Español English French Kwéyol

Virewon aktyalite Ayiti : Spnh17 denonse lapolis nasyonal la, ki poko pran dispozisyon pou rekipere yon blende gang ak zam Ti Bwa te vòlò nan dat 12 oktòb 2022 a nan Matisan 23 - Se ak blende sa a gang ak zam asasinen 4 pasaje madi 7 me 2024 la

Pòtoprens, 9 me 2024 [AlterPresse] --- Jis rive mwa me 2024 la, lapolis nasyonal la pa mennen okenn operasyon pou rekipere yon blende, gang ak zam Ti bwa yo (nan tèt Matisan), ki gen nan tèt yo Christ Roi Chéry, yo plis konnen sou non krisla, te vòlò nan yon atak, yo te fè kont yon baz lapolis la nan dat 12 oktòb 2022 a nan Matisan 23. Se gang ak zam, ki te nan blende lapolis yo te vòlò a, ki asasinen 4 pasaje ak blese anba bal plizyè lòt pasaje, ki te nan yon ti bis ki fè ale vini Pòtoprens/Kafou. Se sa Sendika lapolis nasyonal d Ayiti a (Spnh17) denonse sou kont X li.

Ta gen mannèv k ap fèt pou ta kenbe andedan lapolis la yon seri otorite polis, ki nan sa k pa sa ak nan konfyolo ak gang ak zam yo, ki fini ak lapolis la. Se yon mare sosis, ki lakoz anpil fanm ak ti fi sibi zak kadejak. Sa lakoz tou anpil moun, pami yo polisye nasyonal, pèdi lavi yo. Epitou, sitiyasyon sa a fè plizyè milye moun sètoblije kite lakay yo pou al chèche refij lòt kote. Nou p ap dakò pou okenn ansyen polisye, ki te nan sa k pa sa, ki p a t regle anyen lè yo te nan tèt lapolis la, tounen nan tèt lapolis la. Nou pa nan bouyon rechofe. Nou mande respekte atik 22 lwa ki met lapolis nasyonal la kanpe, pou pèmèt polisye onèt ka travay pou popilasyon an. Se dizon sou kont X li Sendika lapolis nasyonal d Ayiti a (Spnh17), ki mande nouvo otorite tranzisyon an fè pase men nan tèt ak nan direksyon, lapolis nasyonal la genyen nan depatman yo.

Dwe gen dispozisyon konsekan pou pwoteje polisye nasyonal yo nan lari a. Zak kriminèl mèkredi maten 8 me 2024 la, kote bandi ak zam asasinen ak bal polis fanm Barbara Fecu, 32 zyèm pwomosyon, bay 17 polisye nasyonal, bandi ak zam asasienen depi lane 2024 la koumanse. Se sa Sendika nasyonal polisye ayisyen yo (Synapoha) di l swete sou AlterPresse ak AlterRadio.

Madi apremidi 7 me 2024 la, 4 pasaje yon ti bis, ki fè ale vini Pòtoprens/Kafou, mouri anba bal epi plizyè lòt pasjaje blese ak bal tou, lè kout zam, ki sanble ta soti nan yon machin blennde, tire sou machin transpò piblik yo te ladan an, nan zòn Matisan. Se sa Asosyasyon pwopriyetè ak chofè d Ayiti yo (Apch) te konfime bay platfòm AlterPresse ak AlterRadio.

Se pa premye fwa pasaje, ki nan machin transpò piblik, sibi mòd atak sa yo. Sa k pase madi apremidi 7 me 2024 la nan Matisan an, se yon lòt zak kriminèl ki kontinye pase lavi moun anba pye. Se konsiderasyon sou AlterPresse ak AlterRadio Asosyasyon pwopriyetè ak chofè d Ayiti yo / Apch.

Jive jedi 9 me 2024 la, lapolis nasyonal la poko an mezi di ofisyèlman, ki sa k pase madi apremidi 7 me 2024 la, nan Matisan.

Se depi dat premye jen 2021 gang ak zam gen kontwòl Matisan, kote y ap fè chofè machin traspò piblik yo peye dwa pasáy pou yo ka travèse.

Anyen poko fèt pou retabli sekirite a nan zòn metwopoliten Pòtoprens lan, ki anba laterè ak lòt zak vyolans gang ak zam yo. Pwoblèm sekirite a toujou rete yon gwo defi, ni nan zòn metwopoliten Pòtoprens lan, ni nan depatman Latibonit lan. Jiska prezan, Konsèy prezidan pou tranzisyon an poko janm pran okenn dispozisyon pou met bout nan zak kriminèl gang ak zam yo.

