Pòtoprens, 19 me 2024 [AlterPresse] --- Jounen senbòl drapo ble ak wouj la, nan dat 18 me chak lane, espesyalman nan dat 18 me 2024 la, ta dwe fè sonje nesesite yon tèt ansanm tout bon pou trase chimen demen miyò nan peyi d Ayiti. Drapo a dwe tounen yon senbòl, ki rasanble tout moun nan gwo konbit ki ka retire peyi d Ayiti nan move pas li ye depi plizyè lane yo. Se okazyon pou montre gang ak zam, k ap simen laterè yo, sitiyasyon brigandáy sa yo pral fini, pou pa gen okenn teritwa pèdi ankò nan peyi a. Chak moso tè sou teritwa nasyonal la, se pou leta ayisyen li ye. Se mesáy kòdonatè aksyon Konsèy prezidan pou tranzisyon an, Edgard Leblanc Fils, nan seremoni ofisyèl nan Vila akèy, Miso/Petyonvil, okazyon 18 me 2024 la, ki fè 221 lane depi drapo ble ak wouj la ekziste.
An n rasanble anba drapo n, se te tèm seremoni ofisyèl samdi 18 me 2024 la, ki te fèt douvan manm gouvènman defakto ki prale yo ak douvan plizyè diplomat peyi etranje ki nan peyi d Ayiti.
Tout sila, ki anchaje jesyon lakomin nan zòn metwopoliten Pòtoprens lan, pa santi yo byen douvan zak gang ak zam yo, ki pran plas leta nan yon bon pati zòn metwopoliten Pòtoprens lan. Men, tout konsèy ekzekitif enterimè sa yo pare pou pran tout inisyativ oswa deside pwojè, ki ka pèmèt lavi a rekoumanse kòmsadwa, pèmèt peyi d Ayiti retounen nan nòmal, kote tout enstitisyon yo va jwe wòl yo kòmsadwa. Se pwomès ajan ekzekitif enterimè lakomin Taba a, Nice Simon, ki t ap pale nan non plizyè ajan ekzekitif enterimè zòn metwopoliten Pòtoprens lan, nan seremoni ofisyèl samdi 18 me 2024 la, nan Vila akèy Miso a, Petyonvil.
N ap soufri, men nou p ap bay legen. N ap soufri, men nou pa sispann reflechi. Nou pa bliye wòl nou, kòm gid, kòm limyè, kòm konsyans nan sossyete a. Nou pa bliye responsablite, nou pataje ak tout lòt inivèsite nan peyi a, kòm estrikti k ap veye, kòm estrikti gadò drapo a. Inivèsite a ap soufri anba lamizè, klima laterè, maladi, pwoblèm travay ki pa genyen k ap kraze kannkès popilasyon an. Se mesáy rektè Inivèsite letaa d Ayiti a, Fritz Deshommes, te bay okazyon 18 me 2024 la, ki se jou inivésite a tou, akote jounen drapo a, nan peyi d Ayiti.
Depi sitou finnisman fevriye 2024 la, Inivésite yo, ni inivèsite leta d Ayiti a tou, sibi anpil nan atak gang ak zam yo, ki dechèpiye ak kraze brize fakilte agwonomi ak metsin veterinè, fakilte metsin ak famasi, fakilte syans, lekòl nasyonal ki prepare plizyè espesyalis nan zafè zèv atis (mizik, dans, teyat fè pòtre mon, eskilti, elatriye), moun plis konnen sou non Enarts, elatriye.
Nan kazal, 4triyèm seksyon kominal Kabarè, plizyè dizèn jèn, fanm kou gason, te mache nan lari seksyon an, okazyon 18 me 2024 la, ki se 221inyèm lane depi drapo ble ak wouj la ekziste. Te gen aktivite teyat, dans, elatriye. Gen anpil anpil moun ki t al benyen nan dlo Bostay ak Siloe, epi nan kaskad dlo Fon Blan an. Se sa Fondasyon Lorquet pou yon lòt Ayiti (Folonha) fè konnen nan yon nòt.
Nan Petyonvil, nan Fèmat/Kenskòf, plizyè jèn, fanm kou gason, te pran lari sou fòm rara (mizik, tankou, tyatya, elatriye) okazyon 18 me 2024 la, ki se 221inyèm lane depi drapo ble ak wouj la ekziste nan peyi d Ayiti.
Nan aswè samdi 18 me 2024 la, nan plizyè katye, sitou nan Petyonvil, anwo Dèlma elatriye, anpil anpil jèn, fanm kou gason, te òganize espas anbyans, mizik, manje ak bweson.
