Español English French Kwéyol

Virewo aktyalite Ayiti : Lapolis gen lòd pou kwape gang ak zam yo, plis pase 180 mil timoun sètoblije deplase, mwa me mwa eritaj Ayisyen ak Ameriken nan Chicago, Garry Coille rantre Ayiti

Pòtoprens, 2 jen 2024 [AlterPresse] --- Mwa me, se mwa eritaj ameriken ki soti nan toyo Ayisyen yo. Se yon fason pou rekonèt tout sa kominote Ayisyen ak Ameriken yo pote nan Leta Chicago. Se rezilta pledwaye anpil òganizasyon Ayisyen ak Ameriken yo nan Leta Chicago. Jès sa a, se yon temwayáy ki montre kouman lakilti, lang ak eritaj peyi Etazini yo vrèman rich anpil. Se sa Konsèy lakomin Chicago, peyi Etazini, deside nan yon rezolisyon li pran mèkredi 22 me 2024 la, dapre sa medya Vwa Lamerik rapòte.

Lapolis nasyonal la nan tout depatman peyi d Ayiti yo dwe kontinye kwape bandi ak zam, k ap simen laterè sou teritwa a. Se lòd direktè jeneral pou yon bout tan an, Frantz Elbe, pase nan yon chita pale, vandredi 31 me 2024 la, ak direktè polis tout 10 depatman peyi a. Nan chita pale sa a, yo te diskite tou sou preparasyon k ap fèt pou akeyi fòs miltinasyonal la nan peyi d Ayiti, dapre lapolis.

Depi koumansman lane 2024 la, gen plis pase 400 timoun ki sibi dirèk dirèk anba vyolans gang ak zam yo, ki lakoz tou plis pase 180 mil timoun sètoblije deplase kouri kite lakay yo. Kominote entènasyonal la ta dwe ranfòse jefò pwoteksyon timoun yo, pou anpeche gang ak zam yo fè timoun yo tounen bandi. Se dizon Fon nasyon zini pou timoun, yo plis konnen sou non Unicef.

Jedi 30 me 2024 la, gen yon chajman 15 tòn medikaman ak materyèl lasante, ki rive nan aryopò entènasyonal Pòtoprens lan. Éd imanitè sa a pral ride Òganizasyon mondyal lasante (Oms) ak Fon nasyon zini pou timoun (Unicef) pote asistans báy timoun ki nan bezwen yo. Se sa Stephane Dujarric, ki se pòtvwa sekretè jeneral Nasyon zini yo, fè konnen nan yon kozman ak laprès.

Se samdi premye jen 2024 la, doktè Garry Conille, ansyen fonksyonè Nasyon zini yo, Konsèy prezidan pou tranzisyon an chwazi pou vin premye minis madi 28 me 2024 la, rantre nan peyi d Ayiti. Conille te pwofite chita pale ak premye minis ki prale a, Michel Patrick Boisvert.

Gouvènman tranzisyon an nan peyi d Ayiti ta dwe gen fanm ak jèn ki gen kapasite nan pòs enpòtan yo. Tout sila ki konsènen yo ta dwe traváy ansanm pou fè gouvènman tranzisyon sa a rive bay rezilta kòmsadwa, tankou refè eskanp figi enstitisyon demokrasi yo gras ak eleksyon. Fòs miltinasyonal la ta dwe deplòtonnen pi vit posib pou báy popilasyon an sekirite sou teritwa Ayiti a. Se sa sekretè jeneral Òganizasyon Nasyon zini yo (Loni), natif natal peyi Pòtigal Antonio Guterres, swete, dapre sa pòtvwa l Stephane Dujarric rapòte nan yon kozman ak laprès.

Yon kout ponya nan nanm Ayiti, se eleman refleksyon AlterRadio semenn sa a.

Gang ak zam yo fè yon lòt michan frap sou patrimwán Pòtoprens yo. Se konsiderasyon enjenyè achitèk Olsen Jean Julien, nan emisyon TiChèzBa sou AlterRadio 106.1 Fm ak divès lòt platfòm entènèt.

Foure je gade ki jan sitiyasyon an ye andedan Konsèy elektoral pwovizwa a, nan lide pou remete machin eleksyon yo sou wout. Se te youn nan objektif vizit Konsèy prezidan pou tranzisyon (Kpt), ki te voye konseye Frinel Joseph al wè, vandredi 31 me 2024 la, nan ki eta biwo santral Konsèy electoral pwovizwa a (Kep a) ye. [ppsf emb rc apr 02/06/2024 14:05]