Pòtoprens, 17 me 2024 [AlterPresse] --- Depi lannuit jedi 16 pou antre vandredi 17 me 2024 la, gang ak zam atake lokal lakou dèkont, ministè finans ak ministè enteryè, anba lavil Pòtoprens, kote yo bwote anpil materyèl, dapre enfòmasyon ki vin jwenn AlterPresse ak AlterRadio.
Jij Lestè a Verto Vertlilus te toujou respekte prensip ak moralite nan ekzèsis metye majistra-jij yo. N ap fè tout sa n konnen pou idantifye ak trennen douvan lajistis tout sila ki patisipe nan kidnaping ak kò sasináy sou jij Verto Vertilus lan. Se dizon Konsèy siperyè pouvwa lajistis la (Cspj), ki leve lavwa kont kò sasináy 14 me 2024 la, gang ak zam fè sou yon jij Lestè Verto Vertilus, yo te kidnape lendi 13 me 2024 la.
Majistra-jij yo dwe rete veyatif nan jou sa yo. Otorite yo dwe pran dispozisyon pou met bout nan zak kidnaping yo ak tout lòt fòm laterè ak zak vyolans gang ak zam yo ap simaye yo. Detan l lonje dwèt sou konpòtman manfouben otorite yo douvan laterè gang ak zam yo, Rezo nasyonal majistra-jij ayisyen yo (Renamah) leve lavwa tou kont kò sasináy sou jij Verto Vertilus, bandi te kidnape lendi 13 me 2024 la. Se madi 14 me 2024 la moun Lestè, depatman latibonit, pantan sou kadav jij Verto Vertilus.
Menm jan sa te fèt nan lane ki sot pase yo, gwo kaskad dlo ki pot non Niagara Falls yo, nan peyi Kanada, limen ak koulè ble ak wouj drapo Ayiti a, okazyon 221 lane depi drapo ble ak wouj Ayiti a ekziste. Se te nan dat 18 me 1803 Catherine Flon te koud premye drapo peyi d Ayiti a. Se youn pami plizyè aktivite, k ap fèt nan peyi Kanada pou fè sonje dat 18 me 1803 a.
Nan peyi d Ayiti, Konsèy prezidan pou tranzisyon an prevwa yon seremoni espesyal nan Vila akèy, Miso (Petyonvil), samdi 18 me 2024 la. An n rasanble anba drapo nou. Se sou tèm sa a seremoni ofisyèl 221 lane, depi drapo ble ak wouj la ekziste, ap fèt samdi 18 me 2024 la. Se desisyon konsèy minis yo te pran nan dat 8 me 2024 la, dapre sa ministè kominikasyon ekri sou kont X li.
Lajistis kapab deside jiska 3 lane prizon kont animatè politk Luckner Desir (Louko Desir), ki te lage vèni ak pawòl pou sal imaj jounalis Ives Marice Chanel ak diplomat Edwin Paraison, nan emisyon Maten deba mèkredi 8 me 2024 la sou Radyo Tele Eklè. Lalwa asire pwoteksyon sous jounalis yo, depi jounalis la bay yon enfòmasyon ki koresponn ak laverite. Libète lapawòl pa vle di yon moun ka atake repitasyon yon moun, sal imaj yon moun. Depi jounalis la pa verifye sa l pral di yo, li pèdi pwoteksyon sa a. Se avètisman mèt Samuel Madistin, ki se avoka Ives Marie Chanel al Edwin Paraison, nan yon entèvyou li bay AlterPresse ak AlterRadio.
Komin Gresye, sou wout nasyonal nimewo 2 a, p ap tounen yon teritwa pèdi. Nou salye kouraj tout sila ki kanpe doubout yo epi nou voye senpati n bay sila ki viktim anba men gang ak zam yo. Nou mande popilasyon an pote kole ak fòs sekirite yo pou dechouke tout move grenn, k ap simen lapèrèz nan mitan nou. Se deklarasyon Konsèy ekzekitif enterimè, k ap jwe wòl majistra komin Gresye a.
Vandredi swa 10 me 2024 a, gang ak zam te atake ak met dife nan komisarya polis Gresye a, sou wout nasyonal nimewo 2 a, nan sid Pòtoprens lan. Gen yon chofè transpò piblik, ki pa t twò lwen komisarya polis Gresye a, ki blese ak 2 bal, nan moman atak gang ak zam yo. Yo te mennen l tousuit nan lopital, pou al pran swen nesesè yo. Se sa Asosyasyon pwopriyetè ak chofè d Ayiti yo (Apch) te rapòte.
