Español English French Kwéyol

Ayiti : Nesesite yon tèt ansanm tout bon pou trase chimen demen miyò

Pòtoprens, 19 me 2024 [AlterPresse] --- Jounen senbòl drapo ble ak wouj la, nan dat 18 me chak lane, espesyalman nan dat 18 me 2024 la, ta dwe fè sonje nesesite yon tèt ansanm tout bon pou trase chimen demen miyò nan peyi d Ayiti. Se mesáy kòdonatè aksyon Konsèy prezidan pou tranzisyon an, Edgard Leblanc Fils, nan seremoni ofisyèl nan Vila akèy, Miso/Petyonvil, okazyon 18 me 2024 la, ki fè 221 lane depi drapo ble ak wouj la ekziste.

Edgard Leblanc di drapo a dwe tounen yon senbòl, ki rasanble tout moun nan gwo konbit ki ka retire peyi d Ayiti nan move pas li ye depi plizyè lane yo. Se okazyon pou montre gang ak zam, k ap simen laterè yo, sitiyasyon brigandáy sa yo pral fini, pou pa gen okenn teritwa pèdi ankò nan peyi a. Chak moso tè sou teritwa nasyonal la, se pou leta ayisyen li ye.

An n rasanble anba drapo n, se te tèm seremoni ofisyèl samdi 18 me 2024 la, ki te fèt douvan manm gouvènman defakto ki prale yo ak douvan plizyè diplomat peyi etranje ki nan peyi d Ayiti.

Anplis aktivite Vila akèy la, 3 konseye prezidansyèl, Régine Abraham, Fritz Jean ak Emmanuel Vertilaire, te rann yo nan Okap pou komemore fèt drapo a ak moun nan nò peyi a. Konseye prezidansyèl Leslie Voltaire te ale, limenm, nan Fo Jacques (lès Pòtoprens) pou rankontre popilasyon an epi selebre ak li, malgre se yon zòn kote gang miltipliye atak.

Nan Fèmat/Kenskòf, menm ja nak nan Petyonvil, plizyè jèn, fanm kou gason, te pran lari sou fòm rara (mizik, tankou, tyatya, elatriye) okazyon 18 me 2024 la, pou 221inyèm lane depi drapo ble ak wouj la ekziste nan peyi d Ayiti.

Nan aswè samdi 18 me 2024 la, nan anwo Dèlma ak lòt katye ankò, anpil anpil jèn, fanm kou gason, te òganize espas anbyans, mizik, manje ak bweson.

Jan sa ye depi plizyè mwa, moun yo monte baryè, ak plizyè batanklan, divès kote, pou anpeche machin ak motosiklèt pase, pou anpeche gang ak zam yo vin simen laterè nan zòn kote yo rete yo.

Inyon ak fratènite pou yo ka remanbre Ayiti

Nan seremoni Vila akèy la, premye mini ski la annandan an, Michel Patrick Boisvert, te pran lapawòl tou. Li pale anfavè inyon ak fratènite nan mitan Ayisyen ak Ayisyèn yo pou yo ka remanbre peyi a.

Pou lavi a rekoumanse kòmsadwa

Tout sila ki anchaje jesyon lakomin nan zòn metwopoliten Pòtoprens lan pa santi yo byen douvan zak gang ak zam yo, ki pran plas leta nan yon bon pati zòn metwopoliten Pòtoprens lan. Men, tout konsèy ekzekitif enterimè sa yo pare pou pran tout inisyativ oswa deside pwojè, ki ka pèmèt lavi a rekoumanse kòmsadwa, pèmèt peyi d Ayiti retounen nan nòmal, kote tout enstitisyon yo va jwe wòl yo kòmsadwa. Se pwomès ajan ekzekitif enterimè lakomin Taba a, Nice Simon, ki t ap pale nan non plizyè ajan ekzekitif enterimè zòn metwopoliten Pòtoprens lan, nan seremoni ofisyèl samdi 18 me 2024 la, nan Vila akèy Miso a, Petyonvil.

N ap soufri, men nou p ap bay legen

N ap soufri, men nou p ap bay legen. N ap soufri, men nou pa sispann reflechi. Nou pa bliye wòl nou, kòm gid, kòm limyè, kòm konsyans nan sossyete a. Nou pa bliye responsablite, nou pataje ak tout lòt inivèsite nan peyi a, kòm estrikti k ap veye, kòm estrikti gadò drapo a. Se mesáy rektè Inivèsite letaa d Ayiti a, Fritz Deshommes, te bay okazyon 18 me 2024 la, ki se jou inivésite a tou, akote jounen drapo a, nan peyi d Ayiti.

Inivèsite a ap soufri anba lamizè, klima laterè, maladi, pwoblèm travay ki pa genyen k ap kraze kannkès popilasyon an, dapre sa Fritz Deshommes ajoute.

Depi sitou finnisman fevriye 2024 la, Inivésite yo, ni inivèsite leta d Ayiti a tou, sibi anpil nan atak gang ak zam yo, ki dechèpiye ak kraze brize fakilte agwonomi ak metsin veterinè, fakilte metsin ak famasi, fakilte syans, lekòl nasyonal ki prepare plizyè espesyalis nan zafè zèv atis (mizik, dans, teyat fè pòtre mon, eskilti, elatriye), moun plis konnen sou non Enarts, elatriye.

Kazal komemore

Nan Kazal, 4triyèm seksyon kominal Kabarè (nò Pòtoprens), plizyè dizèn jèn, fanm kou gason, te mache nan lari seksyon an, okazyon 18 me 2024 la, ki se 221inyèm lane depi drapo ble ak wouj la ekziste. Te gen aktivite teyat, dans, elatriye. Gen anpil anpil moun ki t al benyen nan dlo Bostay ak Siloe, epi nan kaskad dlo Fon Blan an. Se sa Fondasyon Lorquet pou yon lòt Ayiti (Folonha) fè konnen nan yon nòt. [ppsf rc apr 19/05/2024 18 :00]