Pòdpè, Ayiti, 5 me 2024 [AlterPresse] --- Yon ti gason 2 lane ak yon papa menm fanmi mouri ankò nan debouláy tè samdi 4 me 2024 la, nan site Limoza, katye Lakoup, Pòdpè. 2 lòt moun menm fanmi sa a, ki te nan kay kote debouláy tè a fèt la, blese anpil. Yo te kouri ak yo nan lopital leta Pòdpè a, pou yo resevwa laswenyáy nesesè yo. Gwo lapli yo kontinye lakoz anpil debouláy tè nan depatman Nòdwès la. Se sa konfre jounalis Jhonson Fenelus rapòte bay AlterPresse ak AlterRadio.
Dimanch apremidi 28 avril 2024 la, 3 moun yon menm fanmi, yon ti gason 4 lane Widaens Belfort, yon fanm ansent 29 lane Yoldine Sila, ak Elda Belfort, 58 lane, mouri, lè yon mi tonbe sou kay kote yo te ye a. Dram sa a te rive nan ri lopital vil Pòdpè, depatman Nòdwès, kote lapli ap tonbe depi plizyè jou. Anpil anpil moun te kouri ale nan Lopital leta Pòdpè a, pou evite yo ta viktim nan gwo lapli sa yo.
Te gen plis pase 200 kay ki te anvayi ak dlo nan depatman Nòdwès la, nan lapli k ap tonbe depi vandredi 26 avril 2024 la, dapre yon ranmase pwoteksyon sivil. Menm dimanch apremidi 28 avril 2024 la, dlo k ap desann ak anpil fòs yo te lakoz gwo domaj nan yon pon, ki separe komin Sen Lwi diNò ak Ansafolè a, depatman Nòdwès.
Nan gwo lapli k ap tonbe depi samdi 13 avril 2024 la toupatou sou teritwa Ayiti a, pwoteksyon sivil konte 13 moun ki pèdi lavi yo ak 3 lòt ki disparèt, nan deboulày tè, jedi 2 me 2024 la, nan zòn Baryè Boutèy, Okap, depatman Nò. Gen 25 kay ki sibi domaj nan gwo lapli sa yo. Gen tou 2 mil 260 kay ki anvayi ak dlo, Okap, toujou dapre ranmase pwoteksyon sivil peyi d Ayiti a.
Nou mande tout moun, ki rete nan zòn difisil nan moman lapli yo, suiv tout konsiy sekirite pwoteksyon sivil ap bay yo. Nou koube n byen ba douvan fanmi moun, ki pèdi lavi yo nan debouláy tè, gwo lapli ki kontinye ap tonbe yo lakoz, tankou nan depatman Nò peyi d Ayiti yo. Gouvènman an ap pran tout dispozisyon pou pote sekou bay paran viktim yo. Se pwomès Konsèy prezidan pou tranzisyon an nan yon nòt ofisyèl.
Lannuit vandredi 3 pou antre samdi 4 me 2024 la, 4 prizonye mouri anba bal epi 8 lòt prizonye rive sove kite prizon sivil Pòdpè a, depatman Nòdwès. Tout komisarya polis depatman Nòdwès la sou bernzeng pou arete 8 prizonye, ki sove yo. Se dizon pòtvwa lapolis depatman Nòdwès la, enspektè divizyonè Leonel Joseph, nan yon kozman ak laprès, samdi 4 me 2024 la.
Samdi 4 me 2024 la, lapolis nasyonal la arete Mabyal, depatman Sidès peyi d Ayiti, Jean Louis-Jeune, moun plis konnen sou non Blan, ki ta nan alyansáy ak gang ak zam k ap simen laterè nan Maryani ak komin Kafou, sou wout nasyonal nimewo 2 a. Lapolis jwenn nan men l yon kantite 113 mil 500 goud. Jean Louis-Jeune, ki pot non Blan, ta anchaje pran lajan nan men chofè machin transpò piblik, k ap travèse Maryani, dapre lapolis.
