Español English French Kwéyol

Virewon aktyalite Ayiti : Tan fèmen, toubiyon nan Basen Ble, Kout rèl Msf, sanksyon kont 2 responsab lekòl Senmak...

Basen Ble (Ayiti}, 22 me 2024 [AlterPresse] --- Atansyon. Danje inondasyon bridsoukou nan plizyè depatman peyi d Ayiti yo.

Plis pase 50 moun blese, pami yo 10 ki nan yon eta grav. Gen plis pase 200 kay ki kraze ak sibi gwo domaj. Gen 300 fanmi ki lage san atèmiyò, apre kay yo kraze. Se konsekans yon toubiyon van ak lapli, ki frape lokalite Lasous ak Fon Papáy nan komin Basen Ble, depatman Nòdwès, madi apremidi 21 me 2024 la. Se yon ranmase pwoteksyon sivil, konsèy ekzekitif enterimè Basen Ble a ak Biwo kòdinasyon zafè imanitè Nasyon zini nan peyi d Ayiti, moun plis konnnen sou non Ocha.

Se premye fwa komin Basen Ble a sibi yon katastwòf nan nivo sa a, avèk anpil anpil moun ki blese ak pèdi kay kote yo te rete yo. Nou mande gouvènman santral la pote kole pou nou ka ride tout fanmi viktim yo, tankou pèmèt sila ki pèdi kay yo ale nan abri pwovizwa. Se dizon Konsèy ekzekitif enterimè Basen Ble a sou AlterPresse ak AlterRadio.

Depi finisman mwa fevriye 2024 la, zak vyolans yo vin rèd mare nan zòn metwopoliten Pòtoprens lan, avèk aryopò ak waf Pòtoprens lan ki te sètoblije fèmen akoz atak gang ak zam yo. Klima laterè sa a bloke aktivite nan sistèm lasante peyi d Ayiti yo, ki pa ka kòmande medikaman ak lòt materyèl nesesè yo. Nan sitiyasyon ijans sa yo, ta dwe gen plis souplès nan fason pou dedwane medikaman ak lòt materyèl lasante yo. Se kout rèl òganizasyon Metsen san fwontyè (Msf), ki mande otorite ladwann yo pèmèt founiti lasante yo kapab al jwenn popilasyon an ki nan gwo bezwen.

Akoz zak dechèpiyáy ak lòt zak vyolans, gen plis pase 30 sant lasante ak lopital, pami yo pi gwo a ki se lopital jeneral Pòtoprens lan, ki sètoblije sipann kontinye bay sèvis laswenyáy.

Ka tout moun, k ap soufri anba yon seri maladi, tankou tibèkiloz ak sila ki gen jèm Sida a nan san yo, kapab angrave poutèt yo pa ka jwenn laswenyáy nesesè yo ak medikaman ki ka sove lavi yo. Epitou move kondisyon, ki blayi nan plizyè kan moun deplase yo nan Pòtoprens, fè ogmante danje pou moun deplase yo trape maladi tankou kolera, dapre Msf.

Nan mwa mas 2024 la, Msf te louvri yon lopital Kafou, kote l te gen rezèv pou 6 mwa. Men, medikaman rezèv yo bese anpil, avèk pakèt moun lopital Msf Kafou a ap resevwa jou an jou. Menm posiblite pou achte papye pou rapò lasante yo vin tounen yon gwo defi, pami tout defi yo. Si disi 2 semenn, Msf pa resevwa materyèl lasante l ap tann yo, li pral sètoblije diminye anpil nan aktivite laswenyáy l ap báy yo. Se avétisman Medsen san fwontyè (Msf).

Plizyè òganizasyon ak moun depatman Latibonit fè yon gwo kout rèl anmwe kont pwojè gang ak zam Savyen yo genyen, pou al demantibile gwo moniman listwa Palè 365 pòt Ti Rivyè Latibonit lan, kote ki gen plizyè biwo leta.

Ministè edikasyon nasyonal mande tout moun mete l okouran tout move konpòtman ak zak malonèt, pwofesè ak direktè lekòl ta fè sou elèv nan lekòl yo. Yo ka bay enfòmasyon yo nan nimewo telefòn 3126 7519 ak 4720 4375.

Konpòtman direktè kolèj Georges Sylvain an, Felix Estime, nan lokalite Fresino, komin Senmak, depatman Latibonit, pa respekte okenn prensip nan zafè lekòl, tankou regleman ki entèdi pwofesè ak direktè bat elèv lekòl yo. Yon responsak kolèj Georges Sylvain an na Senmak te fè zak maspináy sou yon elèv lekòl la, dapre imaj videyo ki gaye sou rezo sosyal yo. Se pou sa ministè edikasyon asyonal fè konnen li pral pran sanksyon kont Felix Estime, ki se direktè kolèj Georges Sylvain an.

