Jeremi (Ayiti), 10 me 2024 [AlterPresse] --- Nou p ap traváy ankò sou lòd komisè polis Louis Edner Hyacinthe. Li ta mele nan twòp move zak, ki sal imaj lapolis la nan depatman Grandans lan. Toutotan otorite yo pa mete yon lòt responsab nan direksyon polis depatman an, p ap gen travay nan komisarya polis Jeremi a. Se kout rèl, vandredi 10 me 2024 la, polisye komisarya Jeremi yo. Avèk barikad nan pòt antre komisarya polis Jeremi a, depatman Grandans lan, polisye yo anpeche direktè polis depatman an Louis Edner Hyacinthe ale nan pòs li. Te gen moun Jeremi ki t al kore mouvman pwotestasyon polisye yo vandredi 10 me 2024 la, dapre temwayáy ki vin jwenn AlterPresse ak AlterRadio.
Sendika nasyonal polisye Ayisyen yo di li kore mouvman polisye yo nan Jeremi, ki mande pase men nan tet lapolis depatman Grandans lan.
Mèkredi 8 me 2024 la, lapolis nasyonal la arete nan Gonayiv, depatman Latibonit, Jerry Carra ak Jackson Destin. 2 jenn gason sa yo ta rekonèt yo te kidnape ak fè kadejak sou yon jèn fanm 19 lane. Yo ta di tou yo te resevwa nan men paran jèn fanm sa a 50 mil dola ameriken ak yon kantite lajan an goud, dapre lapolis.
Jedi 9 me 2024 la, lajistis deside lage sekretè jeneral sena a Marie Nelly Verpile Boyer, li te fè mete nan prizon depi jedi 2 me 2024 la, poutèt li ta gen arevwa ak sa k pa sa, tankou vòlò byen leta nan sena a.
Nan chita pale ak konpayi asirans yo, n ap gade ki lè va gen bon jan kondisyon sekirite pou nou ta rekoumanse fè ale vini nan aryopò entènasyonal Pòtoprens lan. N ap travay tou ak anbasad peyi Etazini nan peyi d Ayiti epitou ak ekip nou nan peyi d Ayiti, pou wè ki desizyon nou va pran. Se sa responsab plizyè konpayi avyon komès, ki konn fè ale vini nan aryopò entènasyonal Pòtoprens lan, di jounal ameriken Miami Herald.
Gen dispozisyon sekirite nou pran ak lapolis nasyonal la plis lame d Ayiti ki la a. Se dizon Otorite aryopò nan peyi d Ayiti yo, ki fè konnen y ap traváy ak konpayi avyon komès yo, pou gade ki lè vwayáy yo ka rekoumanse nan aryopò entènasyonal Pòtoprens lan ak nan ti aryopò Pòtoprens lan.
Se depi nan koumansman mwa mas 2024 la avyon komès yo pa fè ale vini ankò, ni nan aryopò entènasyonal Pòtoprens lan, ni nan ti aryopò Pòtoprens lan, ki te sibi plizyè atak gang ak zam depi jedi 29 fevriye 2024 la.
Pandan tan sa a, se prèske chak jou gen avyon lame peyi Etazini k ap ateri nan aryopò entènasyonal Pòtoprens lan. Avyon lame peyi Etazini sa yo ta vini ak resous moun ak materyèl, pou prepare baz pou fòs miltinasyonal ki sipoze vin deplòtonnen sou teritwwa Ayiti a, dapre enfòmasyon ki disponib yo.
Nouvo otorite tranzisyon an poko di anyen sou pakèt avyon lame peyi Etazini sa yo, k ap ateri nan aryopò entènasyonal Pòtoprens lan nan dènye jou sa yo.
Kore demach tranzisyon politik la nan peyi d Ayiti, pran pozisyon kont trafik zam k ap antre sou teritwa Ayiti a, deplòtonnen tout sa ki ka pote bon jan bourad imanitè bay moun ki nan pliz bezwen yo nan peyi d Ayiti, se rekòmandasyon plizyè rezo òganizasyon nan peyi Kanada ak Ayiti voye bay gouvènman premye minis Kanada a Justin Trudeau, nan yon lèt tou louvri nan dat 8 me 2024 la.
Kriz peyi d Ayiti a mare ak yon tantasyon fachis/reny bout di/diktati, ki la tennfas depi rejim Divalye yo. Se dizon doktè Gracien Jean, espesyalis nan syaans politik, nan emisyon TiChèzBa, ki pase sou AlterRadio 106.1 Fm ak divès lòt platfòm entènèt.
Nou mande respe akò 3 avril ak dekrè 12 avril 2024 la, ki di ki jan Konsèy prezidan pou tranzisyon an dwe mache. Akò 3 avril la ak dekrè 12 avril 2024 la prevwa se yon sèl moun, ki dwe asire travay kòdinasyon aksyon Konsèy prezidan pou tranzisyon an. Nou pa rekonet koze pou plizyè nan manm Konsèy lan ta okipe plas kòdonatè aksyon Konsèy la, youn apre lòt, jis rive 7 fevriye 2026 la. Se pozisyon sou AlterPresse ak AlterRadio pati politik Mouvman patriyotik popilè desalinyen (Mopod) ki kore kolektif pati politik 30 janvye 2023 yo, ki voye Edgard Leblanc Fis kòm delege andedan Konsèy prezidan pou tranzisyon an.
Desizyon manm Konsèy prezidan pou tranzisyon an (Kpt a), pou plizyè nan yo ta okipe plas kòdonatè aksyon Konsèy la, youn apre lòt, jis rive 7 fevriye 2026 la, se yon move siyal. Sa montre enterè pèsonèl manm Konsèy yo ta douvan enterè tout popilasyon peyi d Ayiti a. Sa montre tou pa gen tèt ansanm andedan Konsèy prezidan pou tranzisyon an, depi kont mal taye madi 30 avril 2024 la, lè pa t gen eleksyon ki te fèt pou chwazi yon kòdonatè aksyon nan Kpt a. Se konsiderasyon sou AlterPresse ak AlterRadio espesyalis nan syans politik ak relasyon entènasyonal yo, Joseph Harold Pierre.
Konsèy prezidan pou tranzisyon an ta dwe degaje l jwenn solisyon nan chire pit, ki parèt ap brase bil li depi dat madi 30 avril 2024 la. Konsa, tout manm Konsèy la ta sipoze retounen nan sa yo te siyen ansanm, nan akò 3 avril 2024 la. Si sa pa fèt, peyi d Ayiti ap plonje dwat nan yon lòt katyouboumbe ak brigandáy politik, nan moman dwe gen aksyon konsekan kont tout pwoblèm k ap kraze kannkès popilasyon an, tankou zak kriminèl gang ak zam yo. Se lòt konsiderasyon sou AlterPresse ak AlterRadio espesyalis nan syans politik ak relasyon entènasyonal yo, Joseph Harold Pierre. [ppsf emb rc apr 10/05/2024 13:44]