Mibalè, Plato santral (Ayiti), 6 me 2024 [AlterPresse] --- Ansyen senatè Rony Celestin, ajan ekzekitif enterimè Mibalè a Lochard Laguerre, sitwayen Juste Chandou Clerjeune, Elionel Casséus, Angelina Fabiola Cameau, Rosevald Douyon, Huguens Charles ak yon moun yo konnen sou non Lenel, tout moun sa yo dwe al jije douvan yon tribinal kriminèl, dèske yo gen arevwa ak kò sasinay nan dat 10 oktòb 2019 sou jounalis Nehemie Joseph, korespondans Radyo Mega nan Mibalè, depatman Plato santral. Se desizyon jij enstriksyon Edwige Dorsainvil soti nan mwa mas 2024 la.
Desizyon jij enstriksyon Edwige Dorsainvil rann nan, se yon gwo vanse nan dosye ankèt sou kò sasináy 10 oktòb 2019 la sou jounalis Nehemie Joseph nan Mibalè, depatman Plato santral. N ap kontinye suiv ki jan dosye a ap fè wout li nan nivo lajistism limyè va fèt tout bon sou kozman an. Se konsiderasyonn SOS Jounalis, ki di li resevwa kopi desizyon jij enstriksyon an depi dat 8 mas 2024 la.
Nan kad yon operasyon koukouwouj, tout inite lapolis nasyonal la sou brenzeng pou arete tout prizonye ki te sove nan prizon Penitansye nasyonal, Kwadèboukè, Kabarè/depatman Lwès ak Pòdpè/depatman Nòdwès. Se sa lapolis nasyonal la fè konnen, plis pase 2 mwa depi, koumansman mwa mas 2024 la, gang ak zam yo te fè plis pase 4 mil prizonye sove kite Penitansye nasyonal ak prizon sivil Kwadèboukè a.
Lannuit vandredi 3 pou antre samdi 4 me 2024 la, 4 prizonye mouri anba bal epi anpil lòt prizonye rive sove kite prizon sivil Pòdpè a, depatman Nòdwès. Tout komisarya polis depatman Nòdwès la sou bernzeng pou arete prizonye, ki sove yo. Se dizon pòtvwa lapolis depatman Nòdwès la, enspektè divizyonè Leonel Joseph, nan yon kozman ak laprès, samdi 4 me 2024 la.
Depi mwa mas 2024 la, gen prizonye ki fè mannèv pou eseye sove nan prizon sivil Jakmèl/depatman Sidès, Ench/depatman Plato santral ak Pòdpè/depatman Nòdwès, apre prizonye sove nan Penitansye nasyonal/Pòtoprens, Kwadèboukè ak Kabarè/depatman Lwès la.
Konsèy prezidan pou tranzisyon an deja sou 12 jou depi l sanse pran mayèt politik peyi d Ayiti, avèk enstalasyon ofisyèl li jedi 25 avril 2024 la nan Palè nasyonal. Jis rive nan dat 6 me 2024 la, yo poko pran okenn gwo desizyon, tankou nan sa k arevwa ak laterè ak vyolns gang ak zam yo. Yon gwoup, ki bay tèt li non Blòk majorite pèsonn pa ka kraze, lakoz yon chire pit depi madi 30 avril 2024 la, lè yo deside mete edgard Leblanc Fils kòdonatè aksyon Konsèy prezidan pou tranzisyon, san yo pa t pase nan vòt, kontrèman ak sa k te prevwa.
