansanm ak Kpt a, pou deside, semenn sa a, sou lis moun ki pral andedan gouvènman tranzisyon an, sou baz sa k ekri nan akò 3 avril 2024 la. Se sa premye mins Garry Conille ekri sou kont X li.

Eta sante m pa pi mal. Esperyans mwen fè, pandan m te gen pwoblèm lasante bridsoukou samdi swaa 8 jen 2024 la, montre nesesite pou n pote bon jan solisyon nan sistèm lasante peyi d Ayiti a. Tout moun dwe jwenn laswenyáy kòmsadwa nan peyi a. Se pwomès Garry Conille, apre l fin soti dimanch 9 jen 2024 la lopital, kote yo te mennen l nan moman li te gen difikilte pou respire samdi swa 8 jen 2024 la.

Konsèy prezidan pou tranzisyon an ansanm ak gouvènman tranzisyon Garry Conille lan dwe bay ministè anviwónman bon jan bourad. Yo dwe mete plis lajan nan bidjè ministè anviwónman an, pou l ka fè fas kare ak boulvès plis tout lòt kalte pwoblèm nan anviwónman peyi d Ayiti yo. Apre tout gany ki fèt depi lane 1990 yo, li pa t ap bon pou met ansanm ministè agrikilti ak ministè anviwònman. Se dizon sou AlterPresse ak AlterRadio Platfòm agwoekoloji ak devlopman k ap dire lontan (Paded).

Enjenyè agwonòm, ki pral anchaje ministè agrikilti pandan peryòd tranzisyon an, se ta dwe yon moun ki kapab konprann tout kalte pwoblèm, ki genyen nan agrikilti peyi d Ayiti yo. Se ta dwe yon moun ki ka pote solisyon konsekan nan pwodiksyon agrikiti a ak sekirite lamannjáy la. Anplis yon fòmasyon solid, se ta dwe yon moun onèt, ki gen prensip ak moralite, ki pa mele nan okenn eskandal ak chire pit. Se ta dwe yon moun ki ka fè tout moun k ap fè jaden yo reprann konfyans, nan angajman li va pran pou fanm ak gason peyizan yo. Konsèy prezidan pou tranzisyon an ak premye minis Garry Conille ta dwe pale ak òganizasyon peyizan yo, estrikti nan sosyete yo ak divès lòt sektè konsekan nan kominote yo sou ki kalte moun, yo va chwazi pou vin minis agrikilti. Se pwopozisyon òganizasyon Pwomosyon pou devlopman (Promodev), k ap feraye nan agrikilti ak anviwónman peyi d Ayiti depi dat 5 jen 2000.

Gen 5 milyon moun ki nan grangou rèd mare kounye a nan peyi d Ayiti. Se yon kriz lamanjáy ki pa t janm rive nan nivo sa a depi gwo tranbleman tè madi 12 janvye 2010 la. Se kout rèl Pwwogram lamanjáy mondyal (Pam). [ppsf emb rc apr 10/06/2024 14:26]