Español English French Kwéyol

Virewon aktyaite Ayiti : Martelly ak alyansáy li yo ta fè presyon ak mannèv pou gang ak zam yo ta jwenn amnisti, Martelly di se pa vre nan New York Times, kanpáy operasyon netwayáy nan zòn metwopoliten Pòtoprens lan

Pòtoprens, 21 me 2024 [AlterPresse] --- Jounal ameriken New York Times fè konnen ansyen prezidan Joseph Michel Martelly ak alyansáy li yo ta fè presyon ak mannèv pou yo ta kase fèy, kouvri zak laterè ak lòt vyolans gang ak zam yo ap simaye san gade dèyè, sitou depi lane 2021 an, sou teritwa Ayiti.

Mwen voye jete tout akizasyon sa yo, ki gen motivasyon politik, ki gen men politik dèyè yo. Mwen pa janm gen relasyon ak gang ak zam yo. Mwen pa janm pale de amnisti pou pèsonn. Se sa Michel Martelly deklare bay jounal New York Times.

Nan dat 20 novanm 2022, gouvènman Kanada a te deside pran sanksyon kont Michel Martelly ak ansyen premye minis Laurent Salvador Lamothe ak Jean Henry Céant, li sispèk ki ta nan konfyolo ak gang ak zam yo nan peyi d Ayiti.

Gouvènman Kanada a te pran sanksyon tou kont senatè Rony Célestin, ansyen sennatè Herve Fourcand ak ansyen depite Gary Bodeau ki ta sèvi ak pozisyon politik yo pou kore aktivite gang ak zam yo.

Nan dat 3 novanm 2022, gouvènman Kanada ak Etazini te pran sanksyon kont Joseph Lambert ak Youri Latortue, poutèt yo ta gen men yo tranpe nan aktivite kriminèl, tankou trafik dwòg.

Depi lendi 20 me 2024 la, gen yon delegasyon lapolis peyi Kenya ki rive nan peyi d Ayiti pou vin fè evalyasyon sou travay preparasyon pou yon fòs miltinasyonal ta vin deploòtonnen sou teritwa Ayiti a. Delegasyon lapolis Kenya sa a, ki gen ladan l moun ki ta dwe vin kòmande fòs miltinasyonal sa a, dwe gen plizyè chita pale. Pami chita pale sa yo, ap gen youn ak responsab lapolis nasyonal d Ayiti yo, youn ak Biwo entegre Nasyon zini nan peyi d Ayiti (Binuh).

Delegasyon lapolis Kenya a rive nan peyi d Ayiti, lavèy yon vizit ofisyèl prezidan Kenya a William Ruto, ki pral chita pale, jedi 23 me 2024 la nan Washington, ak prezidan ameriken an Joe Biden sou plizyè dosye. Pami dosye sa yo, ap gen kesyon deplòtonnáy fòs miltinasyonal la sou teritwa Ayiti a.

Apati dat jedi 23 me 2024 la, gouvènman peyi Etazini a ap pare. Nou sou bon wout la. N ap jwe yon wòl enpòtan nan bourad lojistik ak lajan pou deplòtonnáy fòs miltinasyonal la sou teritwa Ayiti a. Nou pral fè tout sa nou kapab pou misyon miltinasyonal sa a bay bon rezilta. Se deklarasyon, nan yon woumble vandredi 17 me 2024 la, Laura Richardson k ap kòmande Inite Sid lame peyi Etazini, youn nan 11 inite ki depann de depatman defans peyi Etazini.

Lendi 20 me 2024 la, gen 2 avyon komès ki ateri nan aryopò entènasyonal Pòtoprens lan. Se depi plis pase 2 mwa aryopò entènasyonal la ak ti aryopò Pòtoprens lan te fèmen apre atak yo te sibi anba men gang ak zam yo.

Pwoteje lasante moun k ap viv nan kapaital la kont mikwòb ak tout ti bèt k ap charye maladi akoz fatra pil sou pil yo nan lari a. Bese nivo danje ak dezas, ki ka rive nan nouvo sezon siklòn ki pral tanmen samdi premye jen 2024 la. Ankouraje lapwòptáy ak metwayáy lari a nan kapital la. Se objektif yon kanpáy operasyon netwayáy, Konsèy prezidan pou tranzisyon an (Kpt) deside lanse, apre chita pale ak konsèy ekzekitif enterimè lakomin Pòtoprens lan.

2 mil 500 dyòb dirèk ak 10 mil dyòb ki pa dirèk dirèk, se kantite travay operasyon netwayáy lari yo ta sipoze bay, dapre Konsèy prezidan pou tranzisyon an.

Depi plizyè mwa ak lane, kantite fatra yo kontinye monte disèt wotè. Y ap fè popilasyon an esplikasyon toupatou nan zòn metwopoliten Pòtoprens lan, san enstitisyon leta konsènen yo pa pran gen okenn dispozisyon pou fè lapwòptáy.

Ajan lapolis nasyonal d Ayiti yo ak sòlda lame d Ayiti ki la a pral asire sekirite operatè ministè travo piblik, enstitisyon ki anchaje ranmase fatra ak fè lapwòptáy yo (Sngrs) ak konsèy ekzekitif enterimè Pòtoprens lan.

Sitiyasyon fatra pil sou pil sa yo ak salte sa yo, se yon move imaj pou kapital la ak pou anviwónman an, dapre yon nòt Konsèy prezidan pou tranzisyon an.

Dwe gen ankèt prese prese sou tout brigandáy pouvwa Ariel Henry an te fè nan depanse lajan peyi a san okenn kontwòl. Dwe gen pwosè pou fè limyè sou pakèt masak yo ak krim / wout kwochi ak lajan leta, tankou nan pwogram PetwoKaribe a. Inite lit kont koripsyon an, Lakou dèkont dwe fouye pou konnen ki manm Konsèy prezidan pou tranzisyon an yo ta sispèk nan sak k pa sa. Se nan batay n ap rive met kanpe yon Leta san fòs kote, ki va garanti sekirite, pwodiksyon nasyonal, refòm agrè tout bon, yon sistèm lajistis konsekan, desoutire koripsyon ak enpinite, tabli bon jan edikasyon ak sistèm lasante ak laswenyáy pou tout moun, fòmasyon pwofesyonèl, fòmasyon nan inivésite, rechèch lasyans, pwoteksyon anviwónman. Se rekòmandasyon òganizasyon ki rele Inisyativ patriyòt Maryen (Ipam), ki tabli nan depatman Nò ak Nòdès peyi d Ayiti yo. [ppsf emb rc apr 21/05/2024 14:30]