Pòtoprens, 16 me 2024 [AlterPresse] --- Gang ak zam Belè yo, ki nan alyansáy ak gwoup kriminèl ki rele Viv ansanm yo, kontinye ap atake katye Fò nasyonal, Solino ak Dèlma 24. Mèkredi 15 me 2024 la, yo te tire anpil kout zam ankò sou katye sa yo ak zòn ki viwonnen yo. Baz lapolis la, Boid, ki nan Fò nasyonal, te twoke kòn ak gang ak zam sa yo, dapre enfòmasyon ki vin jwenn AlterPresse ak AlterRadio.
Depi lendi 13 me 2024 la, gen pou pi piti 2 moun ki mouri anba bal nan katye Fò nasyonal, kote gang ak zam Belè yo boule plizyè kay.
Dimanch 12 me 2024 la, gang ak zam yo te asasinen yon jèn timoun ak bal epi blese plizyè lòt moun ak bal, nan atak kont katye Solino, nan Pòtoprens. Se depi plizyè semenn gang ak zam, ki bay tèt yo non Viv ansanm, ap plede atake katye Solino ak zòn ki viwonnen l yo. Malgre lapolis te voye yon blende pou fè fas kare ak gang ak zam yo, moun nan katye Solino toujou sou tansyon avèk kout bal k ap pete prèske san rete, dapre temwayáy ki vin jwenn AlterPresse ak AlterRadio.
Poukisa pa janm gen gwo operasyon ki fèt nan baz gang ak zam yo ? Se kesyon Sendika lapolis nasyonal la (Spnh17) poze. Spnh-17 mande otorite lapolis yo pran tout dispozisyon pou anpeche bandi ak zam Belè yo pran kontwòl baz Boid lan, ki nan katye Fò nasyonal.
Mèkredi 15 me 2024 la, apre plizyè semenn pwotestasyon polisye depatman Grandans yo, direksyon jeneral lapolis nasyonal la enstale nan Jeremi Frantz Saint-Armand kòm nouvo direktè depatman lapolis Grandans lan. Saint-Armand ranplase Louis Edner Yacinthe. Polisye depatman Grandans yo te leve kanpe kont Louis Edner Yacinthe, yo akize ki ta nan sa k pa sa nan direksyon depatman lapolis Grandans lan.
Nouvo direktè lapolis depatman Grandans lan ta dwe aji, nan sans pou leve eskanp figi lapolis la nan depatman an. Se konsiderasyon sou AlterPresse ak AlterRadio Sendika nasyonal polisye ayisyen yo (Synapoha), ki mande tout polisye nasyonal yo traváy nan respè prensip enstitisyon an.
Dispozisyon k ap pran pou pèmèt fòs miltinasyonal la vin deplòtonnen sou teritwa Ayiti a, se te tèm diskisyon, jedi 16 me 2024 la, ant Konsèy prezidan pou tranzisyon an (Kpt), sou inisyativ Kpt a, ak Biwo entegre Nasyon zini nan peyi d Ayiti (Binuh). Se Binuh ki fè konn sa sou kont X li.
Premye gwoup polisye Kenya, ki ta sipoze vin deplòtonnen andedan fòs miltinasyonal pou kore sekirite sou teritwa Ayiti a, te fè fas kare ak gwoup lwijanboje teworis, ki pot non al-Shabaab yo, sou fwontyè peyi Kenya ak Somali. Yon pati nan gwoup polisye Kenya sa yo pral anchaje asire pwoteksyon enstalasyon enpòtan nan Pòtoprens, tankou aryopò entènasyonal Pòtoprens lan. Gen yon lòt moso ki pral deplòtonnen nan batay dirèk dirèk kont gang ak zam yo, ki gen kontwòl 80 pousan zòn metwopoliten Pòtoprens lan. Anpil nan polisye Kenya sa yo t al pran fòmasyon Ozetazini, finisman lane 2023 a, pou te ka prepare misyon miltinasyonal, ki sipoze vin deplòtonnen sou teritwa Ayiti a. Se sa Òganizasyon Inisyativ global, k ap goumen kont krim òganize yo, ekri nan espas entènèt li.
