Gresye (Ayiti), 28 me 2024 [AlterPresse] --- Lendi 27 me 2024 la, gang ak zam yo blese yon polisye nasyonal epi boule yon machin blende, ki te tonbe an pán, nan moman boukantáy kout zam ant gang ak zam yo ak lapolis. Lapolis nasyonal la pa t gen aparèy pou retire machin blende a nan twou, kote l te tonbe a. Sa pase nan lokalite Kolonbye, komin Gresye, sou wout nasyonal nimewo 2 a, kote tansyon an kontinye depi atak gang ak zam yo lannuit vandredi 10 me 2024 la kont komisarya polis Gresye a.
Se jisteman depi lannuit vandredi 10 me 2024 la gang ak zam yo ap simen laterè nan komin Gresye, sou wout nasyonal nimewo 2 a. Vyolans sa yo fòse plis pase 4 mil moun sètoblije deplase kite kay kote yo te rete nan Gresye, pou al chèche refij divès kote nan komin Leyogán, ki sou yon distans 12 kilomèt nan sid Gresye.
Gen 65 pousan fanmi nan zòn metwopoliten Pòtoprens lan, ki pa jwenn kantite manje yo plis bezwen pou kò yo ka dyanm. Se sitou fannni k ap viv nan komin Site Soléy, Kwadèboukè ak Kafou, ki plis nan sitiyasyon malouk sa a, pou mwa me 2024 la. Se konsekans laterè ak lòt kalte vyolans gang ak zam yo, ki anpeche vyann, pwason, lèt, viv ak lòt pwodui ki pi enpòtan yo soti divès kote pou rive nan komin sa yo. Se sa Pwogram lamanjay mondyal (Pam) ekri nan yon rapò sou sitiyasyon manje ak grangou nan peyi Karayib yo, pami yo peyi d Ayiti.
Menm lè yo gen papye, natif natal migran, fanm kou gason, Ayiti yo toujou ap viv nan kè sote sou teritwa Repiblik Dominiken an. Otorite migrasyon dominiken yo ka arete yo ak sezi dokiman yo nenpòt ki lè, nenpòt ki kote, lòt bò fwontyè yo.
Se pa sèlman nan Repiblik Dominiken natif natal Ayiti yo ap sibi move tretman. Se nan tout peyi rejyon Amerik latin ak Karayib yo natif natal, fanm kou gason, Ayiti yo ap fè fas kare ak gwo difikilte. Se yon lòt kout rèl platfòm Gwoup k ap apiye rapatriye ak refijye yo (Garr).
Jisteman, dosye migrasyon natif natal Ayiti yo te gen yon gwo plas nan moman kanpay pou eleksyon prezidan, ki te fèt dimanch 19 me 2024 la nan peyi Repiblik Dominiken. Pandan mwa avril 2024 la, otorite Repiblik Dominiken yo pouse do plis pase 35 mil migran, fanm kou gason, natif natal Ayiti. Gen plis pase 8 mil lòt, ki t ap eseye rantre sou teritwa dominiken an, yo pimpe retounen pa bò isit sou teritwa Ayiti a. Se sa platfòm Gwoup k ap apiye rapatriye ak refijye yo (Garr) ekri nan yon rapò, li fè soti nan dat vandredi 24 me 2024 la.
Nan yon pozisyon yo pran nan dat 21 me 2024 la, Rezo Amerik k ap defann dwa migran, fanm kou gason, natif natal Ayiti yo te leve lavwa tou kont fason yo wè plizyè peyi, tankou Repiblik Dominiken, Etazini, Bayamas, ak Zile Tik ak Kayikòs, mete pinga pou Ayisyen yo pa antre sou teritwa yo san papye. Rezo a denonse fason peyi sa yo kontinye ak rapatriman, depòtasyon, nan yon moman kote laterè ak lòt zak vyolans gang ak zam yo ap ogmante pi rèd nan peyi d Ayiti. Rezo Amerik k ap defann dwa migran, fanm kou gason, natif natal Ayiti yo ekzije bon jan pwoteksyon pou migran, fanm kou gason, ak tout sila k ap chèche jwenn azil yo nan rejyon Amerik ak Karayib yo.
Apre plis pase 6 mwa grèv, pou ekzije pi bon kondisyon traváy ak lòt avantáy sosyal, Asosyasyon nasyonal grefye ayisyen yo (Anagh) deside leve mouvman sispann travay yo a, yo t ap fè depi dat 12 desanm 2023 a. Asosyasyon nasyonal grefye ayisyen yo mande tout grefye, ki nan 18 espas tribinal peyi d Ayiti yo, reprann traváy pou pèmèt lajistis la mache kòmsadwa, nan yon nòt ki pote dat lendi 27 me 2024 la.
Nan moman kote soufrans popilasyon a ap angrave pi rèd, avèk gang ak zam yo k ap pran kontwòl plis teritwa, detan y ap fè plis krim, Konsèy prezidan pouu tranzisyon an (Kpt) parèt ap kore pouvwa defakto, ki te siyen akò 21 desanm 2022 a. Kpt a pa montre popilasyon a li pran yon lòt direksyon politik, avèk yon lòt kalte jesyon, depi yon mwa li pran mayèt politik la. Se te nan dat jedi 25 avril 2024 la li te enstale ofisyèlman nan Palè nasyonal. Se nan sekrè, san okenn dispozisyon transparans, manm Konsèy prezidan pou tranzisyon an ap mennen demach pou chwazi yon premye minis tranzisyon. Sa ki ka fè Kpt a pèdi konfyans ak kredi bò kote popilasyon an. Pou kanpe politik pèdi tan sa a, pou pèmèt nouvo gouvènman tranzzisyon ki pral vini a gen yon manda kòrèk, li ta nesesè pou yo rann piblik prese prese akò 3 avril 2024 la ak dekrè ki di kouman Kpt a ap mache, nan jounal ofisyèl « Le moniteur ». Se pinga ak rekòmandasyon Biwo suivi akò 30 dawout 2021 an, yo plis konnen sou non akò Montana a, voye nan yon nòt avètisman ki soti nan dat 28 me 2024 la.
Premye minis pou yon bout tan an, Michel Patrick Boisvert, ap okipe plas chèf gouvènman peyi d Ayiti, jis lè yon nouvo premye minis va pran mayèt politik la. Se sa Konsèy prezidan pou tranzisyon an, ki enstale depi dat jedi 25 avril 2024 la, deside nan yon reyinyon espesyal konsèy minis vandredi 24 me 2024 la. Jounal ofisyèl « Le Moniteur » rann piblik desizyon sa a nan nimewo l ki soti lendi 27 me 2024 la. [ppsf emb rc apr 28/05/2023 14:23]