Pi fò kote nan zòn metwopoliten Pòtoprens lan ap sibi yon sitiyasyon vyolans san parèy. Zak laterè gang ak zam yo vin angrave pi rèd sitiyasyon anpil fanmi, espesyalman timoun yo. Sitiyasyon an vin pi konplike toujou, avèk gwo lapli k ap tonbe yo. Gen danje pou moun trape ankò maladi kolera a, tankou nan komin Site Solèy. Se avètisman Fon Nasyon zinni pou timoun, yo plis konnen sou non Unicef.

Depi plizyè semenn, se prèske chak jou gen avyon lame peyi Etazini k ap ateri nan aryopò entènasyonal Pòtoprens lan, ki pa akeyi avyon komès yo depi koumansman mwa mas 2024 la, lè gang ak zam te fè atak sou aryopò entènasyonal la ak ti aryopò Pòtoprens lan. Avyon lame peyi Etazini sa yo ta vini ak resous moun ak materyèl, pou prepare baz pou fòs miltinasyonal ki sipoze vin deplòtonnen sou teritwwa Ayiti a, dapre enfòmasyon ki disponib yo.

Nouvo otorite tranzisyon an poko di anyen sou pakèt avyon lame peyi Etazini sa yo, k ap ateri nan aryopò entènasyonal Pòtoprens lan.

Preparasyon pou yon fòs miltinasyonal ta vin deplòtonnen sou teritwa Ayiti a, wòl Òganizasyon leta ameriken yo (Loea) ta ka jwe nan demach sa yo, te nan diskisyon ki te fèt, madi 7 me 2024 la, ant reprezantan peyi d Ayiti nan Loea a, Gandy Thomas, ak anbasadè peyi Kenya a nan peyi Etazini. Se sa misyon peyi d Ayiti nan Òganizasyon leta ameriken yo rapòte sou rezo sosyal li yo.

Gouvènman Joe Biden nan bay otorizasyon debloke 60 milyon dola ameriken pou achte materyèl ak ekipman militè, pou vin ride lapolis nasyonal la ak lame d Ayiti ki la a fè fas kare ak gang ak zam yo. Bourad lajan sa a ta dwe pèmèt achte 110 cha blende, dwón siveyans, fizi pou espesyalis ki konn tire byen yo (moun yo rele sniper yo). Misyon miltinasyonal, ki sipoze vin deplòtonnen sou teritwa Ayiti a, ap gen pou sèvi tou ak materyèl sa yo. Se sa jounal ameriken Politico, ki t ap site yon dokiman ofisyèl gouvènman peyi Etazini a, rapòte koumansman semenn sa a.

Se ta nan finisman mwa me 2024 la premye gwoup, ki pral andedan fòs miltinasyonal pou kore sekirite a, ta sipoze koumanse vin deplòtonnen sou teritwa Ayiti a. Sa ta sipoze fèt apre vizit prezidan Kenya a. William Ruto, nan Washington, kapital peyi Etazini, nan dat jedi 23 me 2024 la, dapre enfomasyon ki disponib yo

.Desizyon manm Konsèy prezidan pou tranzisyon an (Kpt a), pou plizyè nan yo ta okipe plas kòdonatè aksyon Konsèy la, youn apre lòt, pou jis rive 7 fevriye 2026 la, se yon move siyal, ki ta montre enterè pèsonèl yo ta douvan enterè tout popilasyon peyi d Ayiti a. Sa montre tou pa gen tèt ansanm andedan Konsèy prezidan pou tranzisyon an, depi kont mal taye madi 30 avril 2024 la, lè pa t gen eleksyon ki te fèt pou chwazi yon kòdonatè aksyon naan Kpt a. Se konsiderasyon sou AlterPresse ak AlterRadio espesyalis nan syans politik ak relasyon entènasyonal yo, Joseph Harold Pierre.

Konsèy prezidan pou tranzisyon an ta dwe degaje l jwenn solisyon nan chire pit, ki parèt ap brase bil li depi dat madi 30 avril 2024 la. Konsa, tout manm Konsèy la ta sipoze retounen nan sa yo te siyen ansanm nan akò 3 avril 2024 la. Si sa pa fèt, peyi d Ayiti ap plonje dwat nan yon lòt katyouboumbe ak brigandáy politik, nan moman dwe gen aksyon konsekan kont tout pwoblèm k ap kraze kannkès popilasyon an, tankou zak kriminèl gang ak zam yo. Se lòt konsiderasyon sou AlterPresse ak AlterRadio espesyalis nan syans politik ak relasyon entènasyonal yo, Joseph Harold Pierre. [ppsf emb rc apr 09/05/2024 14:26]