Pòtoprens, 27 me 2024 [AlterPresse] --- Lengis, pwofesè ak plimeyank ayisyen Pierre Michel Chéry, ki te youn nan manm Akademi Kreyòl ayisyen an (Aka), mouri anba maladi samdi 25 me 2024 la nan Pòtoprens, ak 68 lane sou tèt li. Pierre Michel Chéry te fèt nan dat 18 mas 1956 nan Sen Michel diSid.
Se yon gwo kou ki fè nou mal anpil, non sèlman pou Akademi kreyòl ayisyen an, men tou pou tout sosyete a, lè nou sonje jan Pierre Michel Chery te pote kole anpil nan lavi pèp ayisyen an, kòm espesyalis nan inivèsite, kòm plimeyank, kòm pwofesè, kòm militann politik. Se konsa Akademi Kreyòl ayisyen an (Aka) di doulè l genyen apre lanmò Pierre Michel Chery.
Yon lòt bò, se toujou gwo emosyon ak endiyasyon nan peyi d Ayiti apre gang ak zam asasinen, jedi swa 23 me 2024, 2 misyonè ameriken Natalie (Baker) Lloyd ak Davy Lloyd, ak yon misyonè ayisyen Jude Montis, ki te responsab yon òfelina nan Lizon, Bon Repo, Laplenn, sou wout nasyonal nimewo 1 an.
Detan l voye senpati l bay fanmi viktim yo, báy gouvènman ak pèp ameriken an, Konsèy prezidan pou tranzisyon an (Kpt) pwomèt pou l pran tout dispozisyon, ak sipò kominote entènasyonal la, pou l met bout nan laterè gang ak zam yo. Kpt a di l pase lapolis nasyonal la lòd pou louvri yon ankèt ki va fè limyè sou kò sasinay 23 me 2024 la sou 3 misyonè yo, 2 natif natal Ameriken ak yon natif natal Ayisyen, ki t ap dirije yon òfelina nan Lizon, Laplenn.
Lapolis nasyonal d Ayiti fè konnen li deja louvri yon ankèt pou rive jwenn ki yès ki fè kò sasináy sa a sou 2 misyonè ameriken ak yon misyonè ayisyen.
Dwe gen bon jan dispozisyon pou ranfòse lajistis la epi met kanpe yon Komisyon jistis ak verite pou rapousuiv tout sila ki fè krim sou teritwa Ayiti a, Se dizon Ofis pwoteksyon sitwayen (Opc). Opc ekzije yon bon pase men nan direksyon jeneral lapolis nasyonal Ayiti a, apre kò sasináy sou 2 misyonè ameriken ak yon misyonè ayisyen, jedi swa 23 me 2024 la, nan Lizon, Bon Repo, Laplenn, sou wout nasyonal nimewo 1 an. Pase men sa yo, se ta yon siyal pou rive met bout nan laterè gang ak zam yo nan peyi d Ayiti, dapre Opc.
Depi plizyè semenn, Sendika lapolis nasyonal d Ayiti a (Spnh-17) ak Sendika polisye nasyoal ayisyen yo (Synapoha), yo chak bò kote pa yo, ekzije bon jan pase men nan tèt lapolis nasyonal d Ayiti a, kote yo swete gen yon lòt direktè jeneral nan plas Frantz Elbe.
Detan l leve lavwa kont pil ak pakèt zak vyolans gang ak zam yo sou teritwa Ayiti a, Konferans pastè ayisyen yo (Copah) ekzije bon jan dispozisyon pou fè san sipann koule nan peyi d Ayiti, nan yon nòt li rann piblik dianch 26 me 2024 la.
Sèvis ijans, ki pot non Haitian emergency response operations (Hero) di medya Cnn li te fè kòdinasyon ak jere operasyon, ki te pèmèt yo rive rekipere kò misyonè ameriken viktim yo epi pote yo nan yon mòg.