Jan sa ye depi plizyè mwa, moun yo monte baryè, ak plizyè batanklan, divès kote, pou anpeche machin ak motosiklèt pase, pou anpeche gang ak zam yo vin simen laterè nan zòn kote yo rete yo.
Vandredi 17 me 2024 la, Maxo Junior Lorveus, lapolis sispèk ki nan alyansáy ak gang ak zam Kraze baryè Vitelhomme Innocent yo, tonbe nan boukantay kout zam ak lapolis. Sa rive nan zòn Koloso, Taba 42, depatman Lwès la. Lapolis nasyonal la di l te jwenn nan men Maxo Junior Lorveus yon pistolè ak plizyè katouch, nan moman operasyon li t ap mennen nan komin Taba a.
Ant mwa janvye pou rive mas 2024 la, gen plis pase mil 500 fanm ak ti fi, ki sibi tout kalte vyolans. 75 pousan nan zak vyolans sa yo, se te kadejak, dapre yon ranmase biwo kòdinasyon zafè imanitè Nasyon zini nan peyi d Ayiti (Ocha), nan dat 16 me 2024.
Konsèy prezidan pou tranzisyon an dwe degaje l pran dispozisyon konsekan sou gwo pwoblèm, k ap brase bil peyi d Ayiti yo. Konsèy prezidan pou tranzisyon an dwe kominike ak popilasyon an. Li dwe esplike popilasyon an tout aksyon l ap pran nan direksyon politik peyi d Ayiti a. Sou bò pa l, popilasyon ta dwe gen yon minimòm pasyans pou evite lòt sitiyasyon kaatyouboumbe pi plis toujou. Se konsiderasyon pwofesè Roody Edme, nan emisyon TiChèzBa, ki pase sou AlterRadio 106.1 Fm ak divès lòt platfòm entènèt.
Nan jou ak semenn k ap vini yo, plizyè polisye peyi Kenya pral koumanse deplòtonnen sou teritwa Ayiti a. Se sa prezidan peyi Kenya a, William Ruto, fè konnen nan yon kozman ak laprès dimanch 19 me 2024 la.
Jedi 16 me 2024 la, pati politik Alyans 3zyem vwa nan peyi Kenya tanmen yon lòt aksyon douvan lajistis peyi Afrik sa a, pou mande l bloke deplòtonnay polisye Kenya yo andedan misyon miltinasyonal pou kore sekirite nan peyi d Ayiti a. Se menm pati politik sa a, ki te atake, douvan lajistis, dezisyon gouvènman Kenya a pou pran tet Misyon miltinasyonal la nan peyi d Ayiti, dèske Konstitisyon peyi Kenya a pa bay pouvwa pou sa. Pi gwo tribinal peyi Kenya a fè gouvènman Kenya a konnen aksyon pati politik Alyans 3zyem vwa a, annatandan li pran desizyon sou kozman an nan dat mèkredi 12 jen 2024 k ap vini an. Se sa plizyè medya entènasyonal rapòte.
Premye gwoup polisye Kenya, ki ta sipoze vin deplòtonnen andedan fòs miltinasyonal pou kore sekirite sou teritwa Ayiti a, te fè fas kare ak gwoup lwijanboje teworis, ki pot non al-Shabaab yo, sou fwontyè peyi Kenya ak Somali. Yon pati nan gwoup polisye Kenya sa yo pral anchaje asire pwoteksyon enstalasyon enpòtan nan Pòtoprens yo, tankou aryopò entènasyonal Pòtoprens lan. Gen yon lòt moso ki pral deplòtonnen nan batay dirèk dirèk kont gang ak zam yo, ki gen kontwòl 80 pousan zòn metwopoliten Pòtoprens lan. Anpil nan polisye Kenya sa yo t al pran fòmasyon Ozetazini, finisman lane 2023 a, pou te ka prepare misyon miltinasyonal, ki sipoze vin deplòtonnen sou teritwa Ayiti a. Se sa Òganizasyon Inisyativ global, k ap goumen kont krim òganize yo, ekri nan espas entènèt li.
Se ta nan finisman mwa me 2024 lan premye gwoup polisye Kenya yo ta dwe koumanse deplotonnen sou teritwa Ayiti a. Depi plizyè jou, gen avyon lame peyi Etazini k ap fè ale vini pou prepare espas kote premye gwoup polisye Kenya yo pral estannbay, toupre aryopò entenasyonal Pòtoprens lan, dapre enfomasyon ki disponib yo. [ppsf emb rc apr 19/05/2024 15:09]