Español English French Kwéyol

Virewon aktyaite Ayiti : Kò sasinay sou 2 ameriken ak yon ayisyen, sitiyasyon mangonmen nan Gresye, pinga kont abi sou migran Ayiti yo, yon mwa depi enstalasyon Konsèy prezidan pou tranzisyon an

Pòtoprens, 24 me 2024 [AlterPresse] --- Lannuit jedi 23 pou antre vandredi 24 me 2024 la, gang ak zam asasinen nan Lizon. Bon Repo, sou wout nasyonal nimewo 1 an, nan nò Pòtoprens, 2 natif natal peyi Etazini ak yon natif natal peyi d Ayiti. Davy Lloyd, Natalie Lloyd ak Jude Montis te responsab yon òfelina nan Laplenn, peyi d Ayiti. Se sou paj Facebook li òganizasyon Missions in Haiti bay nouvèl kò sasináy sou 3 natif natal peyi Etazini sa yo.

Kè m dedhire an miyèt moso. Mwen pa janm viv yon madoulè konsa anvan. Gang ak zam atake epi asasinen pitit fi mwen ak mari l, ki te nan misyon nan peyi d Ayiti. Mwen mande lapriyè pou fanmi m yo. Nou bezwen anpil kouraj douvan eprèv sa a. Mwen pa jwenn lòt mo ankò pou m di kounye a. Se kout rèl depite repibliken Leta Misouri nan kongrè ameriken an, Ben Baker, nan yon mesaj li ekri sou paj Facebook li

Finisman mwa me 2024 sa a, sitiyasyon an toujou mangonmen nan komin Gresye, sou wout nasyonal nimewo 2 a, nan sid Pòtoprens. Se depi lannuit vandredi 10 me 2024 la gang ak zam yo ap simen laterè nan Gresye, malgre jefò lapolis nasyonal la pou twoke kòn ak yo. Gen plis pase 4 mil moun, ki sètoblije deplase kite lakay yo Gresye, pou al pran refij sitou divès kote nan komin Leyogán, ki pa twò lwen Gresye, akoz vyolans gang ak zam yo.

Gang ak zam yo kontinye rèd mare ap simen laterè plizyè kote nan zòn metwopoliten Pòtoprens lan, nan moman preparasyon yo parèt ap vanse pou fòs miltinasyonal la vin deplòtonnen sou teritwa Ayiti a.

Nan yon pozisyon yo pran nan dat 21 me 204 la, Rezo Amerik k ap defann dwa migran, fanm kou gason, natif natal Ayiti yo leve lavwa kont fason yo wè plizyè peyi, tankou Repiblik Dominiken, Etazini, Bayamas, ak Zile Tik ak Kayikòs, mete pinga pou Ayisyen yo pa antre sou teritwa yo san papye, epi kontinye ak rapatriman yo, depòtasyon yo, nan yon moman kote laterè ak lòt zak vyolans gang ak zam yo ap ogmante pi rèd nan peyi d Ayiti. Yo ekzije bon jan pwoteksyon pou migran, fanm kou gason, ak tout sila k ap chèche jwenn azil yo.

25 avril 2024 – 25 me 2024 la, sa fè yon mwa depi enstalasyon ofisyèl nan Palè nasyonal Konsèy prezidan pou tranzisyon an (Kpt). Kpt a poko pran okenn dispozisyon konsekan pou kwape laterè gang ak zam yo, ni lavi chè a k ap malmennen popilasyon an rèd mare.

Sou yon mwa depi l pran mayèt politik peyi d Ayiti a, Konsèy prezidan pou tranzisyon an poko bay okenn enfòmasyon sou bidjè l, ni sou konbyen kòb manm li yo ap touche, èske yo fè deklarasyon byen yo.

Preparasyon k ap fèt pou fòs miltinasyonal la deplòtonnen sou teritwa Ayiti a. Se te tèm diskisyon, jedi 23 me 2024 la, ant Konsèy prezidan pou tranzisyon an ak yon delegasyon polis peyi Kenya yo. Se sa Kpt a fè konnen nan yon nòt.