Ministè edikasyon nasyonal la di l ap tann rapò direksyon ledikasyon depatman Latibonit lan, pou deside sou ki fòm ak pou konbyen tan li pral pran sanksyon kont Felix Estime, direktè kolèj Georges Sylvain nan Fresino, komin Senmak la.

Lendi 20 me 2024 la, plizyè moun Mibalè, depatman Plato santral, pase alenfinitif 2 fanm, Younce Momplaisir ak Roseline Labrice, epi Djerby Alexis, lapolis nasyonal te arete, nan moman yo sanble t ap pran direksyon fwontyè ak Repiblik Dominiken an. Djerby Alexis ta rekonèt li se asosye gang ak zam Chen mechan nan laplenn. Li ta rekonèt tou li ta gen men l tranpe nan plizyè kò sasináy ak atak ki te fèt sou pòs polis Bon Repo a, finisman mwa fevriye 2024 la.

Madi 21 me 2024 la, nan yon lòt atak nan komin Tomazo, depatman Lwès la, gang ak zam 400 mawozo yo asasinen 4 moun anba bal. Yo boule plis pase 10 kay nan plizyè lokalite. Yo dechèpiye tou plizyè enstitisyon prive, tankou yon òfelina. Se yon ranmase plizyè medya.

Lannuit madi 21 me 2024 la, gang ak zam t al kontinye fè zak kraze brize nan pòs polis Matisan an, nan sid Pòtoprens lan, ki pa sou kontwòl lapolis nasyonal la depi atak gang ak zam yo nan mwa jen 2021.

Lannuit vandredi 17 pou antre samdi 18 me 2024 la, gang ak zam yo t al kraze komisarya polis Kwadèboukè a ak prizon fanm Kabarè a. 2 espas sa yo te bandonnen depi plizyè mwa.

Depi finisman mwa fevriye 2024 la, gang ak zam yo ap plede atake ak dechèpiye plizyè pòs polis nan depatman Lwès la.

Se lapolis nasyonal d Ayiti a ki pral gen kontwòl operasyon fòs miltinasyonal la sou ternen an, sou fason fòs miltinasyonal la pral aji ak kesyon lasante twoup yo. Se sa Konsèy prezidan pou tranzisyon an di nan yon nòt, apre yon chita pale, li te genyen madi 21 me 2024 la, avèk alatèt lapolis nasyonal yo, sou preparasyon deplòtonnay fòs miltinasyonal la nan peyi d Ayiti.

Fòs miltinasyonal ki pral deplòtonnen an p ap vin goumen ak gang ak zam yo. Yo pral asire fòmasyon polisye ayisyen, ki pral twoke kòn ak gang ak zam yo. Men, polisye Kenya yo ap bay repons nesesè yo, sizoka gang ak zam yo ta atake yo. Konsèy prezidan pou tranzisyon an pral báy lapolis nasyonal la tout mwayen konsekan, pou kwape degenn gang ak zam yo sou teritwa Ayiti a. Se deklarasyon reprezantan pati politik Fanmi Lavalas la andedan Konsèy prezidan pou tranzisyon an, Leslie Voltaire, nan yon entèvyou li báy medya franse France 24.

Fòs miltinasyonal la ap gen pou ride lapolis nasyonal la nan operasyon sou teren an. Li va fè sa nan ranfòse kapasite lapolis la pou byen pwograme operasyon l yo ak mennen operasyon yo, nan tèt kole ak fòs miltinasyonal la, kont tout fòm laterè ak vyolans gang ak zam yo. Fòs miltinasyonal la ap ride lapolis la garanti sekirite gwo enstalasyon yo, tankou waf, aryopò, lekòl, lopital, wout yo. Se sa rezolisyon 3 oktòb 2023 Konsèy sekirite Nasyon zini yo prevwa.

Ta gen reta nan operasyon achte machin blende, elikoptè, pou asire bon jan deplòtonnáy fòs miltinasyonal la ak ekipman nesesè yo. Se sa k ta esplike tou premye gwoup polisye Kenya yo ta kapab debake pito nan koumansman mwa jen 2024 la sou teritwa Ayiti a. Se sa yon responsab ki pa vle non l site deklare bay jounal ameriken Miami Herald. [ppsf emb rc apr 22/05/2024 14:18]