Español English French Kwéyol

Virewon aktyalite Ayiti : Mobilizasyon pwoteksyon sivil pou sezon siklòn 2024 la, ki sa kominote entènasyonal la ap tann de gouvènman tranzisyon an, Garry Conille pwomèt li pral evite konpòtman paspouki

Pòtoprens, 31 me 2024[ AlterPresse] --- Konsèy prezidan pou tranzisyon an (Kpt) deklare li konsyan de responsablite ekip tranzisyon an, nan garanti pwoteksyon tout sila, ki rete nan zòn danje yo, nan moman lapli yo nan peyi d Ayiti. Se pou sa, ekip tranzisyon an di l ap rete mobilize pou pote repons ak asistans an ijans, sizoka sa nesesè, pandan tout sezon siklòn nan, ant samdi premye jen pou rive samdi 30 novanm 2024 la. Se pwomès Kpt a, jedi 30 me 2024 la, lè, ansanm ak pwoteksyon sivil, yo t ap louvri yon nouvo espas kriz, nan ka move tan, nan komin Taba a.

Pwoteksyon sivil la ansanm ak Konsèy prezidan pou tranzisyon an mande popilasyon an toujou suiv konsiy sekirite nesesè yo, sitou nan peryòd siklòn yo ant samdi premye jen ak samdi 30 novanm 2024 la.

Anpil moun mouri ak blese anba bal ankò, epi plizyè kay boule nan yon lòt atak gang ak zam, jedi 30 me 2024 la, nan katye Solino ak Fò nasyonal, Pòtoprens. Kout bal t ap pete nan apremidi ak lannuit jedi 30 pou antre vandredi 31 me 2024 la, dapre enfòmasyon ki vin jwenn AlterPresse ak AlterRadio.

Gouvènman tranzisyon an pral evite gen konpòtman paspouki nan desizyon ak aksyon l yo. Ekip tranzisyon an pral gen fanm, jèn ak tout pwofesyonèl onèt, ki ka ride peyi d Ayiti soti nan pas li ye yo. Ekip tranzisyon an dwe traváy ak kouraj, lespri sakrifis pou popilasyon an ak kapasite pou fè fas kare ak defi yo. Tout Ayisyèn ak Ayisyen yo dwe kapab mache libelibè, san kè sote ni laterè, toupatou sou teritwa a. Peyi d Ayiti anba yon kokennchenn kriz. Men, sa pa vle di nou pa ka pote solisyon konsekan yo. Se pwomès nouvo premye minis tranzisyon an, Garry Conille, nan yon mesaj videyo li bay sou rezo sosyal yo.

Peyi d Ayiti dwe kondi yon politik ekonomi, ki ka rale anpil lajan etranje, menm jan sa fèt nan plizyè lòt peyi Amerik yo. Menm jan ak Kominote peyi Karayib yo (Caricom), ekonomi peyi d Ayiti a dwe chita sou fòs li, ki se lanmè, sab ak solèy, anplis patrimwán lakilti a. Nou ta dwe fè sektè touris la jwe yon gwo wòl nan fè peyi a pran chimen devlopman tout bon. Agrikilti, endistri, agwoendistri, lapèch, enèji pwòp ak lòt sèvis, tankou transpò, konstriksyon, labank, asirans, entènèt, se sektè nouvo demach politik sa a ta dwe rale, pou vin kore ekonomi a. Pou sa fèt, Leta peyi d Ayiti a dwe tabli bon jan kondisyon, ki ankouraje biznis yo rive bay traváy ak devlope pwodiksyon byen ak sèvis. Se rekòmadasyon pati politik Aksyon pou konstwi yon Ayiti òganize (Akao). Pati politk Akao fè konnen l ap defann pwojè yon Leta, k ap kwape inegalite nan sosyete a, nan báy popilasyon an pi bon sèvis ak ankadre devlopman biznis, nan envite tout fòs pwogrè ki vle goumen nan sans sa a mete ansanm ak li, depi jodi a.

