Español English French Kwéyol

Virewon aktyalite Ayiti : Dife nan mache piblik Gonayiv, atoufè vòlò 2 pyès kanno nan sitadèl Milo a, nesesite yon politik leta konsekan sou anviwónman an

Gonayiv (Latibonit. Ayiti), 04 jen 2024 [AlterPresse] --- Lannuit lendi 3 pou antre madi 4 jen 2024 la, yon gwo dife ravaje anpil treto ak depo tout kalte machandiz nan mache piblik Gonayiv la, depatman Latibonit. Dife sa a boule machandiz anpil ti machann. Gonayiv pa gen sèvis ponpye kounye a. Poko gen okenn enfòmasyon sou sa k ta lakoz gwo dife lannuit lendi 3 pou antre madi 4 jen 2024 la, nan mache piblik Gonayiv la.

Dwe gen yon politik leta konsekan nan sa ki arevwa ak anviwónman nan peyi d Ayiti. Politik sa a dwe makònen ak bon jan pwogram amenajman teritwa nasyonal la, ki anpeche moun konstwi bò rivyè, bò ravin, nan flan mòn ak zòn pou fè jaden ak gade bèt. Letaa dwe fè pwomosyon anfavè enèji pwòp yo, tankou enstalasyon batri ak pano solèy nan lide pou retire plis pase 7 milyon fanm ak gason nan fè nwa nan peyi d Ayiti. Ta dwe gen pase men nan ministè anviwónman, pou l pa anba men politisyen dwategòch. Se kout rèl plizyè óganizasyon k ap feraye nan anviwónman peyi d Ayiti yo, okazyon dat 5 jen, ki se jounen mondyal anviwónman.

Zak vòlò ak dechèpiyáy nan pak Sitadèl Henry Christophe lan, nan pak San Sousi ak Ramye nan Milo, depatman Nò, kote ki gen pi gwo moniman listwa pou peyi d Ayiti ak rejyon Karayib yo, se yon prèv anplis ki ekzije bon jan dispozisyon siveyans, jesyon ak sekirite. Se pa sèlman nan Sitadèl la, men tou nan espas lanati tankou Forè dèpen (ant depatman Lwès ak Sidès), Pak nasyonal Lavizit (nan depatman Sidès), Pak nasyonal Makaya (depatman Sid), tout dispozisyon pwoteksyon konsekan yo dwe pran. Se kout rèl ankò plizyè òganizasyonn k ap feraye nan anviwonman an, okazyon 5 jen, ki se jounen mondyal anviwónman an.

Moun, yo poko idantifye, vòlò 2 ti kanno nan sitadèl la nan Milo, depatman Nò peyi d Ayiti. Se yon zak ki revòltan, pou wè pi gwo patrimwán peyi d Ayiti a pa gen dispozisyon sekirite kòmsaadwa. Kote direksyon jeneral Enstiti ki anchaje siveye ak pwoteje patrimwán nasyonal yo, ki se Ispan? Se kesyon Fritz Alphonse Jean, youn nan manm Konsèy prezidan pou tranzisyon an (Kpt), poze nan yon mesaj sou kont X li.

Li vrèman difisil pou moun vòlò ti pyès kanno sa yo, si pa gen konfyolo ak anplwaye sitadèl la nan Milo. Se dizon Enstiti ki anchaje siveye ak pwoteje patrimwán nasyonal peyi d Ayiti yo (Ispan)

Detan l di li louvri yon ankèt pou fè limyè sou zak malonèt sa a, Ispan di l konte sou koperasyon entènasyonal la pou ride l jwenn epi anpeche atoufè yo vann 2 ti kanno sa yo.

Ispan fè konnen li voye tout enfòmasyon sou 2 ti pyès kanno sa yo báy lapolis entènasyonal la (Interpol) ak Òganizasyon Nasyon zini pou ledikasyon, lasyans ak lakilti (Unesco), pou veye si atoufè yo ta gen entansyon sove kite peyi d Ayiti avèk 2 ti kanno sa yo.

Mete yon fanm ki pa gen dwa vote andedan Konsèy prezidan pou tranzisyon an (Kpt), se yon konpòtman k ap fè kòm si y ap respekte dwa moun, k ap fè kòm si y ap respekte dwa fanm yo. Se yon kalòt marasa pou plis pase 6 milyon fanm ak ti fi, ki genyen nan peyi d Ayiti.Se kritik plizyè òganizasyon ayisyen ak ameriken k ap defann dwa moun ak feminis, nan yon nòt tèt ansanm. Òganizasyon ayisyen ak ameriken k ap defann dwa moun ak feminis sa yo ekzije bon jan patisipasyon fanm nan tranzisyon an nan peyi d Ayiti.

