Español English French Kwéyol

Ayiti-Tranzisyon : Renmen tout pèdi tout

 
Gotson Pierre
 
Pòtoprens, 5 jen 2024 [AlterPresse] --- Ayiti nan yon kafou difisil anpil, nan moman aktè politik yo ap vanse nan tabli gouvènans tranzisyon an.
 
Fòmasyon gouvènman an, se yon gwo etap apre Konsèy prezidansyèl tranzisyon (Kpt) an fin pran mayèt la 25 avril pase. Se ak ekip gouvènmantal la politik tranzisyon an ap pran pye, pou rive kòlta ak michan pwoblèm yon peyi ki pran gwo soukous pandan 3 dènye lane sa yo.
 
Nan moman sa a, dènye chirepit ki pran chè nan mitan manm Kpt a ak sektè ki gen reprezantan anndan ògàn sa a, kapab fè moun krenn pou apeti pouvwa pa paralize yo oubyen bouche je yo.
 
Sonje tout peripesi Kpt a pase pou rive mete yon prezidan Konsèy, yon operasyon ki tou mal fèt, dapre règ ki fikse nan Akò 3 avril 2024 ak dekrè 12 avril 2024 ki nan fondman Kpt a. Operasyon an pa t respekte non plis regleman minimòm sou fason Leta fonksyone.



 
Si chirepit sa yo kontinye, èske Konsèy la pap twouve l nan gwo difikilte oubyen menm enposiblite pou li reyalize objektif li ? Èske l ap kapab tabli tout enstitisyon tranzisyon yo pou koumanse mete sosyete a sou yon wout k ap mennen non sèlman nan eleksyon finisman 2025, men k ap ede sosyete a repran reskonsablite tèt li.
 
Kouman sa ap rive fèt si Kpt a pa rete ini ? Kouman rive nan gran objektif sa a, si pi gwo anbisyon Kpt a se pa wete Ayiti nan ensekirite ak enstabilite? Si pi gwo anbisyon Kpt a se pa rekoud nasyon an ki dechire pak an pak? Kouman rive nan gran objektif sa a, si pi gwo anbisyon Kpt a se pa koumanse rekipere souverènte Ayiti epi pèmèt lavi demokratik la reboujonnen ?
 
Nan moman sa a, kisa ki pi enpòtan pase gran priyorite akò 3 avril la ? kisa ki pi enpòtan pase enterè siperyè sosyete a ?
 
Nan ka kontrè, batay pou pouvwa klan kapab minen Kpt a jiskaske li efase tèt li sou sèn nan, pandan ekip gouvènman an ap kondi aksyon politik tranzisyon an poukont li.
 
Lè sa a tou, Kominote entènasyonal la ta kapab petèt vire paj Kpt a. Gran aktè entènasyonal yo ta kapab donk pa pran l kòm entèlokitè.
 
Sitiyasyon sa a tou, se pa sa gouvènman tranzisyon an ta dwe swete, piske li t ap pote tout chay la poukont li. Sètènman siksè yo ap bèl, men echèk yo ap lou kou pwa senkant. E se avni milyon Ayisyen ak Ayisyèn ki ipoteke.
 
Kidonk ekilib la enpòtan, pandan chak antite yo pran konsyans sou wòl istorik y ap jwe pou demen Ayiti. 
 
Sitiyasyon k ap rèd pou Konsèy la ak tout peyi a, se si chirepit sou baz enterè patikilye fè otorite tranzisyon yo pèdi lòlòj yo. Lè sa a, moun ka sezi wè yon minis gen plis pouvwa pase yon manm Konsèy. [gp apr 05/06/2024 12 :00]