Español English French Kwéyol

Virewon aktyalite Ayiti : Gang ak zam atake ak met dife nan komisarya polis Gresye a - Sa fè plis pase 25 pòs polis gang ak zam kraze ak dechèpiye depi koumansman lane 2024 la

Gresye, Ayiti, 12 me 2024 [AlterPresse] --- Vandredi swa 10 me 2024 a, gang ak zam atake ak met dife nan komisarya polis Gresye a, sou wout nasyonal nimewo 2 a, nan sid Pòtoprens lan.

Gen yon chofè transpò piblik, ki pa t twò lwen komisarya polis Gresye a, ki blese ak 2 bal, nan moman atak gang ak zam yo. Yo te mennen l tousuit nan lopital, pou al pran swen nesesè yo. Se sa Asosyasyon pwopriyetè ak chofè d Ayiti yo (Apch) rapòte.

Anpil anpil moun, timoun, fanm ak granmon, sètoblije kouri kite lakay yo Gresye pou al cheche refij lòt kote, akoz atak gang ak zam yo kont komisarya polis Gresye a.

Atak gang ak zam lannuit vandrdi 10 me 2024 la, kont komisarya polis Gresye a, fè plis pase 25 pòs polis gang ak zam kraze ak dechèpiye depi koumansman lane 2024 la sou teritwa Ayiti a. Se yon ranmase Sendika lapolis nasyonal d Ayiti a (Spnh17), ki ekzije bon jan pase men nan tout direksyon lapolis la, depi nan direktè jeneral pou yon bout tan an Frantz Elbe, li akize ki ta nan konfyolo ak gang ak zam yo pou jan li pa pote sipò bay polisye ki nan twoke kòn ak bandi kriminèl yo.

Pase men konsekan nan tout direksyon lapolis nasyonal la ta dwe pèmèt mennen bon jan operasyon kont gang ak zam yo, tout kote y ap simen laterè yo. Sa ta dwe tou pèmèt lapolis la rive rekipere tout materyèl gang ak zam yo te vòlò, tankou yon blende gang ak zam Ti Bwa yo, Christ Roi Chéry (Krisla) ap dirije a, te dappiyanp nan dat 12 oktòb 2022 nan baz lapolis Matisan 23 a. Se rekòmandasyon Sendika lapolis nasyonal d Ayiti a (Spnh17).

Samdi 11 me 2024 la, anbasad peyi Etazini nan peyi d Ayiti remèt bay lapolis nasyonal Ayiti a yon lo materyèl, pami yo plizyè machin blende, pou kore travay lapolis nasyonal la sou teren an. Se sa lapolis nasyonal la fè konnen.

Samdi 11 me 2024 la, gen yon avyon kago ak 2 avyon komès konpayi Sunrise ki ateri nan aryopò entènasyonal Pòtoprens lan, nan kad dispozisyon sekirite pou avyon komès yo ka rekoumanse fè ale vini nan aryopò entènasyonal Pòtoprens lan, dapre lapolis nasyonal Ayiti a. Se depi jedi 29 fevriye 2024, pa gen aktivite ale vini avyon komès yo, ni nan aryopò entènasyonal Pòtoprens lan, ni nan ti aryopò Pòtoprens lan, apre atak gang an zam yo kont 2 espas avyon sa yo nan Pòtoprens.

Depatman defans peyi Etazini kontinye bay sipò l pou prepare deplòtonnáy fos miltinasyonal la sou teritwa Ayiti a. Gouvèman peyi Etazini a pote kole anpil nan sans sa a. Se sa direksyon operasyon Sid lame peyi Etazini, ki ekziste depi lane 1947 epi ki se youn nan 11 direksyon operasyon lame ki depann de depatman defans peyi Etazini a, ekri sou kont X li.