Atak gang ak zam vandredi swa 10 me 2024 la lakoz plis pase 4 mil 400 moun sètoblije kouri kite lakay yo Gresye, espesyalman nan seksyon kominal Morne à bateau, pou al pran refij lòt kote. Plis pase 70 pousan moun sa yo rive jwenn refij lakay fanmi. 27 pousan nan moun sa yo ale nan 4 ansyen sant akèy ak 3 nouvo sant akèy nan depatman Lwès la, Sid ak Nip. Se yon ranmase Òganizasyon entènasyonal pou migrasyon yo (Oim).
Tout moun k ap sikile nan komin Leyogán dwe mache ak yon pyès pou idantifye yo. Tout moun k ap anfème ak lwe moun kay dwe ranpli yon fòmilè konsèy ekzektif enterimè Leyogán nan, epi remèt yon kopi bay komisarya lapolis Leyogán nan. Okenn moun pa dwe bay moun ladesant lakay yo san yo pa met konsèy ekzekitif enterimè a okouran. Ant 8 è diswa pou rive 5è dimaten, gen kouvrefe nan Leyogán, pou pèmèt lapolis gen kontwòl lari a. Tout dancing ap fèmen apati 8è nan aswè, depi yo an règ ak kontribisyon (Dgi). Tout dancing, ki pa an règ ak kontribisyon yo, dwe sispann tout aktivite yo jiskaske yo regle ak kontribisyon. Se dispozisyon konsèy ekzekitif enterimè Leyogán nan di l pran, pou kwape tout bandi kriminèl ki ta gen entansyon vin simen laterè nan Leyogán.
Jedi 16 me 2024 la, pati politik Alyans 3zyem vwa nan peyi Kenya tanmen yon lòt aksyon douvan lajistis peyi Afrik sa a, pou mande l bloke deplòtonnay polisye Kenya yo andedan misyon miltinasyonal pou kore sekirite nan peyi d Ayiti a. Se menm pati politik sa a, ki te atake douvan lajistis dezisyon gouvènman Kenya a pou pran tet Misyon miltinasyonal la nan peyi d Ayiti, dèske Konstitisyon peyi Kenya a pa bay pouvwa pou sa. Pi gwo tribinal peyi Kenya a pase lòd pou voye aksyon pati politik Alyans 3zyem vwa a bay gouvènman Kenya a, annatandan li pran desizyon sou kozman an nan dat mèkredi 12 jen 2024 k ap vini an. Se sa plizyè medya entènasyonal rapòte.
Premye gwoup polisye Kenya, ki ta sipoze vin deplòtonnen andedan fòs miltinasyonal pou kore sekirite sou teritwa Ayiti a, te fè fas kare ak gwoup lwijanboje teworis, ki pot non al-Shabaab yo, sou fwontyè peyi Kenya ak Somali. Yon pati nan gwoup polisye Kenya sa yo pral anchaje asire pwoteksyon enstalasyon enpòtan nan Pòtoprens, tankou aryopò entènasyonal Pòtoprens lan. Gen yon lòt moso ki pral deplòtonnen nan batay dirèk dirèk kont gang ak zam yo, ki gen kontwòl 80 pousan zòn metwopoliten Pòtoprens lan. Anpil nan polisye Kenya sa yo t al pran fòmasyon Ozetazini, finisman lane 2023 a, pou te ka prepare misyon miltinasyonal, ki sipoze vin deplòtonnen sou teritwa Ayiti a. Se sa Òganizasyon Inisyativ global, k ap goumen kont krim òganize yo, ekri nan espas entènèt li.
Se ta nan finisman mwa me 2024 lan premye gwoup polisye Kenya yo ta dwe koumanse deplotonnen sou teritwa Ayiti a. Depi plizyè jou, gen avyon lame peyi Etazini k ap fè ale vini pou prepare espas kote premye gwoup polisye Kenya yo pral estannbay, toupre aryopò entenasyonal Pòtoprens lan, dapre enfomasyon ki disponib yo.
Fè pwomosyon pou yon anviwonman san kè sote, san brigandáy, kote tout moun ladan. Pèmèt jèn yo, sitou jenn fanm yo, patisipe nan eleksyon epi fè prevansyon kont vyolans anvan, pandan ak apre eleksyon. Se objektif yon kanpay kominikasyon pwojè Jèn Yo La, òganizayon ProgettoMondo, Obsevwatwa lajenès ayisyen ak Gwoup Médyaltènatif tanmen, vandredi 17 me 2024 la.
Ki sa eleksyon jeneral dimanch 19 me 2024 yo nan Repiblik Dominiken an, ka chanje nan relasyon ant Repiblik Dominiken ak peyi d Ayiti ? Eleman refleksyon ak analiz avèk Edwin Paraison, prezidan Fondasyon zile, ansyen minis ayisyen k ap viv aletranje yo, nan emissyon TiChèzBa, ki pase sou AlterRadio 106.1 Fm ak divès lòt platfòm entènèt. [ppsf emb rc apr 17/05/2024 14:49]