Nou pare pou bay premye minis tranzisyon an, Garry Conille, tout kolaborasyon Nasyon zini yo. N ap kontinye suiv jefò k ap fèt, pou met kanpe nouvo gouvènman tranzisyon an, nan yon delè ki pa dwe long. Nou swete wè anpil patisipasyon fanm ak jèn nan demach politik yo. Se pozisyon Biwo entegre Nasyon zini nan peyi d Ayiti (Binuh), ki fè konnen Òganizasyon Nasyon zini ap kontinye bay kout men pa l epi travay ak otorite tranzisyon yo, pou kreye bon jan kondisyon anfavè eleksyon konsekan nan peyi d Ayiti.

Nouvo gouvènman tranzisyon ki pral monte a dwe met travay pi vit posib, pou satisfè bezwen ijan Ayisyèn ak Ayisyen yo. Inyon peyi Ewòp yo kenbe angajman l pou komtinye bay sipò l nan demach politik k ap fèt yo ak pou eleksyon k ap vini yo. Se dizon Inyon peyi Ewòp yo, apre Konsèy prezidan pou tranzisyon an (Kpt) chwazi, madi 28 me 2024 la, fonksyonè Nasyon zini Garry Conille kèm premye minis tranzisyon an.

Nou pran angajman pou kore gouvènman tranzisyon an nan jefò pou retabli sekirite sou teritwa Ayiti a, pase men nan Konstitisyon an epi prepare eleksyon. Se sa `Oganizasyon leta ameriken yo (Loea) di l espere, apre Konsèy prezidan pou tranzisyon an deside chwazi fonksyonè Nasyon zini Garry Conille kòm chèf gouvènman tranzisyon an nan peyi d Ayiti.

N ap tann tout demach politik yo rive nan bout yo, kote enstitisyon leta yo va rekanpe doubout, sou baz sa k ekri nan akò politik 3 avril 2024 la, nan chimen Konstisyon peyi d Ayiti a trase. N ap tann travay gouvènman tranzisyon an pou bay popilasyon an sekirite, fè tout sèvis leta yo mache kòmsadwa, bay bourad imanitè, remanbre ekonomi a epi fè eleksyon. Se konsiderasyon kominote peyi Karayib yo (Caricom)

Gouvènman peyi Etazini a swete Garry Conille, fonksyonè Nasyon zini Kpt a fèk deside pou vin premye minis peyi d Ayiti a, chwazi pi vit posib yon gouvènman moun ka fè konfyans, retabli sekirite ak tout lòt sèvis enpòtan pou popilasyon an, mete kanpe yon Konsèy elektoral pwovizwa pou òganize eleksyon. Etazini ap tann pou l kolabore avèk otorite peyi d Ayiti yo pou yo bay rezilta, gras ak deplòtonnáy Misyon miltinasyonal pou kore sekirite a. Se pozisyon gouvènman Etazini a, apre desizyon Konsèy prezidan pou tranzisyon an pou chwazi fonksyonè Nasyon zini a, Garry Conille, kòm chèf gouvènman tranzisyon an.

Jan sa fèt nan lane 2024 la, nan lane 2004, sa gen 20 lane, se te yon fonksyonè Nasyon zini, Gerard Latortue, yo te chwazi pou vin premye minis peyi d Ayiti.

Mèkredi 29 me 2024 la, yon delegasyon Konsèy prezidan pou tranzisyon an (Kpt) te vizite, nan zòn aryopò entènasyonal Pòtoprens lan, traváy konstriksyon baz fòs miltinasyonal ki sipoze vin deplòtonnen sou teritwa Ayiti a. Manm Kpt yo te wè espas dòtwa, sant lasante, kafeterya ak lòt, kote militè ak polisye etranje yo pral ye nan mwa k ap vini yo. Se sa Konsèy prezidan pou tranzisyon an fè konnen nan yon nòt.

Mwen kwè jouk nan bout nan responsabilite Konsèy sekirite Nasyonzini yo bay peyi Kenya, ki pral dirije Misyon miltinasyonal pou kore sekirite sou teritwa Ayiti a. Se deklarasyon prezidan Kenya a, William Ruto, ki di li resevwa rapò delegasyon polis peyi Kenya yo, ki, semenn pase, te vin fè evalasyon preparasyon espas kote fòs miltinasyonal ki sipoze vin deplòtonnen an pral ye, pa twò lwen aryopò entènasyonal Pòtoprens lan. [ppsf emb rc apr 31/05/2024 14:11]