Español English French Kwéyol

Virewon aktyalite Ayiti : Bandi tonbe nan boukantáy kout zam ak lapolis nan Gresye, lapolis anpeche bandi anvayi lakou dèkont, pwopoziyon depite ameriken plan 50 milya dola ameriken sou 10 lane pou rekonstwi Ayiti

Pòtoprens, 20 me 2024 [AlterPresse] --- Dimanch 19 me 2024 la, plizyè bandi ak zam mouri nan boukantáy kout zam ak lapolis nan komin Gresye, sou wout nasyonal nimewo 2 a. Lapolis nasyonal la di li rive ssezi plizyè zam manch long ak telefòn, nan operasyon li t al mennen nan Gresye. Lapolis nasyonal la pwomèt l ap retabli bon jan kondisyon sekirite pou popilasyon Gresye a.

Finisman semenn pase a, lapolis nasyonal la rive pran kontwòl espas lakou dèkont lan, nan sant Vil Pòtoprens lan, epi kwape gang ak zam ki te atake enstitisyon leta sa a. Se sa responsab lakou dèkont yo deklare nan plizyè medya.

Samdi 19 me 2024 la, lapolis nasyonal la arete Andre Joseph, moun plis konnen sou non Gwo mal, 42 lane, nan lokalite Dimini, komin Limomad, depatman Nò peyi d Ayiti. Plis pase 9 gram yon poud, ki ta sanble ak kokayin, yon motosiklèt san plak ak plis pase 145 mil goud, se sa lapolis la di li jwenn lakay Andre Joseph, li sispèk ki ta mele nan trafik dwòg

Dimanch 19 me 2024 la, anbasad peyi Etazini nan peyi d Ayiti remèt 10 nouvo machin blende bay lapolis nasyonal la, nan aryopò entènasyonal Pòtoprens lan. Se yon avyon lame ameriken ki te pote machin blende sa yo.

Lannuit vandredi 17 pou antre samdi 18 me 2024 la, gang ak zam 400 mawozo yo t al kontinye fè zak kraze brize nan komisarya lapolis ak prizon Kwadèboukè a, yo te deja atake depi samdi 2 mas 2024 la.

Anpil kesyon ap poze poukisa otorite yo poko janm pran bon jan dispozisyon pou met bout nan zak laterè ak kraze brize sa yo? Jis ki bò otorite yo ap kite gang ak zam yo rive nan dechèpiye ak kraze divès enstitisyon leta, tankou komisarya ak pòs polis, fakilte ak lekòl siperyè, plizyè biwo, sèvis, lopital, famasi, ti biznis, machin ak motosiklètm komès ak ti degaje, anpil anpil moun, elatriye, jan gang ak zam yo tanmen zak dechèpiyáy sa yo depi jedi 29 fevriye 2024 la?

Pati politik Mouvman patriyotik popilè desalinyen (Mopod) fè pwopozisyon yon lis aksyon, li swete Konsèy prezidan pou tranzisyon an ta dwe mennen pi vit posib nan peyi d Ayiti.

Konsèy prezidan pou tranzisyon an (Kpt) ta dwe mande tout bandi depose zam yo epi kite lajistis fè traváy li. Li ta dwe met sou pye yon gwo baz enfòmasyon sou entènèt, ki va sèvi Konsèy nasyonal sekirite li pral met kanpe a. Kpt a ta dwe vini ak yon fon nasyonal sekirite pou ankouraje fanm kou gason al fè sèvis sivik, jan Konstitisyon 1987 la prevwa l lan. Kpt a ta dwe pran yon dekrè, ki di ki jan yo pral fè ateri rezolisyon Konsèy sekirite Nasyon zini yo, ki mande yon fòs miltinasyonal vin deplòtonnen sou teritwa Ayiti a. Li ta dwe tout amen demach Konferans nasyonal, ki pral mennen nan eleksyon. Konsèy prezidan pou tranzisyon an ta dwe table yon biwo espesyal reklamasyon, ki prala anchaje rekonstwi tout kay ak tout byen gang ak zam yo te kraze ak dechèpiye yo. Kpt a ta dwe anpeche, pandan 15 mwa, tout kòmann, nan peyi lòt bò dlo, tout byen ki pa nesesè pou peyi d Ayiti yo. Epitou, li ta dwe pran dispozisyon pou bay 100 mil dyòb nan agrikilti peyi a. Se rekòmandasyon pati politik Mouvman patriyotik popilè desalineyn (Mopod) voye báy Konsèy prezidan pou tranzisyon an

Se nan Miyami, peyi Etazini, premye gwoup polisye Kenya, ki ta sipoze vin deplòtonnen sou teritwa Ayiti a, pral rasanble anvan yo rantre vin fè rekonesans sou teren an, nan peyi d Ayiti. Premye gwoup polisye sa yo kite Kenya lannuit samdi 18 me 2024 la. Se sa plizyè medya Kenya rapòte.

