Español English French Kwéyol

Virewon aktyalite Ayiti : Kadejak ak lòt abi gang kriminèl ak zam yo sou fanm ak ti fi tounen zouti maspinay dwa moun - Ministè edikasyon nasyonal prevwa pwogram ratrapaj pou elèv Lwès ak Latibonit yo

Pòtoprens, 7 me 2024 [AlterPresse] --- 7 me 1994 - 7 me 2024, Radyo Kiskeya gen 30 lane depi l ap feraye nan peyi d Ayiti.

Gang kriminèl ak zam yo sèvi ak kadejak plis lòt abi sou fanm ak ti fi, kòm zouti pou fè blayi lapèrèz nan kominote yo, pou fè rakèt sou kominote yo nan fòse yo ba yo lajan ak pou pran kontwòl zòn kote yo atake yo. Fanm ak ti fi yo kontinye ap sibi konsekans kriz k ap brase bil peyi d Ayiti a, depi plizyè lane. Gen danje pou gang ak zam yo sèvi ak fanm ak ti fi yo pou òganize trafik ak trèt fanm ak ti fi, pou fè fanm ak ti fi yo tounen esklav nan vann kò yo. Se kout rèl plizyè fanm ak gason espè Nasyon zini, ki di tèt yo chaje anpil sou pil ak pakèt kadejak ak lòt abi, gang ak zam yo ap plede fè sou fanm ak ti fi, sitou sou sila ki sètoblije kite lakay yo pou al chèche refij lòt kote nan peyi d Ayiti yo.

Fanm ak gason espè Nasyon zini yo mande otorite yo pran tout dispozisyon nesesè pou konsidere vwa fanm ak ti fi yo, nan demach pou fè lapè retounen sou teritwa Ayiti a.

Depi jedi 29 fevriye 2024 la, laterè ak tout lòt kalte vyolans gang ak zam yo pouse pou pi piti 34 enstisyon lasante, lopital ak sant lasante sispann bay sévis laswenyáy nan zòn metwopoliten Pòtoprens lan. 34 enstisyon lasante sa yo sibi zak dechèpiyáy ak kraze brize rèd mare. Se sa direksyon òganizasyon sèvis lasante nan ministè sante piblik rapòte.

Òganizasyon nan sosyete sivil la ta dwe pote kole ak enstisyon lasante yo, ak travayèz ak travayè imanitè yo pou asire pwoteksyon lopital, anbilans, lekòl, espas distribisyon dlo yo. Dwe gen koulwa imanitè pou pèmèt materyèl lasante yo rive nan lopital ak sant lasante yo. Ta dwe gen woulman chak 2-3 jou pami pèsonèl lasante yo, pou evite y ap plede deplase pou al bay laswenyáy. Ta dwe gen dispozisyon pou monte yon rezo enstitisyon lasante, ki ka anchaje zòn difisil yo. Ta dwe tou gen dispozisyon ki pran, pou wè kouman yo ka relouvri lopital ak sant lasante ki sètoblije fèmen yo, tankou lopital jeneral Pòtoprens lan ak lopital Sen Franswa Sal legliz katolik women peyi d Ayiti a, gang ak zam te dechèpiye an. Espas lopital ak sant lasante yo dwe jwenn bonn jan kondisyon sekirite nan men lapolis nasyonal ak lame d Ayiti ki la a. Se divès konsiderasyon direksyon òganizasyon sèvis lasante nan ministè sante piblik.