Se depi lendi 20 me 2024 la, gen yon delegasyon lapolis peyi Kenya ki rive nan peyi d Ayiti pou vin fè evalyasyon sou travay preparasyon pou yon fòs miltinasyonal ta vin deploòtonnen sou teritwa Ayiti a. Delegasyon lapolis Kenya sa a, ki gen ladan moun ki ta dwe vin kòmande fòs miltinasyonal sa a, deja chita pale ak responsab lapolis nasyonal d Ayiti yo epi ak Biwo entegre Nasyon zini nan peyi d Ayiti (Binuh)

Jedi 23 me 2024 la, enspeksyon jeneral lapolis nasyonal d Ayiti a òganize yon sesyon fòmasyon, sou deplòtonnáy fòs miltinasyonal pou kore sekirite nan peyi d Ayiti a. Sesyon fòmasyon sa a te fèt pou responsab Swat, responsab Kò entèvansyon ak pou kenbe lòd la (Cimo), Inite depatman pou kenbe lòd la (Idmo), Brigad rechèch ak entèvansyon (Bri), Biwo lit kont trafik dwòg (Blts), Brigad operasyon ak entèvansyon nan depatman yo (Boid), Brigad lit kònt zak vòlò machin (Blvv), Inite pou yon bout tan antigang (Itag). Plis detay sou sesyon fòmasyon jedi 23 me 2024 la avèk enspektè jeneral Fritz Saint-Fort.

Polisye peyi Kenya yo ap vin traváy pou pèmèt sekirite a retounen, pou vin kraze gang ak zam yo k ap fè popilasyon ayisyen an soufri anba tout kalte madoulè. Se nan respè lalwa, fòs miltinasyonal la pral fè fas kare ak gang kriminèl ak zam yo. Se deklarasyon prezidan Kenya a. William Ruto, nan yon kozman ak laprès, li te bay ansanm ak prezidan ameriken an Joe Biden, jedi 23 me 2024 la nan Washington.

Mwen kwè peyi Kenya gen ase fòs repondong pou fè fas kare ak gang kriminèl ak zam yo, ki lage peyi d Ayiti nan yon kriz sekirite san parèy. Se deklarasyon, sou bò pa l, prezidan peyi Etazini a, Joe Biden, nan menm kozman ak laprès, li te bay ansanm ak prezidan Kenya a Wiliam Ruto, jedi 23 me 2024 la nan Palè ameriken an nan Washington.

Fòs miltinasyonal ki pral deplòtonnen an p ap vin goumen ak gang ak zam yo. Yo pral asire fòmasyon polisye ayisyen, ki pral twoke kòn ak gang ak zam yo. Men, polisye Kenya yo ap bay repons nesesè yo, sizoka gang ak zam yo ta atake yo. Konsèy prezidan pou tranzisyon an pral báy lapolis nasyonal la tout mwayen konsekan, pou kwape degenn gang ak zam yo sou teritwa Ayiti a. Se sa reprezantan pati politik Fanmi Lavalas la andedan Konsèy prezidan pou tranzisyon an, Leslie Voltaire, te di nan yon entèvyou li te báy medya franse France 24.

Fòs miltinasyonal la ap gen pou ride lapolis nasyonal la nan operasyon sou teren an. Li va fè sa nan ranfòse kapasite lapolis la pou byen pwograme operasyon l yo ak mennen operasyon yo nan tèt kole ak fòs miltinasyonal la kont tout fòm laterè ak vyolans gang ak zam yo. Fòs miltinasyonal la ap ride lapolis la garanti sekirite gwo enstalasyon yo, tankou waf, aryopò, lekòl, lopital, wout yo. Se sa rezolisyon 3 oktòb 2023 Konsèy sekirite Nasyon zini yo prevwa.

Jedi 23 me 2024 la, nan yon reyinyon espesyal ak minis gouvènman de fakto ki prale a, Konsèy prezidan pou tranzisyon an (Kpt) deside pran yon dekrè, ki di ki jan y ap òganize ak mache. Manm Kpt yo te fè boukantay lide sou fason y ap distribye responsablite ant konseye yo, sou sa yo rele gwo chantye tranzisyon an. Se yon fason pou jesyon tranzisyon an ka bay rezilta nan transparans pou peyi d Ayiti. Se dizon Konsèy prezidan pou tranzisyon an nan yon nòt.

Gouvènman peyi Etazini a bat bravo pou demach Konsèy prezidan pou tranzisyon an pou rive chwazi yon premye minis tranzisyon. Gouvènman peyi Etazini a di li pa pa tann ankò, pou peyi d Ayiti gen yon premye minis ak yon gouvènman tranzisyon, Konsèy prezidan pou tranzisyon an va chwazi sou baz merit teknik, nan yon operasyon transparans epi san fòs kote. Se pozisyon gouvènman peyi Etazini a, nan yon mesaj sou kont X anbasad ameriken nan peyi d Ayiti. [ppsf emb rc apr 24/05/2024 14:12]