Español English French Kwéyol

Virewon aktyalite Ayiti : Tranbleman tè, vyolans, polis, koripsyon, fòs entènasyonal, fèt drapo, lasante

Pòtoprens, 15 me 2024 [AlterPresse] --- Tranbleman tè, vyolans, polis, koripsyon, fòs entènasyonal, fèt drapo, lasante…

Ant mwa janvye pou rive avril 2024 la, Biwo min ak enèji, ki anchaje Inite teknik tranbleman tè yo, konte 208 tranbleman tè sou teritwa Ayiti a. Se depatman Nòdwès ki te resevwa plis soukous, ki pa t pi wo pase nivo 4. Men, sou 204 yo, te gen 96 soukous ki te fèt sou lanmè. Sa ki sipoze ta kapab gen danje sounami, ki vle di gwo gwo vag lanmè ki ta ka anvayi tè yo sizoka te gen kondisyon pou sa, dapre sa Biwo min ak enèji peyi d Ayiti yo siyale.

Gen 2 moun ki mouri anba bal epi plizyè kay boule nan atak gang ak zam Belè yo ap fè depi lendi 13 me 2024 la nan katye Fò nasyonal, Pòtoprens. Kout bal ki kontinye ap pete yo kontinye bay kè sote lakay moun nan katye Fò nasyonal, nan Solino ak zòn ki viwonnen yo.

Dimanch 12 me 2024 la, gang ak zam yo asasinen yon jèn timoun ak bal epi blese plizyè lòt moun ak bal, nan atak yo kontinye fè nan katye Solino, nan Pòtoprens. Se depi plizyè semenn gang ak zam, ki bay tèt yo non Viv ansanm, ap plede atake katye Solino ak zòn ki viwonnen l yo. Malgre lapolis te voye yon blende pou fè fas kare ak gang ak zam yo, moun nan katye Solino toujou sou tansyon avèk kout bal k ap pete prèske san rete, dapre temwayáy ki vin jwenn AlterPresse ak AlterRadio.

Poukisa pa janm gen gwo operasyon ki fèt nan baz gang ak zam yo ? Se kesyon Sendika lapolis nasyonal la (Spnh17) poze. Spnh-17 mande otorite lapolis yo pran tout dispozisyon pou anpeche bandi ak zam Belè yo pran kontwòl baz Boid lan, ki nan katye Fò nasyonal.

Majistra-jij yo dwe rete veyatif nan jou sa yo. Otorite yo dwe pran dispozisyon pou met bout nan zak kidnaping yo ak tout lòt fòm laterè ak zak vyolans gang ak zam yo ap simaye yo. Se kout rèl Rezo nasyonal majistra-jij ayisyen yo (Renamah). Detan l lonje dwèt sou konpòtman manfouben otorite yo douvan laterè gang ak zam yo, Renamah leve lavwa kont kò sasináy sou jij Verto Vertilus, bandi te kidnape lendi 13 me 2024 la. Se madi 14 me 2024 la moun Lestè, depatman latibonit, pantan sou kadav jij Verto Vertilus.

Ansyen direktè jeneral administrasyon jeneral ladwann yo, Rommel Bell, madanm ni Anna Dorvil Bell ak Duckens Augustin dwe al jije douvan yon tribinal kriminèl. 3 moun sa yo gen arevwa ak blanchi lajan, kore ak konplisite nan zak teworis, fo deklarasyon byen yo ta posede, move zafè, asosyasyon malfektè. Se desizyon jij enstriksyon Jean Wilner Morin rann nan dat 8 me 2024 la.

Sendika lapolis nasyonal Ayiti a (Spnh-17) ak Sendika nasyonal polisye ayisyen yo (Synapoha), yo chak bò kote pa yo, denonse sou kont X yo pakè tribinal sivil Okap la, depatman Nò, ki ta mande transfè pou tout polisye nasyonal ki ta gen arevwa ak zak brigandáy nan tribinal sivil Okap la, lendi 13 me 2024 la.

Plizyè polisye peyi Kenya, ki te resevwa fòmasyon pou sa, ta deja pare pou vin deplòtonnen andedan fòs miltinasyonal pou vin kore sekirite nan peyi d Ayiti a. Se sa jounal ameriken New York Times rapòte.

An n rasanble anba drapo nou. Se sou tèm sa a seremoni ofisyèl 221 lane, depi drapo ble ak wouj la ekziste, ap fèt samdi 18 me 2024 la. Se desisyon konsèy minis yo nan dat 8 me 2024 la, dapre sa ministè kominikasyon ekri sou kont X li.

Lendi 13 me 2024 la, responsab Ofis asirans sou aksidan nan traváy, sou maladi ak matènite (Ofatma) louvri yon lopital Ofatma nan Lasalin, toupre vil Pòdpè, depatman Nòdwès. Se bourad lajan gouvènman Taïwan, ki pèmèt yo konstwi lopital sa a. Lopital Ofatma Nòdwès la, ki pral sèvi moun Latibonit ak Nòdwès, gen 120 kabann pou resevwa malad. Lopital Ofatma Nòdwès la gen divès kalte sèvis laswenyáy, pou timoun, pou fanm, pou je, pou pwoblèm po, òtopedi, radyoloji, swen dan ak nan bouch. [pfsf emb rc apr 15/05/2024 23:00]