Español English French Kwéyol

Virewon aktyalite Ayiti : Gang ak zam al tabli Mòn Lapyè Gonayiv, 900 lekòl pa travay depi jiyè 2023 nan Latibonit ak Lwès, danje abi ak zak maspináy dwa moun avèk Inite ankèt kriminèl transnasyonal Ayiti a

Gonayiv (Ayiti), 23 me 2024 [AlterPresse] --- Depi plizyè jou, gen gang ak zam k al tabli yon baz kriminèl nan zòn Mòn Lapyè, pa twò lwen vil Gonayiv, sou wout anba depatman Nòdwès, ki ale Ans Wouj lan. Se pa de machin, motosiklèt ak machandiz gang ak zam sa yo ap vòlò ak dechèpiye, dapre temwayáy ki vin jwenn AlterPresse ak AlterRadio.

Nan dènye mwa sa yo, plizyè chofè machin ak motosiklèt te pase plis nan Mòn Lapyè, pou ale anwo ak anba depatman Nòdwès la. Se te pou evite dechèpiyay kriminèl gang Kokorat san ras yo nan zòn Ti Bwadòm, Gwo Mòn, ak nan Lakwa Peris, toupre komin Lestè, depatman Latibonit, epitou nan Basen Ble, depatman Nòdwès. Gang ak zam Kokorat san ras yo kontinye atake chofè ak pasaje nan machin transpò piblik ak motosiklèt, k ap fè ale vini nan zòn sa yo.

Depi plizyè mwa, lapolis nasyonal la pa pran okenn dispozisyon pou kwape zak kriminèl gang ak zam yo nan Lakwa Peris ak nan Ti Bwadòm, depatman Latibonit.

Klima laterè ak lòt zak vyolans gang ak zam yo fè plis pase 900 lekòl pa travay, depi mwa jiyè 2023, nan depatman Latibonit ak Lwès, kote nou jwenn zòn metwopoliten Pòtopres lan. Se yon sitiyasyon ki anpeche 200 mil timoun ale lekòl nan depatman Latibonit ak Lwès la. Se yon ranmase Biwo kòdinasyon zafè imanitè Nasyon zini nan peyi d Ayiti, moun plis konnen sou non Ocha.

Gen gwo danje pou ta gen abi ak zak maspináy dwa moun ki fèt, avèk dispozisyon pou met kanpe Inite ankèt kriminèl transnasyonal Ayiti a, ministè lajistis gouvènman defakto a te siyen avèk gouvènman peyi Etazini a, nan dat 14 fevriye 2024 la. Akò koperasyon sa a nan zafè sekirite pot non Memorandòm koperasyon. Kòd penal la, kòd enstriksyon kriminèl peyi d Ayiti a, ki la depi 1835, pa t prevwa ki jan pou yon estrikiti konsa, ki pa t ekziste anvan, pral aji anfas nouvo menas k ap parèt nan sosyete a. Se avètisman òganis dwa moun Fondasyon je klere (Fjkl), nan yon rapò li rann piblik mèkredi 22 me 2024 la.

Mèkredi 22 me 2024 la, Konsèy preziddan pou tranzisyon an chita pale ak plizyè pwofesyonèl nasyonal ak entènasyonal sou demach, pou rive met kanpe sa l rele Konsèy nasyonal sekirite a. Objektif chita pale sa a, se te gade ki kalte dispozisyon yo ka pran pou fè fas kare ak laterè ak tout fòm vyolans, gang ak zam yo blayi sou teritwa Ayiti a depi plizyè mwa.

Konsèy nasyonal sekirite a pral fè sipèvizyon asistans entènasyonal yo nan zafè sekirite, nan sa ki arevwa ak rezolisyon Konsèy sekirite Nasyon zini yo ki prevwa deplòtonnáy yon fòs mitinasyonal pou kore sekirite nan peyi d Ayiti. Se sa k ekri nan akò 3 avril 2024 la plizyè sektè te siyen an, dapre sa Konsèy prezidan pou tranzisyon an fè sonje nan yon nòt.

