Español English French Kwéyol

Migrasyon : Klinik Jistis mondyal ak Sant Dwa Moun Fray Matías mande Meksik bay natif natal Ayiti yo pwoteksyon kòm refijye, sou baz deklarasyon Cartagena 1984 la

Se yon dokiman Klinik Jistis Mondyal, yon pwogram andedan Fakilte dwa Inivèsite Nouyòk, ak Sant Dwa Moun Fray Matías ekri

Dokiman sa a vin jwen AlterPresse nan dat 7 jen 2024

Lè a rive: Fòk peyi Meksik bay Ayisyèn ak Ayisyen yo pwoteksyon kòm refijye, sou baz Deklarasyon Cartagena 1984 la

Klinik Jistis Mondyal anonse rapò nou a, ki disponib an Angle ak Kreyòl.

Klinik Jistis Mondyal, yon pwogram Fakilte dwa Inivèsite Nouyòk, ekri rapò a ansanm ak Centro de Derechos Humanos Fray Matías A.C. (Sant Dwa Moun Fray Matías), yon òganizasyon nan Tapachula, Meksik.

Rapò nou a chita sou yon analiz kondisyon peyi d Ayiti ak sou dispozisyon lalwa ki ekziste nan peyi Meksik.

Gouvènman peyi Meksik la dwe Meksik bay migran Ayisyen yo pwoteskyon kòm refijye.

Nan finismn mwa avril 2024 la, nou vizite kapital Meksik pou n lanse rapò nou an Panyòl, epi nou rankontre otorite gouvènman meksiken an. Nou espere nouvo administrasyon Meksik la ap konsidere pledwaye nou fè, epi ofri pwoteksyon refijye ki pi bon, pou migran Ayisyen yo.

Lè n konsidere vyolans k ap ogmante nan peyi d Ayiti, pwoteksyon refijye a vin pi enpòtan pase anvan.

Anplis, nan denye lane sa yo Meksik resevwa yon pi gran kantite migran Ayisyen. Ant lane 2021 pou rive lane 2023, te gen anpil natif natal Ayiti, fanm kou gason, ki t ap chache pi plis jwenn estati refijye nan peyi Meksik.

Pandan menm peryòd lan, sou 110 mil natif natal Ayiti ki te aplike pou jwenn pwoteksyon refijye, se sèlman 5 mil 200 ki resevwa estati refijye a.

Sa vle di se sèlman plis pase 4 pousan natif natal Ayiti ki reyisi jwen estati refijye a nan peyi Meksik.

Pousantaj sa a pi ba pami tout lòt natif natal 5 lòt peyi, ki te fè demann pou jwenn estati refijye nan Meksik. Reyalite sa a montre prejije ki genyen kont natif natal Ayiti yo, ki gen yon nasyonalite ki frajil anpil.

Gouvènman peyi Meksik la dwe báy natif natal Ayiti yo, ki sou teritwa meksiken an, estati refijye, sou baz Deklarasyon sou Refijye Cartagena 1984 la.

Deklarasyon sou Refijye Cartagena 1984 la bay garanti estati refijye pou tout sila, ki anba menas sou lavi yo, ki anba menas sou sekirite yo, ki gen menas sou libète yo, akòz kondisyon ki genyen nan peyi kote yo soti yo.

Rapò sa a bay detay sou pila k pakèt zak vyolans kare bare, sou gouvènman demoute, sou pila k pakèt zak masoináy dwa moun ak lòt menas nan lòd piblik la ki mete fanm ak gason Ayiti yo nan danje.

Sitiyasyon vyolans sa yo montre natif natal Ayiti yo, ki sou teritwa Meksik la, kalifie, ki vle di yo gen dwa jwenn estati pwoteksyon refijye sou baz Deklarasyon Deklarasyon sou Refijye Cartagena 1984 la.

Meksik, ki te siyen Deklarasyon sou Refijye Cartagena 1984 la, te fè l antre andedan lalwa lakay li.

Sa vle di gouvènman Meksik la dwe rekonèt natif natal Ayiti yo tankou refijye sou baz Deklarasyon sou Refijye Cartagena 1984 la, ki antre nan lalwa peyi Meksik la.

Jis apre nou te fin fè rechèch pou ekri rapò sa a, Wo komisarya Nasyon zini pou refijye (Hcr) te rann piblik nouvo dispozisyon ki rele International Protection Guidelines (Konsiderasyon pou pwoteksyon entènasyonal) pou natif natal Ayiti yo, ki ankouraje Leta tout peyi yo respekte sa k ekri nan Deklarasyon sou Refijye Cartagena 1984 la anfavè natif natal Ayiti yo.

Nan moan n ap rive sou 40 lane Deklarasyon sou Refijye Cartagena 1984 la (se te ant 19 pou rive 22 novanm 1984 yo te siyen Deklarasyon sou Refijye Cartagena a, nan peyi Kolonbi), nou espere rapò mwa jen 2024 sa a, Klinik Jistis mondyal, ki andedan Fakilte dwa Inivèsite Nouyòk la, ekri ansanm ak Sant Dwa Moun Fray Matías la, pral ankouraje gouvènman peyi Meksik la respekte sa lalwa lakay li ekzije.

Nou espere rapò sa a va ankouraje tou Leta lòt peyi nan Amerik yo respekte dwa migran natif natal Ayiti yo, ki rive lakay yo.

Nou espere rapò sa a pral vin kore travay avoka, militan ak tout natif natal Ayiti yo, k ap gouen pou jwenn estati pwoteksyon refijye a.

Ak tout respè,

Klinik Jistis Mondyal

Gabrielle Apollon (gabrielle.apollon@law.nyu.edu)

Ellie Happel (ellie.happel@nyu.edu)