Òganizasyon Nasyon zini yo leve lavwa kont atak gang ak zam al fè sou moun ki rete nan katye Solino ak zòn ki viwonnen l yo. Òganizasyon Nasyon zini yo gen tèt li chaje anpil sou konsekans atak sa yo sou plizyè milye moun, ki sètoblije ap kouri kite lakay yo pou al chèche refij lòt kote. Zak laterè ak tout lòt kalte vyolans gang ak zam yo, se zak maspináy dwa moun ak zak maspináy prensip imanitè yo. Dwe gen dispozisyon konsekan pou pèmèt tout moun viv lakay yo san kè sote, pou travayèz ak travayè imanitè yo ka kontinye pote èd nesesè yo. Se dizon natif natal peyi Bèljik Bruno Maes, reprezantan Fon Nasyon pou timoun nan peyi d Ayiti (Unicef), k ap jwe wòl pou yon bout tan anchaje Biwo kòdinasyon zafè imanitè Nasyon zini nan peyi d Ayiti (Ocha).

Ministè edikasyon nasyonal fè konnen l ap anplwaye plizyè pwofesè, pou ride plizyè milye elèv ratrape plizyè mwa lekòl yo pèdi, akoz laterè aak lòt kalte vyolans gang ak zam yo, ak pou ride elèv yo prepare nan pi bon kondisyon ekzamen ofisyèl 2024 yo. Se sitou pou elèv depatman Lwès al Latibonit lan ministè edikasyon nasyonal di l ap mete kanpe pwogram ratrapaj sa yo. Akote kou aprantisáy nan sal klas yo, ministè edikasyon nasyonal pwomèt li pral sèvi ak videyo, emisyon nan radyo, radyo sou entènèt, pwogram televizyon, lòt platfòm sou entènèt ak platfòm lòt enstitisyon patnè, pou kou yo rive jwenn elèv yo kòmsadwa.

Se nan yon gouvènman Phtk 5kyèm vèsyon, Konsèy prezzidan pou tranzisyon an parèt ap mennen peyi d Ayiti, avèk chire pit ki pete madi 30 avril 2024 la. Tout Ayisyèn ak Ayisyen, tout òganizasyon pwogresis ak pati politik revolisyonè yo ta dwe pran responsablite yo douvan listwa, pou anpeche reyakyonè yo kontinye toupizi peyi d Ayiti. Nou swete gwoup Montana a retire delege l genyen andedan Konsèy prezidan pou tranzisyon an, pou evite gang kriminèl ak teyoris Pati ayisyen tèt kale yo (Phtk) plis alyansáy li yo, tankou gwoup ki bay tèt li non Blòk majorite pèsonn pa ka kraze a, kontinye ap dodomeya nan jesyon politik peyi d Ayiti a. Aba gang kriminèl yo. Aba teyoris Phtk ak alyansáy li yo. Aba Blòk majorite pèsonn pa ka kraze a. Aba prezans fòs lokipasyon militè etranje sou teritwa Ayiti a. Se pozisyon òganizasyon Antèn ouvriye.

Lendi 6 me 2024 la, gen yon lòt avyon lame peyi Etazini ki ateri nan aryopò entènasyonal Pòtoprens lan. Avyon sa a ta pote materyèl pou konstriksyon baz, kote premye gwoup polisye ak militè fòs miltinasyonal pou kore sekirite a ta sipoze vin estannbáy. Gen travày ki ta sanble ap fèt, nan sans sa a, tou pre aryopò entènasyonal Pòtoprens lan, dapre enfòmasyon ki disponib yo.

Gouvènman Joe Biden nan bay otorizasyon debloke 60 milyon dola ameriken pou achte materyèl ak ekipman militè, pou vin ride lapolis nasyonal la ak lame d Ayiti ki la a fè fas kare ak gang ak zam yo. Bourad lajan sa a ta dwe pèmèt achte 110 cha blende, dwón siveyans, fizi pou espesyalis ki konn tire byen yo (moun yo rele sniper yo). Misyon miltinasyonal, ki sipoze vin deplòtonnen sou teritwa Ayiti a, ap gen pou sèvi tou ak materyèl sa yo. Se sa jounal ameriken Politico, ki t ap site yon dokiman ofisyèl gouvènman peyi Etazini a, rapòte. [ppsf emb rc apr 07/05/2024 14:00]