Fè etid ak ankèt ki ka konplete ak ranfòse dosye demann peyi d Ayiti, pou Lafrans remèt kantite lajan li te fòse peyi d Ayiti báy, nan 19vyèm ak 20tyèm syèk la, pou lendepandans premye janvye 1804 la kont kolon blan franse yo. Se ta objektif yon gwoup traváy peyi d Ayiti dwe met kanpe, dapre Konsèy ekzekitif Inivèsite leta d Ayiti a, sou angajman ak mobilizasyon nesesè pou rekipere nan men Lafrans kantite lajan li te fè peyi d Ayiti peye pou lendepandans 1804 la. Se sa Rektora Inivisète leta d Ayiti a ekri nan yon dokiman sou rezo sosyal li yo.

Edgard Leblanc Fils kòm kòdonatè ant 7 me pou rive 7 oktòb 2024 la. Smith Augustin ant 7 oktòb 2024 pou rive 7 mas 2025. Leslie Voltaire ant 7 mas 2025 pou rive 7 dawout 2025. Epi Louis Gérald Gilles ant 7 dawout 2025 pou rive 7 fevriye 2026. Se konsa 4 konseye pral asire kòdinasyon aksyon Konsèy prezidan pou tranzisyon an jis rive 7 fevriye 2026. Se dezisyon Konsèy prezidan pou tranzisyon an (Kpt) fè konnen li pran nan dat 7 me 2024 la, apre chirepit ki te pete madi 30 avril 2024 la, lè 4 delege pa t vote pou chwazi kòdonatè aksyon Konsèy prezidan pou tranzisyon an.

Tout gwo desizyon Konsèy prezidan pou tranzisyon an va gen pou pran, tankou pou chwazi premye minis, manm gouvènman tranzisyon an, direktè jeneral yo ak responsab kolektivite teritoryal yo, se vot 5 sou 7 konseye k ap gen dwa di nan ki sans yo dwe ale. Se konsa sa pral fèt, dapre sa[n1] Konsèy prezidan pou tranzisyon an (Kpt) fè konnen tou.

Se ant lendi 13 pou rive vandredi 17 me 2024 la, tout moun, fanm kou gason, ki ta enterese vin okipe plas premye minis peyi d Ayiti a, kapab al depoze dosye kandida yo. Yo kapab fè sa nan Vila akèy Miso oubyen sou entènèt nann adrès mel secretariatgeneralpresidence24@gmail.com, sou baz atik 6 akò 3 avril 2024 la. Dosye kandida yo dwe mache ak sipò sektè ki gen delege andedan Konsèy prezidan pou tranzisyon an, oubyen sipò pati oswa òganizasyon ki dakò ak akò 3 avrl 2024 la.

Sètifika direksyon santral lapolis k ap travay pou lajistis la (Dcpj) oubyen yon sètifika tribinal sivil bay, deklarasyon ki di kandida a toujou peye tout taks li nan kontribisyon (Dgi), sètifika deklarasyon patrimwán, ki vle di tout byen kandida pou pòs premye minis la posede. Se dokiman sa yo tout sila, fanm kou gason, ki vle vin okipe pòs premye minis la, dwe al depoze nan Vila akèy Miso a oubyen sou entènèt nan drès mel konsènen an, ant lendi 13 pou rive vandredi 17 me 2024 la

Alòske premye premye nòt yo te fèt nan lang Kreyòl, Konsèy prezidan pou tranzisyon an pa ekri, nan lang Kreyòl, dènye nòt li rann piblik yo. Laprès pa konnen ki estrikti kominikasyon ki ekziste oswa ki yès pou kontakte pou plis presizyon sou nòt yo ak ki demach traváy Konsèy prezidan pou tranzisyon an ap fè.

Ki sa eleksyon jeneral dimanch 19 me 2024 yo nan Repiblik Dominiken ka chanje nan relasyon ant Repiblik Dominiken ak peyi d Ayiti ? Eleman refleksyon ak analiz avèk Edwin Paraison, prezidan Fondasyon zile, ansyen minis Aysyen k ap viv aletranje yo, nan emissyon TiChèzBa, ki pase sou AlterRadio 106.1 Fm ak divès lòt platfòm entènèt. [ppsf emb rc apr 12/05/2024 12:40]