Koze blòk majorite sa a, se yon danje pou demen peyi a epi yon blokaj pou konsèy presidan pou tranzisyon an mache kòmsadwa. Aba tout tantativ kriminèl pou kenbe peyi a nan labou. Aba gwoup majorite Pati ayisyen tèt kale a (Phtk) mafya a. Viv yon tranzisyon ki chita sou prensip ak moralite. Viv yon tranzisyon ki koupe fache ak koripsyon, ak dikte anbasad letranje yo. Se kout rèl Konbit òganizasyon politik, sendika ak popilè yo. Konbit la di li voye yon pinga bay tout aktè nan sektè ekonomik, politik tradisyonèl la ak manm Konsèy presidan pou tranzisyon an la, sitou 4 manm blòk ki di li se majorite a, ki vle trennen peyi nou nan labou tranzisyon k ap kontinye sa k t ap fèt pandan 33 mwa gouvènman defakto Ariel Henry an.
Peyi a rive nan yon pwen kote l preske eklate. Popilasyon an pa kapab ankò. Nou gen anpil kè kase pou demen peyi a. Men, se nan moman sa a nou wè aktè, ki te voye delege andedan Konsèy prezidan pou tranzisyon an tonbe nan jwèt koken mètdam, pou defann enterè pèsonèl yo. Sa n ap viv la a pa mande pou n ap aji konsa. Popilasyon an ap tann rezilta san pèdi tan, pou soulaje soufrans l ap andire yo. Aktè politik, ekonomik ak nan sosyete sivil la dwe mete yo nan sitiyasyon pou remete ekonomi an sou ráy, báy sekirite epi refè eskanp figi enstitisyon yo. MEsyedam Konsèy prezidan pou tranzisyon an, sispann. Fè jefò pito pou aji pi wo pase pwòp tèt pan ou, pase pwòp enterè paspouki. Fè jefò pito pou rejwenn kan pèp la, bay peyi a priyorite. Se dizon rasanbleman fanm ak gason ki rele Kolektif 4 desanm 2013.
Biwo suivi akò 30 dawout 2021 an, yo plis konnen sou non akò Montana a, mande 2 manm ki pa gen dwa vote nan desizyon Konsèy prezidan pou tranzisyon an, kote y ap jwe wòl obsèvatè an, transmèt bay tout sektè, ki gen delege andedan Konsèy lan, pwosèvèbal seyans madi 30 avril 2024 la, lè te sipoze gen eleksyon pou chwazi yon kòdonatè aksyon Konsèy prezidan pou tranzisyon an. Biwo suivi akò Montana a mande 2 manm obsèvatè yo rann piblik sa yo te wè nan demach la, ki te koresponn ak sa k ekri nan akò 3 avril 2024 la, tout sektè yo te siyen an.
Nou sezi wè kouman manm Konsèy prezidan pou tranzisyon an, ki fenk enstale nan dat jedi 25 avril 2024 la, tonbe nan chire pit, olye yo traváy prese prese pou soulaje soufrans popilasyon an. Yo tonbe nan chire pit, alòske plizyè sektè ak pati politik te met tèt yo ansanm pou met kanpe Konsèy prezidan pou tranzisyon an. Ak anpil lapenn, nou wè elit politik ak ekonomik yo derefize traváy ansanm. Okontrè, yo lage kò yo nan bouch louvri, detan gang ak zam, lavi chè, lamizè ap malmennen popilasyon an. Manm Konsèy prezidan pou tranzisyon an ak sektè yo dwe kontinye traváy nan tèt ansanm, pou ranpli devwa patriyòt yo douvan peyi d Ayiti ak pran responsablite yo youn ak lòt douvan pèp la. Se konsiderasyon pati politik Ini Ayiti, Jean Clarens Renois ap dirije. Pati politik Ini Ayiti, ki andedan kolektif 30 janvye 2023 a ki fèk di yo met kanpe yon blòk majorite pèsonn pa ka kraze, di limenm li lonje dwèt ak tout fòs li sou konpòtman degrenngòch, manfouben ak san konsyans pati politik, aktè ak sektè ki vle simen hing hang nan mitan Konsèy prezidan pou trazisyon an, pou sèvi pwòp enterè paspouki yo. [ppsf emb rc apr 06/05/2024 14:13]