Nan yon pozisyon nan dat 4 jen 2024 la, òganizasyon Amnesty international di l gen gwo sousi, sitou sou transparans ki pa genyen nan sa ki arevwa ak fason yo pral garanti dwa moun yo, lè fòs miltinasyonal pou kore sekirite a va deplòtonnen, nan mwa k ap vini yo, sou teritwa Ayiti a.

Samdi premye jen 2024 la, kout bal ki t ap pete te lakoz tansyon ak kè sote nan zòn Dèlma 75. Se te ansyen polisye nasyonal ansanm ak polisye ki nan pòs kounye a, ki te mare sosis yo avèk yon seri moun k ap dappiyanp tè, ki t al anvayi yon tè, ki pou Ofins nasyonal asirans vyeyès (Lona). Se sa yon ankèt Enspeksyon jeneral lapolis nasyonal d Ayiti (IngPnh) montre.

Igpnh pwomèt pou l pran tout dispozisyon pou kwape mòd zak kriminèl sa yo, dotan plis gen polisye nasyonal ki te patisipe ansanm ak moun ki annafè avèk lajistis nan anvayi tè Dèlma 75 la, ki pou Lona. Igpnh mande popilasyon an rete veyatif epi bay lapolis akonpáyman nesesè yo kont tout fòm zak kriminèl yo.

Lona leve lavwa kont zak brigandáy endividi, ki te gen zam lou nan men yo, epi ki te gen inifòm lapolis nasyonal sou yo, t al fè sou tè l, nan Dèlma 75, samdi premye jen 2024 la. Lona mande alatèt lapolis nasyonal la pran tout dispozisyon nesesè pou kwape zak kriminèl sa a, ki sal figi enstitisyon lapolis la.

Se lendi 3 jen 2024 la Konsèy prezidan pou tranzisyon an (Kpt) remèt bay Garry Conille dokiman ki anonse yo chwazi l kòm premye minis tranzisyon nan peyi d Ayiti. Kpt a mande tout fòs konsekan yo traváy nan tèt ansanm ak amoni pou fè tranzisyon an bay bon jan rezilta. Se dizon kòdonatè aksyon nan Konsèy prezidan pou tranzisyon an, Edgard Leblanc Fils.

Nou p ap báy tèt nou manti sou gwo defi, k ap tann ekip tranzisyon an, sitou nan sa ki arevwa ak klima laterè a. Gen moman nou p ap rive antann nou sou kèk pwen. Men, lespri bon konprann ki parèt lakay manm Konsèy prezidan pou tranzisyon yo báy anpil ankourajman. Nou dwe atake pwoblèm yo san pèdi tan. Se repons premye minis Garry Conille apre pawòl Kpt yo.

Tou jis apre l fin rantre nan peyi a samdi premye jen 2024 la, premye minis tranzisyon an, Garry Conile, t al rann li kont limenm de sitiyasyon anba lavil Pòtoprens lan, tankou nan kèk kan moun deplase, akoz laterè gang ak zam yo. Se nan machin blende Conille te fè virewon nan sant vil Pòtoprens lan, dimanch 2 jen 2024 la.

Dimanch 2 jen 2024 la, moun dezyèm seksyon Mare Briole, komin Belans, depatman Sidès, pase alenfinitif Wilson Saint-Victor, yo akize ki ta mele nan sa k pa sa. Nan moman li t ap eseye chape, Wilson Saint-Victor te blese ak bal yon jenn gason 26 lane, yo mennen al pran swen lopital. Se apre moun Belans yo fin pase l alenfinitif lapolis nasyonal larive rekipere zam ki te nan men Wilson Saint-Victor lan, ki se yon zam lapolis, dapre lapolis.

Lannuit jedi 30 pou antre vandredi 31 me 2024 la, lapolis nasyonal la arete nan komin Lascahobas, depatman Plato santral, Fanel Tagette, moun plis konnen sou non Vag lavi, kit e sove nan prizon. Lapolis nsyonal la pa di nan ki prizon ni ki lè Fanel Tagette te sove nan prizon. [ppsf emb rc apr 04/06/2024 14:53]