Español English French Kwéyol

Virewon aktyalite Ayiti : Menm jan ak 2004, 20 lane apre, se yon fonksyonè Nasyon zini, Garry Conille, ki vin premye minis tranzisyon

Pòtoprens, 29 me 2024 [AlterPresse] --- 20 lane apre, menm jan ak 2004, se yon fonksyonè Nasyon zini Konsèy prezidan pou tranzisyon an (Kpt) chwazi kòm premye minis tranzisyon an nan peyi d Ayiti. Depi mwa janvye 2023, doktè Garry Conille okipe pòs direktè Fon nasyon zini pou timoun (Unicef) pou rejyon Amerik latin ak Karayib yo. Garry Conille, ki gen 58 lane jodi a, te chèf gouvènman sou Michel Martelly ant 5 septanm 2011 pou rive 16 me 2012. Apre yon bouch louvri ak Martelly, Conille te bay demisyon l nan dat 24 fevriye 2012. Men, li te blije tann enstalasyon Laurent Lamothe, ki ta pral ranplase l, anvan l kite ofisyèlman pòs premye minis la nan dat 16 me 2012.

Se apre diskisyon ak 5 kandida nou te kenbe yo nou deside chwazi Garry Conille pou vin dirije gouvènman tranzisyon an. Se sa Edgard Leblanc Fils, ki se kòdonatè aksyon nan Konsèy prezidan pou tranzisyon an, ekri nan yon mesaj sou kont X li. Se nan tèt ansanm manm Kpt yo deside chwazi Garry Conille kòm premye minis. Se sa konseye Fritz Alphonse Jean ekri sou kont X li, madi apremidi 28 me 2024 la.

Konsèy prezidan pou tranzisyon an (Kpt) poko di konbyen ministè li pral deside nan gouvènman tranzisyon an, ni konbyen kòb manm Kpt yo ak minis yo pral touche chak mwa. Kpt a poko di non pplis ki lè l ap met kanpe Konsèy nasyonal sekirite a ak estrikti k ap gen pou voye je sou aksyon, gouvènman tranzisyon an pral fè yo.

Ansanm, nou pral traváy pou yon demen miyò pou tout pitit peyi d Ayiti yo. Se pwomès doktè Garry Conille, apre l aprann se limenm ki pral dirije gouvènman tranzisyon an, jis nan dat 7 fevriye 2026. Se yon lonè pou mwen, dèske Konsèy prezidan pou tranzisyon an chwazi m, pou vin dirije gouvènman tranzisyon an. Mwen di tout òganizasyon nan sosyete sivil la, pati politik ak manm dyspora yo mèsi anpil, paske yo te bay non m kòm kandida pou pòs premye minis la. Se sa Garry Conille ekri sou kont X li.

Plizyè òganizasyon, pati politik ak lòt moun, tankou kandida ki pa pase nan demach pou vin premye minis tranzisyon an, bat bravo kanmenm pou desizyon Konsèy prezidan pou tranzisyon an, ki chwazi Garry Conille kòm pwochen chèf goouvènman tranzisyon an nan peyi d Ayiti.

Garry Conille, se yon moun ki gen esperyans nan entènasyonal la ak nan peyi a. Li sanble báy enstitisyon yo enpòtans, nan fason l ap traváy. Conille ap bezwen traváy ak sans responsablite pou rive jwenn inite, ki ka fè peyi d Ayiti pran chimen limyè. Sa nou tout ap tann, se rezilta Garry Conille va pote anfas gwo defi ki genyen nan peyi d Ayiti jodi a. Men, mwen gen rezèv. M ap tann pou m wè si l pral kapab kondi bak peyi d Ayiti a yon fason diferan, oubyen si l ap kontinye sou menm vye mès ak vye pratik politik yo, ki lage peyi d Ayiti nan sitiyasyon katyouboumbe li ye jodi a. Se analiz sou AlterPresse ak AlterRadio espesyalis nan syans politik Joseph Harold Pierre.

Pi gwo defi pou peyi d Ayiti jodi a, se jwenn fòmil solisyon nan gwo pwoblèm k ap brase bil peyi a, tankou sekirite, konferans nasyonal ak eleksyon. Nou pare pou kolabore ak gouvènman tranzisyon an. Men, fòk popilasyon an sispann kontinye nan madoulè, sispann kontinye viv nan move kondisyon li ye yo. Dwe gen mobilizasyon ak tèt ansanm nan tout nivo, pou sa ka rive fèt. Gouvènman tranzisyon an dwe respekte lalwa epi fè lajistis la mache kòmsadwa, san fòs kote. Se dizon pati politik Mouvman patriyotik popilè desalinyen (Mopod) sou AlterPresse ak AlterRadio.

Desizyon chwazi Garry Conille pou vin chèf gouvènman tranzisyon an, se yon bon pa nan deblozáy politik peyi d Ayiti a. Men, n ap tann Konsèy prezidan pou tranzisyonn an ak nouvo premye minis lan chwazi sila, k ap nan gòuvènman tranzisyon an. N ap tann yo suiv sa k ekri nan akò politik 3 avril 2024 la, pou wè ki rezilta ekip tranzisyon an pral bay sou gwo pwoblèm yo, tankou sitiyasyon laterè a, briganday politik yo. Se konsiderasyon sou AlterPresse ak AlterRadio ansyen senatè Sorel Jacinthe, ki te nan alyansáy ak Ariel Henry nan akò 21 desanm 2022 a.

Madi 28 me 2024 la, nimewo jounal ofisyèl « Le Moniteur » soti dekrè ki di kouman Konsèy prezidan pou tranzisyonn an (Kpt) ap mache. Se 5 konseye sou 7, ki ta dwe vote nan moman gwo desizyon Kpt a va pran nan direksyon politik peyi d Ayiti a.

Madi 28 me 2024 la, lapolis nasyonal la arete nan komin Ansapit, depatman Sidès, sou fwontyè ak Pedernales, Junior Cyprien, ki sanble t ap fè mannèv pou al kache nan peyi Repiblik Dominiken. Direksyon santral lapolis k ap traváy pou lajistis nan depatman Sidès la t ap chèche arete Junior Cyprien, sou akizasyon li te vòlò byen moun, dapre lapolis.

Ride lapolis nasyonal la gen plis kapasite pou mennen bon jan operasyon kont gang ak zam yo. Se objektif Pwogram Nasyon zini pou devlopman (Pnud) di l ap rapousuiv, lè l remèt, bay lapolis nasyonal la, plizyè ekipman ak materyèl, tankou kas, boukliye, jilè pwoteksyon kont bal, madi 28 me 2024 la, nan aryopò entènasyonal Pòtoprens lan. [ppsf emb rc apr 29/05/2024 13:47]