Español English French Kwéyol

Virewon aktyalite Ayiti : Bandi ak zam asasinen polisye nasyonal Danas Jean nan komin Kafou - Gang ak zam yo gen yon sèl chwa, depoze zam yo ak rann tèt yo bay lajistis, dapre Konsèy prezidan pou tranzisyon an

Pòtoprens, 14 me 2024 [AlterPresse] --- Lannuit lendi 13 me 2024 la, bandi ak zam asasinen ak bal, nan Kotplaj, komin Kafou, polisye nasyonal Danas Jean. Bandi ak zam yo ale ak kò polisye Danas Jean. Polisye Dans Jean, ki te soti nan 22zyèm pwomosyon lapolis la, te nan brigad Bim. Sa fè 18 polisye nasyonal bandi ak zam asasinen depi koumansman lane 2024 la nan peyi d Ayiti, dapre yon ranmase Sendika nasyonal polisye ayisyen yo (Synapoha).

Byen bonè mèkredi maten 8 me 2024 la, nan yon tantativ kidnaping, bandi ak zam te asasinen ak plizyè bal, nan ri Camille Léon, Pòtoprens, ofisye polis fanm Barbara Fecu, 32 zyèm pwomosyon, nan moman li t ap mennen pitit li lekòl. Ofisye polis Barbara Fecu t ap travay nan direksyon jeneral lapolis nasyonal d Ayiti a, dapre sa Sendika nasyonal polisyen ayisyen yo (Synapoha) te rapòte.

Depoze zam yo ak rann tèt yo bay lajistis, se sèl chwa gang ak zam yo genyen. Se avètisman Konsèy prezidan pou tranzisyon an (Kpt).

Derasinen zak laterè gang ak zam yo. Kidonk, pran dispozisyon konsekan pou báy popilasyon an sekirite kòmsadwa. Se pi gwo ijans nasyonal jodi a. Se sa atak gang ak zam vandredi swa 10 me 2024 la kont komisarya polis Gresye a, sou wout nasyonal nimewo 2 a, montre. Sitwayèn ak sitwayen yo pa ka tann ankò. Se responsablite Konsèy prezidan pou tranzisyon an (Kpt), pou garanti sekirite chak moun k ap viv andedan peyi a, dapre sa Kpt a rekonèt.

Atak gang ak zam vandredi swa 10 me 2024 la lakoz plis pase 4 mil 400 moun sètoblije kouri kite lakay yo Gresye, espesyalman nan seksyon kominal Morne à bateau, pou al pran refij lòt kote. Plis pase 70 pousan moun sa yo rive jwenn refij lakay fanmi. 27 pousan nan moun sa yo ale nan 4 ansyen sant akèy ak 3 nouvo sant akèy nan depatman Lwès la, Sid ak Nip. Se yon ranmase Òganizasyon entènasyonal pou migrasyon yo (Oim).

Lavi moun se premye richès yon sosyete. Lè yo pa respekte ak pwoteje lavi moun, se tout peyi a ki atè. Nan yon tan ki pa long, bandi ak zam yo pral sipann fè lalwa nan katye yo, nan vil yo ak nan tout teritwa peyi d Ayiti a. Se pwomès Konsèy prezidan pou tranzisyon an, ki di l ap souke kò l pou monte prese prese yon gouvènman ak yon Konsèy nasyonal sekirite, ki pral anchaje fè kòdinasyon aksyon lapolis nasyonal la, fòs lame d Ayiti ki la a ak sipò entènasyonal la nan zafè sekirite. Popilasyon an pa dwe pran nan oken kaponnáy, pwovokasyon ak konfizyon. Se lòt deklarasyon Konsèy prezidan pou tranzisyon an.

Nan yon mouvman yo rele « Chèche nèg Pòtoprens yo », plizyè moun, lapolis ak ladwann poko idantifye, te fèmen biwo ladwann Okap, depatman Nò, lendi 13 me 2024 la. Gwoup endividi sa yo te fè gwo menas kont anplwaye ladwann Okap yo ak kont manm komisyon k ap traváy pou ranfòse ladwann Okap la. Plizyè anplwaye ladwann Okap te kouri al kache, pou evite yo pa viktim anba men agresè sa yo. Se sa administrasyon jeneral ladwann ekri sou kont X li.

Administrasyon jeneral ladwann nan peyi d Ayiti te voye yon komisyon al ride ranfòse kapasite kontwòl ladwann Okap la. Li te pran desizyon sa a apre ajan ladwann Okap yo te dekouvri ak sezi yon gwo chajman zam ak bal, nan dat jedi 4 avril 2024 la, Okap.

Lendi 13 me 2024 la, grefye ak isye nan tribinal sivil Gonyaiv, depatman Latibonit, tanmen yon mouvman grèv. Yo deside sispann traváy pou ekzije ogmantasyon salè, kat debi ak lòt avantáy sosyal. Mouvman grèv sa a anpeche pwosè asiz kriminèl yo fèt nan tribinal sivil Gonayiv la, dapre enfòmasyon ki vin jwwenn AlterPresse ak AlterRadio.

Madi 14 me 2024 la, ekip pri Goncourt yo remèt bay plimeyank ayisyen Louis-Philippe Dalembert pri pwezi 2024 pou tout sa l deja ekri kòm plimeyank. Avèk woman li ekri, ki rele « Milwaukee Blues », Louis-Philippe Dalembert te pami 4 plimeyank, yo te dwe chwazi youn ladan yo, pou pri Goncourt 2021 an.

Avèk liv « Alléluia pour une femme-jardin », li te fè soti nan dat 6 oktòb 1981, plimeyank ayisyen René Dépestre te genyen bous Goncourt 1982 a pou nouvèl sa a li te ekri.

Nan dènye lane sa yo, prèske gen toujou plimeyank ayisyen ki genyen pri entènasyonal pou sa yo ekri, tankou woman, pwezi elatriye.

14 me 1944 – 14 me 2024, espas lakilti ki pot non nan lang franse « Centre d’art » gen 80 lane, depi l ap ride fè konnen plizyè atis nan peyi d Ayiti, Malgre tan ki pase yo, malgre tout latwoubláy nan peyi d Ayiti yo, espas lakilti « Centre d’art » rive ekziste ak kontinye feraye, gras ak enstitisyon/òganizasyon ki te kontinye bal bourad, gras ak atis yo ki te fè l konfyans pou fè konnen zèv yo, gras tou ak konkou medya yo ki temwen tout 80 lane traváy sa yo. Se sa espas lakilti « Centre d’art » ekri nan okazyon 80 lane ekzistans li.

Rasanbleman pati politik, ki pot non Kolektif 30 janvye 2023 yo, ki te voye Edgard Leblanc Fils kòm delege, di li voye jete desizyon tout manm Konsèy prezidan pou tranzisyon an (Kpt) pran pou 4 pami yo asire responsablite kòdinasyon aksyon Kpt a, youn apre lòt, chak 5 mwa, ant 7 me 2024 pou rive 7 fevriye 2026. [ppsf emb rc apr 14/05/2024 14:47]