Depi koumansman mwa mas 2024 la, gang ak zam yo ap ekzekite yon plan demantibiláy plizyè pòs polis nan depatman Lwès la, sitou nan zòn metwopoliten Pòtoprens lan.

Lannuit mèkredi 22 pou antre jedi 23 me 2024 la, gang ak zam sa yo al kraze espas pòs polis Gran Ravin, anwo Matisan, apre yo pouse do plizyè moun ki t ap sèvi ak espas pòs polis sa a kòm refij.

Lannuit madi 21 me 2024 la, gang ak zam t al kontinye fè zak kraze brize nan pòs polis Matisan an, nan sid Pòtoprens lan, ki pa sou kontwòl lapolis nasyonal la depi atak gang ak zam yo nan mwa jen 2021.

Lannuit vandredi 17 pou antre samdi 18 me 2024 la, gang ak zam yo t al kraze komisarya polis Kwadèboukè a ak prizon fanm Kabarè a. 2 espas sa yo te bandonnen depi plizyè mwa.

Avyon komès yo, ki rekoumanse vwayaje nan aryopò entènasyonal Pòtoprens lan, depi lendi 20 me 2024 la, va fasilite operasyon òganizasyon imanitè yo nan peyi d Ayiti. Se deklarasyon Stephane Dujarric, ki se pòtvwa sekretè jeneral Òganizasyon Nasyon zini yo, ki t ap pale nan yon kozman ak laprès mèkredi 22 me 2024 la, nan Nouyòk, peyi Etazini.

Polisye ayisyen yo ap militè lame d Ayiti yo fè yon gwo traváy, pou reprann kontwòl aryopò entènasyonal Pòtoprens lan ak divès lòt gwo enstalasyon leta nan kapital la. Tout avyon komès peyi Etazini yo, ki konn fè alevini nan Pòtoprens yo, pral rekoumanse vwayaje nan jou k ap vini yo, nan aryopò entènasyonal Pòtoprens la. Lapolis nasyonal Ayiti a bezwen plis sipò pou l gen kontwòl sitiyasyon an nètalkole. Se konsiderasyon, douvan sena ameriken an, Anthony Blinken, ki se sekretè leta peyi Etazini a, ki jwe wòl minis zafè etranje peyi Etazini. Se sa ajans Reuters rapòte.

Fòs miltinasyonal ki pral deplòtonnen sou teritwa Ayiti a pral ride enterè sekirite nasyonal peyi Etazini a fè pwogrè. Sa pral pèmèt popilasyon ayisyen an rale yon souf. Sa pral montre wòl lidè gouvènman peyi Etazini genyen nan rejyon Karayib yo. Se pou sa nou mande tout kòlèg nou yo, nan palman peyi Etazini a, pran desizyon retire anbago yo te mete sou bourad 94 milyon dola ameriken, pou deplòtonnáy fòs miltinasyonal la sou teritwa Ayiti a. Se yon fason pou kwape laterè gang ak zam yo, k ap toupizi kominote yo nan peyi d Ayiti. Se sa 11 senatè ak 41 depite ameriken ekri nan yon lèt, yo voye bay komisyon zafè etranje nan sena a ak nan chanm reprezantan yo (chanm depite yo)

Ta gen reta nan operasyon achte machin blende, elikoptè, pou asire bon jan deplòtonnáy fòs miltinasyonal la ak ekipman nesesè yo. Se sa k ta esplike premye gwoup polisye Kenya yo, olye finisman mwa me 2024 la, ta kapab debake pito nan koumansman mwa jen 2024 la sou teritwa Ayiti a. Se sa yon responsab ki pa vle non l site deklare bay jounal ameriken Miami Herald. [ppsf emb rc apr 23/05/2024 13:47]