Español English French Kwéyol

Virewon aktyalite Ayiti : Esplikasyon gouvenman Etazini sou desizyon pouse do migran ak refijye natif natal Ayiti, Hcr krenn pwoblèm sekirite pou tout moun ki bezwen pwoteksyon entènasyonal, pinga ministè ledikasyon nasyonal kont anplwaye raketè

Pòtoprens, 7 jen 2024 [AlterPresse] --- Jedi 6 jen 2024 la, gouvènman peyi Etazini a pote esplikasyon sou desizyon li fèk pran, koumansman mwa jen 2024 la, pou kontinye pouse do, voye nan peyi d Ayiti, fanm ak gason migran ak refijye natif natal Ayiti yo, ki rive san papye sou teritwa l la.

N ap kontinye pouse do tout fanm ak gason migran natif natal Ayiite pou tout moun, gadkòt ameriken yo arete sou lanmè, ak tout sila san papye ki pase sou fwontyè Sid lan pou antre sou teritwa Etazini a. Se poutèt sa, nou ankouraje tout sila, ki vle antre sou teritwa ameriken an, suiv tout chimen lalwa imigrasyon yo trase. Nou konte sou anbasad nou ak depatman leta a pou yo fè rekòmandasyon nesesè báy depatman sekirite enteryè a, sou dosye depòtasyon yo. Se konsiderasyon sekretè annapre depatman sekirite enteryè Etazini a, Blas Nunez-Neto, nan yon kozman sou zoom ak laprès, AlterPresse ak AlterRadio te suiv.

Se madi 4 jen 2024 la prezidan ameriken an Joe Biden pran yon dekrè, ki entèdi tout fanm ak gason migran, ki pase sou fwontyè Sid peyi Etazini a, ak tout lòt san papye ki pase sou lanmè, antre vin mande azil sou teritwa ameeriken an.

Nouvo dispozisyon 4 jen 2024 yo pral bloke anpil anpil moun, ki bezwen jwenn pwoteksyon entènasyonal. Konsa, moun sila yo p ap gen lòt posiblite pou chèche jwenn sekirite. Yo ka menm depòte tout sila, ki bezwen jwenn pwoteksyon entènasyonal yo. Otorite peyi Etazini yo dwe byen gade dosye moun k ap sibi pèsekisyon nan peyi yo, anvan yo ta pran desizyon depòte yo. Nou mande gouvènman ameriken an rekonsidere desizyon li pran madi 4 jen 2024 la, ki se yon desizyon ki pase anba pye dwa tout fanm ak gason k ap mande azil yo. Se pozisyon Wo komisarya Nasyon zini pou refijye (Hcr). Depi mèkredi 5 jen 2024 la, Hcr di kouman tèt li chaje anpil sou dispozisyon baryè gouvènman Etazini a pran, kont tout sila k ap mande azil sou teritwa ameriken an.

Sou baz plent li te resevwa, ministè ledikasyon nasyonal pran sanksyon kont yon seri anplwaye ministè a, ki t ap pran kòb nan men moun ki te fè demann legalizasyon diplom ak sètifika. Ministè ledikasyon nasyonal deside sispann anplwaye sa yo, anatandan suivi pou revoke anplwaye sa yo. Enspeksyon jeneral ministè ledikasyon nasyonal pral kontinye founi je l gade, pou idantifye tout lòt moun ki ta mele nan zak koripsyon sa yo ak fè yo resevwa sanksyon yo merite, dapre lalwa ak regleman sou kozman an.

Pou chak dokiman legalizasyon nan ministè lediksyon nasyonal, se sèlman yon resepise chak moun dwe prezante. Se dwe nan kontribisyon/direksyon jeneral enpo y ap achte resepise a. Okenn moun pa dwe peye yon goud anplis, pou jwenn dokiman legalizasyon nan ministè ledikasyon an.

Ministè ledikasyon nasyonal fè sonje li te deja fèmen yon biwo li te genyen nan Babyòl Pòtoprens. Epitou, tout moun, ki bezwen dokiman sa yo, ka pran sètifika bakaloreya legalize yo nan espas entènèt ministè a. Ministè ledikasyon nasyonal envite tout moun, yo ta mande kòb pou jwenn dokiman legalize sa yo, pote plent, tankou rele nan nimewo 509 3126 7519 ak 509 4720 2375 pou báy doleyans yo

Martine Joseph Moïse, madanm defen ansyen prezidan Jovenel Moise, ta dwe resevwa 5 milyon 305 mil 387 dola pou lajan li te depanse lopital, pou vwayáj ak sekirite li te peye pou li te retounen nan peyi d Ayiti. Joverlein Moise, pitit gason Jovenel Moise, limenm k ap viv nan peyi Kanada, ta dwe jwenn 865 mil 386 dola. Se 6 moun, lajistis ameriken kondane pou patisipasyon yo nan kò sasinay 7 jiyè 2021 an sou Jovenel Moise a, ki dwe peye lajan sa yo. Se sa ki di nan desizyon jij federal Jose Martinez pran nan dosye a. Se sa jounal ameriken an Miami Herald rapote.

Martine Joseph Moïse, madanm defen Jovenel Moïse, ansyen premye minis Claude Joseph ak ansyen direktè jeneral lapolis la Léon Charles, sou yon lis 51 chabrak, ki ta dwe al jije douvan yon tribinal kriminèl sou dosye kò sasinay 7 jiyè 2021 an sou Jovenel Moïse lan, dapre desizyon Jij Walter Wesser Voltaire te pran nan dat 25 janvye 2024 la.

Jedi 6 jen 2024 la, premye minis Garry Conille te chita pale ak Konsèy nasyonal telekominikasyon yo (Konatel) ansanm ak reprezantan konpayi Digicel ak Natcom, sou move kominikasyon nan rezo sa yo nan zòn metwopoliten Pòtoprens lan ak nan kèk vil pwovens nan peyi d Ayiti. Detan l mande responsab Digicel ak Natcom yo jwenn solisyon rapid rapid sou kalite ak pri sèvis yo, chèf gouvènman tranzisyon an pwomèt l ap traváy pou retabli bon jan kondisyon sekirite, ki va pèmèt konpayi sa yo bay popilasyon an pi bon sèvis. Se sa yon nòt biwo komiikasyon premye minis la fè konnen.

Nan yon nòt li rann piblik nan dat jedi 6 jen 2024 la, biwo premye minis la mande tout moun, ki te gen kontra ki rive nan bout yo, pote remèt tout materyèl ak ekipman, tankou machin, yo te gen nan men yo. Si moun sa yo pa fè sa, nan yon delè 48èd tan, y ap itilie lalwa kont yo pou fè yo remèt materyèl ak ekipman yo gen nan men yo, dapre biwo premye minis la. [ppsf emb rc apr 07/06/2024 13:42]