Se nan jou ak semenn k ap vini yo plizyè polisye peyi Kenya pral koumanse deplòtonnen sou teritwa Ayiti a. Se sa yon pòtvwa ministè zafè etranje peyi Kenya di nan yon kozman ak laprès, dimanch 19 me 2024 la.

Jedi 16 me 2024 la, pati politik Alyans 3zyem vwa nan peyi Kenya tanmen yon lòt aksyon douvan lajistis peyi Afrik sa a, pou mande l bloke deplòtonnay polisye Kenya yo andedan misyon miltinasyonal pou kore sekirite nan peyi d Ayiti a. Se menm pati politik sa a, ki te atake, douvan lajistis, dezisyon gouvènman Kenya a pou pran tet Misyon miltinasyonal la nan peyi d Ayiti, dèske Konstitisyon peyi Kenya a pa bay pouvwa pou sa. Pi gwo tribinal peyi Kenya a fè gouvènman Kenya a konnen aksyon pati politik Alyans 3zyem vwa a, annatandan li pran desizyon sou kozman an nan dat mèkredi 12 jen 2024 k ap vini an. Se sa plizyè medya entènasyonal rapòte.

Premye gwoup polisye Kenya, ki ta sipoze vin deplòtonnen andedan fòs miltinasyonal pou kore sekirite sou teritwa Ayiti a, te fè fas kare ak gwoup lwijanboje teworis, ki pot non al-Shabaab yo, sou fwontyè peyi Kenya ak Somali. Yon pati nan gwoup polisye Kenya sa yo pral anchaje asire pwoteksyon enstalasyon enpòtan nan Pòtoprens yo, tankou aryopò entènasyonal Pòtoprens lan. Gen yon lòt moso ki pral deplòtonnen nan batay dirèk dirèk kont gang ak zam yo, ki gen kontwòl 80 pousan zòn metwopoliten Pòtoprens lan. Anpil nan polisye Kenya sa yo t al pran fòmasyon Ozetazini, finisman lane 2023 a, pou te ka prepare misyon miltinasyonal, ki sipoze vin deplòtonnen sou teritwa Ayiti a. Se sa Òganizasyon Inisyativ global, k ap goumen kont krim òganize yo, ekri nan espas entènèt li.

Se ta nan finisman mwa me 2024 lan premye gwoup polisye Kenya yo ta dwe koumanse deplotonnen sou teritwa Ayiti a. Depi plizyè jou, gen avyon lame peyi Etazini k ap fè ale vini pou prepare espas kote premye gwoup polisye Kenya yo pral estannbay, toupre aryopò entenasyonal Pòtoprens lan, dapre enfomasyon ki disponib yo.

Yon gwoup depite ameriken swete gouvènman peyi Etazini a ta vini ak yon plan 50 milya dola ameriken sou 10 lane pou rekonstwi peyi d Ayiti.

Kore demach pou retabli yon sistèm jesyon politik ki chita sou demokrasi, atarvè eleksyon lib, ki chita sou yon Leta ki respekte lalwa. Ranfòse kapasite fòs sekirite Ayiti yo, sitou nan met kanpe yon pwogram pou retire zam nan men gang yo epi trase yon lòt chimen pou jèn ki te gen zam yo retounen nan bon kondisyon nan sosyete a. Mete lajan pou rekonstwi ak modènize gwo enstalasyon peyi a, tankou a zafè lasante, wout, pon, waf, rezo kouran leta yo, sistèm dlo ak asenisman. Ankouraje ekonomi a grandi nan inisyativ k ap bay rezilta pandan lontan nan agrikilti a. Ankouraje sekirite lamanjáy. Kore ti biznis ak biznis mwayen yo, sitou bò kote fanm ak jèn yo. Pèmèt tout moun rive jwenn sèvis laswenyáy kòmsadwa, bon kalte edikasyon ak tout kalte sèvis leta yo. Pèmèt peyi d Ayiti gen kapasite pou fè fas kare ak katastwòf natirèl yo. Ankouraje bon jan koperasyon ak peyi ki pi pre Ayiti yo nan Karayib yo epitou avèk peyi Etazini. Se plizyè rekòmandasyon yon gwoup depite ameriken ekri nan yon rezolisyon, kote yo made gouvènman peyi Etazini mete 50 milya dola ameriken sou 10 lane pou rekonstwi peyi d Ayiti. [ppsf emb rc apr 20/05/2024 14:03]