Español English French Kwéyol

Òganizasyon ekolojik an Ayiti « mande pou pwoblèm anviwonman yo sou tab politik la fwa sa a »

Pozisyon tèt ansanm plizyè òganizasyon ekolojik nan okazyon 5 jen 2024, jounen mondyal anviwònman

Dokiman sa a vin jwenn AlterPresse nan dat 4 jen 2024

Nou menm nan ansanm òganizasyon ekolojik k ap defann dwa pou viv nan yon anviwònman sen an Ayiti, nou desole zak kanbriyolaj ki fèt nan Pak Sitadèl, San Sousi ak Ramye kote endividi moun pa rive idantifye vole plizyè kanon nan Sitadèl Lafèryè ki se pi gwo moniman istorik pou Ayiti ak rejyon Karayib la.

Se yon prèv anplis ki montre yon lòt fwa ankò ke sit istorik yo ak peyizaj natirèl tankou Forè dèpen, Pak Lavisit, Pak Makaya pa gen okenn mezi siveyans ak jesyon, epi yo ekspoze a tout dega tankou vòl, kanbriyolaj, dife elatriye.

Pou moman n ap pale la, popilasyon nan komin Tomazo ap manje pwason mouri yo jwenn bo lak azieu. Sa ki reprezante gwo menas pou sante moun nan zone nan paske yo pa konnen ki koz ki rann pwason yo ap mouri pa pil et pa makonn

Se sa ki pouse nou, depi plizyè lane, nou menm ansanm òganizasyon ekolojik sa yo, mande pou peyi a genyen yon lòt gouvènans anviwonmantal pou kapab sove ansanm zòn pwoteje ki genyen ladan l patrimwàn natirèl ak istorik ki sou wout pou disparèt akoz leta ki neglije yo e menm abandone yon ansanm de sit ak peyizaj natirèl tankou kaskad Pichon, Sò Matrin nan peyi a ki vrèman enpòtan.



KISA NOU FÈ?

Soti oktòb 2023 pou rive nan mwa jen 2024, nou te reyalize plizyè vizit nan depatman Sid pou tal founi je gade sitiyasyon anviwonman nan Sid peyi a ki genyen anpil enfrastrikti anviwonmantal.

Nou remake anpil ponp gazolin ak izin vetivè blayi toupatou nan vil Okay, sa ki koz lè a polye nan divès zòn nan vil la epi moun yo ekspoze anba maladi respiratwa, maladi kansè nan poumon ak nan fwa.

Nou remake tout Sant Jèmoplas yo kraze, tankou Levi a nou te vizite ki te koute leta anviwon 2 milyon dola. Nan vizit nou te fè, nou te jwenn pwojè biyodivesite Ministè Anviwònman, PNUD, Heifer ak FEM ap finanse gen pou fè entèvansyon ladan l.

Delegasyon an te rann li tou nan depatman Sidès kote nou remake Pak Lavisit, se rel kay makòrey, pak la livre ak li menm, pa gen okenn mezi siveyans. Malgre anpil efò sansibilizasyon FADECOV pa janm sispann fè. Konesans yo nan zafè inondasyon, degradasyon tè yo ak mank aksè a Dlo kòmanse ekstrèmman konsiderab.

Malgre Ayiti genyen anpil lwa epi li siyen yon pakèt konvansyon pou pwoteje forè, zòn kotyè yo, sit natirèl yo ki founi dlo pou bwè, dlo pou sèvi, dlo pou fè jaden ak elvaj, kontinye ap diminye. Peyi a sou wout pou konnen yon katastwòf san parèy.

Nan Pòtoprens, delegasyon an tal tap vizite nan Mòn Lopital, anplasman kenz (15) sous ki alimante Pòtoprens an dlo potab yo ki deklare itilite piblik nan lane 1991. Sitiyasyon yo tris, anpil sous sa yo polye, anpil lòt sèch akoz moun konstwi a arebò yo nan mon kanpeve, nan boudo jivena doko, tiyo kafou fey elatriye.

Sa ki ogmante risk pou rejyon metwopoliten Pòtoprens konnen yon mank dlo potab san parèy epi ogmante risk pou genyen inondasyon nan tout zòn metwopoliten an akoz konstriksyon ki blayi nan tout Mòn Lopital.

Si nou kite konstriksyon yo kontinye nan Mòn Lopital, nou riske pèdi Pòtoprens akoz inondasyon. Nan tout peyi a, moun ap konstwi toupatou nan tèt mòn, nan plèn yo, sou kot yo san kontwòl anba je leta, sa ki kreye gwo ensekirite anviwonmantal ki mete an danje lavi moun ak byen.

Nan kafou difisil peyi a rive la kote nou dwe relanse, repanse Ayiti nan tout domèn.

REKÒMANDASYON NOU

Nou mande pou pwoblèm anviwonman yo sou tab politik la fwa sa nan lide pou:

- Dote peyi Dayiti de yon politik piblik nan domèn anviwonman;

- Mete bon jan pwogram amenajman sou tout teritwa pou anpeche moun konstwi nan zòn a risk tankou bò rivyè, nan tèt mòn, ak nan zòn pou fè jaden ak elvaj;

- Fè pwomosyon pou enèji pwòp. Egzanp : Genyen bon jan pwogram pou enstale batri ak pano solè nan lide pou retire plis pase 7 milyon Ayisyen nan fè nwa. Ayiti se sèl peyi kote batri ak pano solè vann tèt nèg alòske nan lòt peyi, yo sibvansyone yo paske chak sitwayen dwe genyen enèji lakay yo selon ODD 7 la.

FÈMEN DEZÒD LA

Fòk gen yon pase men ki fèt nan MDE. Jodi a Ministè Anviwonman genyen anviwon 20 pwojè ki totalize plis pase yon milya dola alòske lari yo, ravin yo tounen poubèl pou jete fatra, zòn pwoteje yo, forè yo, sous dlo yo konplètman degrade. Fòk Ministè Anviwonman sispann anba men yon pakèt politisyen maladwa pou mete minis pou bote lajan ba yo alòske anviwonman an ap fini.

Yon lòt bò, nou mande jwenn bon jan rapò sou fon biyodivesite ki gen plis pase 5 kan la ki genyen plis pase 50 milyon dola vèt alòske sit natirèl yo toutouni, pa gen ajan, pa gen materyèl.

Fòk dezòd la fini, fòk sitwayen yo sispann viv sou fatra nan fè nwa alòske genyen anpil milyon ak milya kap brase nan sektè anviwonman.

APPEL

Nou mande Konsèy Prezidansyèl la ak Premye Minis Gary Konille pran responsablite pou korije dezòd k ap fèt nan sektè anviwonman an Ayiti.

KISA NOU PRAL FÈ ?

Lòt manch nan travay nou an se:

1. N ap travay pou lanse senpozyòm nasyonal gouvènans anviwonmantal an Ayiti;

2. Nou pral travay pou lanse dyagnostik sou tout espas pwoteje nan peyi a yon fason pou evalye eta aktyèl yo epi kisa ki dwe fèt pou amelyore yo;
3. Kontinye ankèt sou tout pwojè Ministè Anviwonman ap fè ak patnè li yo tankou PNUD, FEM, GCF, Heifer. Nan jou k ap vini yo, nou prale nan Nò peyi a pou founi je gade yon pwojè ki pral reyalize sou rejyon Twa Rivyè ki te jwenn benediksyon nan konferans sou klima.

N AP GOUMEN KONT TOUT PWOJÈ KLIMATISID NAN PEYI A.

Foto : Anel Dorléan