Anbasad aneriken nan peyi d Ayiti ta fè konnen ta gen gwo danje nan zòn Laplenn nan, ki ta anpeche yo ta mande polisye ayisyen yo al pote sekou bay misyonè ameriken Natalie (Baker) Lyod ak Davy Lloyd, ak misyonè ayisyen Jude Montis. Gouvènman ameriken an te bandonnen misyonè sa yo nan moman yo plis bezwen. 3 misyonè sa yo te nan difikilte jedi swa 23 me 2024 la nan Lizon, Bon Repo, sou wout nasyonal nimewo 1 an. Se sa senatè repibliken nan Leta Misouri, peyi Etazini, Josh Hawley, denonse nan yon lèt li voye bay prezidan ameriken an Joe Biden.
Gouvènman peyi Etazini a ta dwe pran tout dispozisyon, kòm pi piti aksyon, pou antre ak kadav Natalie (Baker) Llyod ak Davy Lloyd sou teritwa ameriken an. Se sa senatè repibliken Missouri a Josh Hawley mande prezidan Joe Biden, nan lèt li voye ba li dimanch 26 me 2024 la.
Nan peryòd gouvènman Joe Biden nan, gen natif natal ameriken yo bandonnen nan peyi Afghanistan. Gen natif natal ameriken ki nan men gwoup palestinyen Hamas yo. Jedi swa 23 me 2024, gen 2 natif natal ameriken ki mouri anba bal gang ak zam nan peyi d Ayiti yo. Gouvènman Joe Biden nan ta báy lòt peyi plis enpòtans, detan l kite natif natal peyi Etazini yo ap degaaje yo pou sove lavi yo poukont yo. Se sa depite repibliken ameriken Leta Georgia, Marjorie Taylor Greene, ekri sou kont X li.
Gen 2 mil polisye ayisyen ki sipoze, koumansman mwa jen 2024 la, al pran fòmasyon espesyal, pandan 15 jou, nan peyi Kenya, sou estrateji batay sou teren an pou fè fas kare ak gang ak zam yo. Se ta yon desizyon, ki te pran nan chita pale Konsèy prezidan pou tranzisyon an ak delegasyon lapolis Kenya a, ki te vini nan peyi d Ayiti semenn pase a. Se sa medya The Star Kenya rapòte.
Se ta nan 3 semenn polisye peyi Kenya yo pral deplòtonnen sou teritwa Ayiti a. Se sa prezidan Kenya a William Ruto di nan yon entèvyou li bay medya angle British broadcasting corporation (BBC), ki tabli nan Lonn, kapital peyi Angletè, depi dat 18 oktòb 1922.
Ta gen sèlman 5 moun, Konsèy prezidan pou tranzisyon an (Kpt) ta kenbe toujou pami tout sila, ki te depose dosye kandida yo pou vin okipe pòs premye minis tranzisyon an, jis rive 7 fevriye 2026 nan peyi d Ayiti. Deba, ki te sipoze fèt madi 28 me 2024 la douvan Kpt a nan Vila Akèy la, avèk 5 kandida ki rete yo, p ap fèt ankò, kontrèman ak sa k te prevwa anvan yo, dapre enfòmasyon disponib yo.
Mouvman Montana a, ki soti nan akò 30 dawout 2021 an, ki gen reprezantan l Fritz Alphonse Jean nan Konsèy prezidan pou tranzisyon an (Kpt), ap reyini tanzantan ak delege akò Montana a sou jesyon politik peyi d Ayiti a. Se desizyon sa a ki pran, apre yon chita pale, dimanch 26 me 2024 la, ant Fritz Alphonse Jean ak òganizasyon ki te siyen akò 30 dawout 2021 an, sou sitiyasyon politik la, sou demach pou chwazi yon premye minis tranzisyon ak sou koze koripsyon ki ta genyen andedan Konsèy prezidan pou tranzisyon an. Se sa konseye Fritz Alphonse Jean ekri sou kont X li. [ppsfemb rc apr 27/05/2024 13:55]