Pòtoprens, 30 me 2024 [AlterPresse] --- Jedi 30 me 2024 la, moun ri Leyona, Dèlma 19, pantan sou kadav 3 jenn gason, ki mouri anba bal, san yo pa t gen rad sou yo. Pa gen okenn enfòmasyon sou sikonstans lanmò 3 jenn gason sa yo. Men, te gen anpil kout bal, ki t ap pete lannuit mèkredi 29 pou antre jedi 30 me 2024 la, nan zòn nan.
Mèkredi 29 me 2024 la, bandi ak zam, ki te sou motosiklèt, asasinen ak bal Garcia Dominique Petit Papa, ki se direktè lekòl « Sœurs Sainte Marie des Anges ». Garcia Dominique Petit Papa te nan machin ni, nan ri Kapwwa, Pòtoprens, lè bandi ak zam yo atake l, dapre enfòmasyon ki vin jwenn AlterPresse ak AlterRadio.
Jedi 30 me 2024 la, lapolis nasyonal la arête nan komin Benè, depatman Sidès, polisye nasyonal Clifton Hyppolite. Nan moman atak gang ak zam samdi 2 mas 2024 la, polisye nasyonal Clifton Hyppolite te sove nan penitansye nasyonal, kote l te ye kòm sispèk nan kò sasináy 7 jiyè 2021 an sou Jovenel Moïse lan, dapre lapolis.
Mèkredi 29 me 2024 la, yon delegasyon Konsèy prezidan pou tranzisyon an (Kpt) vizite , nan zòn aryopò entènasyonal Pòtoprens lan, traváy konstriksyon bazfòs miltinasyonal ki sipoze vin deplòtonnen sou teritwa Ayiti a. Manm Kpt yo te wè espas dòtwa, sant lasante, kafeterya ak lòt, kote militè ak polisye etranje yo pral ye nan mwa k ap vini yo. Se sa Konsèy prezidan pou tranzisyon an fè konnen nan yon nòt.
Gouvènman peyi Etazini a swete Garry Conille, fonksyonè Nasyon zini Kpt a fèk deside pou vin premye minis peyi d Ayiti a, chwazi pi vit posib yon gouvènman moun ka fè konfyans, retabli sekirite ak tout lòt sèvis enpòtan pou popilasyon an, mete kanpe yon Konsèy elektoral pwovizwa pou òganize eleksyon. Etazini ap tann pou l kolabore avèk otorite peyi d Ayiti yo pou yo bay rezilta, gras ak deplòtonnáy Misyon miltinasyonal pou kore sekirite a. Se pozisyon gouvènman Etazini a, apre desizyon Konsèy prezidan pou tranzisyon an pou chwazi fonksyonè Nasyon zini a, Garry Conille, kòm chèf gouvènman tranzisyon an, menm jan sa te rive nan lane 2004, sa gen 20 lane, lè yo te chwazi yon fonksyonè Nasyon zini, Gerard Latortue, pou vin premye minis peyi d Ayiti.
Ansanm, nou pral traváy pou yon demen miyò pou tout pitit peyi d Ayiti yo. Se pwomès doktè Garry Conille, apre l aprann se limenm ki pral dirije gouvènman tranzisyon an, jis nan dat 7 fevriye 2026. Se yon lonè pou mwen, dèske Konsèy prezidan pou tranzisyon an chwazi m, pou vin dirije gouvènman tranzisyon an. Mwen di tout òganizasyon nan sosyete sivil la, pati politik ak manm dyspora yo mèsi anpil, paske yo te bay non m kòm kandida pou pòs premye minis la. Se sa Garry Conille ekri sou kont X li.
Madi apremidi 28 me 2024 la, Garry Conille bay demisyon l nan pòs direktè Fon nasyon zini pou timoun (Unicef) pou rejyon Amerik latin ak Karayib yo, apre Konsèy prezidan pou tranzisyon an fin chwazi l kòm premye minis tranzisyon an, dapre sa ajans Associated press rapòte. Nan yon kominike, direktris jeneral Unicef la, Catherine Russell, di li swete Garry Conille báy bon rezilta, pou l pote lapè, lespwa timoun peyi d Ayiti yo tèlman bezwen ak yon sitiyasyon nòmal san brigandáy sou teritwa a.
Se te depi mwa janvye 2023, doktè Garry Conille te okipe pòs direktè Fon nasyon zini pou timoun (Unicef) pou rejyon Amerik latin ak Karayib yo. Garry Conille, ki gen 58 lane jodi a, te chèf gouvènman sou Michel Martelly ant 5 septanm 2011 pou rive 16 me 2012. Apre yon bouch louvri ak Martelly, Conille te bay demisyon l nan dat 24 fevriye 2012. Men, li te blije tann enstalasyon Laurent Lamothe, ki ta pral ranplase l, anvan l kite ofisyèlman pòs premye minis la nan dat 16 me 2012.
Plizyè òganizasyon, pati politik ak lòt moun, tankou kandida ki pa pase nan demach pou vin premye minis tranzisyon an, bat bravo kanmenm pou desizyon Konsèy prezidan pou tranzisyon an, ki chwazi Garry Conille kòm pwochen chèf goouvènman tranzisyon an nan peyi d Ayiti.
Garry Conille, se yon moun ki gen esperyans lòt bò dlo ak nan peyi a. Li sanble báy enstitisyon yo enpòtans, nan fason l ap traváy. Conille ap bezwen traváy ak sans responsablite pou rive jwenn inite, ki ka fè peyi d Ayiti pran chimen limyè. Sa nou tout ap tann, se rezilta Garry Conille va pote anfas gwo defi ki genyen nan peyi d Ayiti jodi a. M ap tann pou m wè si l pral kapab kondi bak peyi d Ayiti a yon fason diferan, oubyen si l ap kontinye sou menm vye mès ak vye pratik politik yo, ki lage peyi d Ayiti nan sitiyasyon katyouboumbe li ye jodi a. Se analiz sou AlterPresse ak AlterRadio espesyalis nan syans politik Joseph Harold Pierre. [ppsf emb rc apr 30/05/2024 13:05]
