Belans (Ayiti), 6 jen 2024 [AlterPresse] --- Apre Josue Sylvestre, 31 lane, li te arete vandredi 31 me 2024 la, lapolis nasyonal la arete, mèkredi 5 jen 2024 la, Lionel Jean Simon, 46 lane, toujou nan komin Belans, depatman Sidès. Lionel Jean Simon te sove nan prizon, kote l te fèmen depi lane 2010. Josue Sylvestre te sove kite penitansye nasyonal, nan dat samdi 2 mas 2024 la, dapre lapolis.
Kouman fanm ak gason natif natal peyi Ayiti k ap viv lòt bò dlo yo ka pote kole nan ekonomi ak politik peyi d Ayiti a, se te youn nan sijè diskisyon ant Konsèy prezidan pou tranzisyon an (Kpt) ak plizyè òganizasyon nan dyaspora a, mèkredi 5 jen 2024 la. Ta dwe gen dispozisyon pou pèmèt manm dyaspora yo kapab, non sèlman vote nan moman eleksyon, men tou vin kandida pou okipe yon seri pòs politik nan peyi d Ayiti. Se te divès eleman diskisyon nan chita pale sa yo ant Kpt a ak òganizasyon dyaspora Ayiti yo.
Nan yon chita pale, mèkredi 5 jen 2024 la, ak Konsèy prezidan pou tranzisyon an (Kpt), òganizasyon Lakou Lapè ak Haiti Matters, ki nan peyi Ilann, kote k te gen lagè ant pwotestan ak katolik women pandan 30 lane, pwomèt pou met konpetans fanm ak gason dyaspora yo nan sèvis peyi d Ayiti. Yo swete biznis etranje va vin tabli nan peyi d Ayiti. Yo swete tou Inyon peyi Ewòp yo ta pran plis angajman nan ride peyi d Ayiti soti nan pas difisil, kote l ye jounen jodi a. Se sa Kpt a rapòte nan yon nòt.
Gouvènman tranzisyon an espere rapousuiv koperasyon l ak kominote entènasyonal la, pou leve gwo defi peyi d Ayiti yo. Retabli sekirite kòmsadwa, refè eskanp figi ekonomi a, fè peyi d Ayiti mache sou baz lalwa, pase men nan Konstitisyon an ak òganize eleksyon, se kèk pami eleman Garry Conille te diskite, mèkredi 5 jen 2024 la, ak plizyè reprezantan kominote entènasyonal la, dapre sa k ekri nan yon nòt biwo premye minis Garry Conille.
Konsèy prezidan pou tranzisyon an (Kpt) pral pran dispozisyon pou diminye nan kantite depans k ap fèt nan administrasyon piblik la. Dispozisyon sa yo pral pèmèt ekip tranzisyon an ka rive jwenn plis lajan pou mete nan pwojè, ki ka pote amelyorasyon nan lavi popilasyon an. Se pou sa, Kpt a, ansanm ak premye minis Garry Conille, anvizaje met kèk ministè ansanm pou evite plis depans nan lajan leta yo. Se sa ministè kominikasyon fè konnen.
Nouvo gouvènman tranzisyon an kapab gen 13 ministè, olye 20 jan sa te ye anvan yo. Gen minis ki ta sipoze anchaje plizyè ministè. Diskisyon yo ap rapousuiv ant Konsèy prezidan pou tranzisyon an ak premye minis Garry Conille, sou estrikti yo pral mete nan nouvo gouvènman tranzisyon an. Se sa plizyè sous fè AlterPresse ak AlterRadio konnen.
Sitiyasyon peyi d Ayiti a te nan diskisyon ki te fèt, mèkredi 5 jen 2024 la, nan yon reyinyon Konsèy pèmanan Òganizasyon leta ameriken yo (Loea). Nan okazyon an, Konsèy pèmanan Loea deside asepte peyi Kenya vin manm obsèvatè nan reyinyon l yo. Desizyon mèkredi 5 jen 2024 la pral pèmèt Loea gen kolaborasyon ak peyi Kenya, nan demach deplòtonnáy fòs miltinasyonal pou kore sekirite nan peyi d Ayiti a, sou baz rezolisyon Loea te pran nan dat 17 novanm 2023 a, dapre enfòmasyon disponib yo.
Peyi d Ayiti bezwen bon jan solidarite, ni manm regilye Loea yo, ni manm obsèvatè Loea yo ak tout rès kominote entènasyonal la. Se yon fason pou ka ride pote solisyon k ap dire lontan nan yon seri pwoblèm, tankou sekirite, ankouraje ekonomi Ayiti a pran jarèt, ranfòse yon Leta ki chita sou lalwa ak lajistis pou pwoteje demokrasi a. Se konsiderasyon reprezantan peyi d Ayiti pou yon bout tan nan Loea a, Gandy Thomas.
Pèmèt sekirite retounen sou teritwa Ayiti a, ranfòse èd imanitè yo, kore jefò pou pwoteje ak fè respekte dwa moun ak demokrasi nan peyi d Ayiti. Se plizyè sijè diskisyon, ki pral parèt nan 54triyèm sesyon òdinè Asanble jeneral Òganizasyon leta ameriken yo (Loea). Se nan peyi Paragwe, ki nan Amerik diSid lan, Asanble jeneral Loea a pral fèt ant mèkredi 26 pou rive vandredi 28 jen 2024 la. [ppsf emb rc apr 06/062024 14:43]