Konsèy inivèsite leta d Ayiti a met kanpe yon ekip ki pou travay sou demach pou rekipere lajan peyi Lafrans te fòse peyi d Ayiti peye pou lendepandans, li te rache premye janvye 1804 anba men kolon franse yo. Ekip travay sa a ap gen pou gade tou ki jan yo ka fè plizyè peyi, tankou Lalmáy, Lespáy, Etazini, remèt tout lajan yo te fòse gouvènman peyi d Ayiti yo ba yo depi 19vyèm syèk la, depi apre 1804.
Sitwayèn ak sitwayen yo gen lavi prive yo. Aksyon nou fè douvan lajistis kont animatè Luckner Luckner (Louko) Désir Radyo Tele Eklè a, se pou asire pwoteksyon lavi prive sitwayèn ak sitwayen yo. Se yon fason pou korije konpòtman jounalis yo nan aksyon y ap poze nan sosyete a. Se yon fason pou ankouraje moun nan medya yo, jounalis, animatè, al chèche pran fòmasyon nesesè yo nan lekòl ki fèt pou sa. Se dizon sou AlterPresse ak AlterRadio mèt avoka Samuel Madistin, ki se avoka jounalis Ives Marie Chanel ak diplomat Ewdin Paraison, ki pote plent kont Luckner (Louko) Désir Radyo Tele Eklè, pou pawòl sal imaj ak vèni Luckner (Louko) Désir te fè sou Ives Marie Chanel ak Edwin Paraison nan emisyon Maten Deba mèkredi 8 me 2024 la.
Konsèy prezidan pou tranzisyon an ta dwe traváy sou zouti lalwa ak lòt zouti, ki dwe di sa k pral fèt pandan peryòd tranzisyon an. Se zouti sa yo, ki poko ekziste, ki esplike Konsèy prezidan pou tranzisyon an (Kpt) gen gwo difikilte pou tabli premye moman tranzisyon an, depi eleksyon rate madi 30 avril 2024 la. Konsèy prezidan pou tranzisyon an ta dwe chwazi yon premye minis, met kanpe Konsèy nasyonal sekirite a ak tout estrikti ki pral gade kouman tranzisyon an ap mache. Dwe gen bon jan transparans pou pèmèt popilasyon konprann ki jan Kpt a ap mennen bak leta a, tankou nan zafè jesyon lajan leta yo. Manm Kpt yo dwe fè deklarasyon tout byen yo posede. Se kèk pami rekòmandasyon Biwo suivi akò 30 dawout 2021 an, yo plis konnen sou non akò Montana a, ki di li kenbe angajman l pou pèmèt peryòd tranzisyon an bay bon jan rezilta tout bon pou peyi d Ayiti.
Ant premye pou rive 4triyèm semenn depi enstalasyon l lan, Konsèy prezidan pou tranzisyon an (Kpt) ta dwe defini ki jan l ap òganize tèt li. Ant 3zyèm pou rive 5 jyèm semenn apre enstalasyon l, Kpt a dwe lonmen yon premye minis epi met kanpe gouvènman tranzisyon an. Ant 2zyèm semenn pou rive 6zyèm semenn apre enstalasyon l, Kpt a ta dwe met kanpe Konsèy nasyonal sekirite a. Ant 4triyèm pou rive 9vyèm semenn nan, Kpt a dwe met sou pye estrikti ki pral kontwole aksyon gouvènman tranzisyon an. Ant 5kyèm pou rive 10zyèm semenn apre enstalasyon l, Kpt a dwe traváy sou komite ki pral mennen konferans nasyonal la. Ant 4triyèm pou rive 12zyèm semenn, Kpt a dwe gade ki jan l ap mete kanpe Konsèy elektoral pwovizwa a. Ant 6zyèm pou rive 12zyèm semenn apre enstalasyon l, Kpt a dwe reflechi sou komisyon laverite, jistis ak reparasyon sou tout sa k pase nan dènye lane sa yo. Se yon pwopozisyon kalandriye traváy, Biwo suivi akò Montana a rann piblik pou Konsèy prezidan pou tranzisyon an. [ppsf emb rc apr 16/05/2024 14:42]