Lapolis nasyonal la di li rive debloke gwo depo gaz Tèminal Vare a, nan Site Solèy, gang ak zam te bloke ankò ak gwo machin, depi lendi 22 avril 2024 la. Lapolis nasyonal la fè konnen li rive bouche anpil twou ak retire barikad, gang ak zam yo te mete pou anpeche pasáj ale vini kamyon k al ranpli gaz nan Tèminal Vare a, Site Solèy.
Gouvènman Joe Biden nan bay otorizasyon debloke 60 milyon dola ameriken pou achte materyèl ak ekipman militè, pou vin ride lapolis nasyonal la ak lame d Ayiti ki la a fè fas kare ak gang ak zam yo. Bourad lajan sa a dwe pèmèt achte 110 cha blende, dwón siveyans, fizi pou espesyalis ki konn tire byen yo (moun yo rele sniper yo). Misyon miltinasyonal, ki sipoze vin deplòtonnen sou teritwa Ayiti a, ap gen pou sèvi tou ak materyèl sa yo. Se sa jounal ameriken Politico, ki t ap site yon dokiman ofisyèl gouvènman peyi Etazini a, rapòte.
Vandredi 3 me 2024 la, yon lòt avyon lame peyi Etazini te ateri nan aryopò entènasyonal Pòtoprens lan ankò. Avyon sa a te debake ak moun, ki gen kontra ak ministè defans peyi Etazini pou vin konstwi espas, kote misyon miltinasyonal pou kore sekirite a va vin tabli sou teritwa Ayiti a. Se sa jounal ameriken Miami Heraald rapòte.
Se ta nan dat jedi 23 me 2024 la yon premye gwoup polisye peyi Kenya yo ta dwe rive, nan kad deplòtonnay fòs miltinasyonal pou kore sekirite nan peyi d Ayiti a. Gouvenman peyi Etazini ta koumanse prepare espas, ki ta dwe akeyi polisye ak militè k ap vini andedan fòs miltinasyonal pou kore sekirite nan peyi d Ayiti a, dapre enfòmasyon ki disponib yo.
Biwo suivi akò 30 dawout 2021 an, yo plis konnen sou non akò Montana a, mande 2 manm ki pa gen dwa vote nan desizyonn Konsèy prezidan pou tranzisyon an, kote y ap jwe wòl obsèvatè an, transmèt bay tout sektè, ki gen delege andedan Konsèy lan, pwosèvèbal seyans madi 30 avril 2024 la, lè te sipoze gen eleksyon pou chwazi yon kòdonatè aksyon Konsèy prezidan pou tranzisyon an. Biwo suivi akò Montana a mande 2 manm obsèvatè yo rann piblik sa yo te wè nan demach la, ki te koresponn ak sa k ekri nan akò 3 avril 2024 la, tout sektè yo te siyen an.
Nou sezi wè kouman manm Konsèy prezidan pou tranzisyon an, ki fenk enstale nan dat jedi 25 avril 2024 la, tonbe nan chire pit, olye yo traváy prese prese pou soulaje soufrans popilasyon an. Yo tonbe nan chire pit, alòske plizyè sektè ak pati politik te met tèt yo ansanm pou met kanpe Konsèy prezidan pou tranzisyon an. Ak anpil lapenn, nou wè elit politik ak ekonomik yo derefize traváy ansanm. Okontrè, yo lage kò yo nan bouch louvri, detan gang ak zam, lavi chè, lamizè ap malmennen popilasyon an. Manm Konsèy prezidan pou tranzisyon an ak sektè yo dwe kontinye traváy nan tèt ansanm, pou ranpli devwa patriyòt yo douvan peyi d Ayiti ak pran responsablite yo youn ak lòt douvan pèp la. Se konsiderasyon pati politik Ini Ayiti, Jean Clarens Renois ap dirije. Pati politik Ini Ayiti, ki andedan kolektif 30 janvye 2023 a ki fèk di yo met kanpe yon blòk majorite pèsonn pa ka kraze, di limenm li lonje dwèt ak tout fòs li sou konpòtman degrenngòch, manfouben ak san konsyans pati politik, aktè ak sektè ki vle simen hing hang nan mitan Konsèy prezidan pou trazisyon an, pou sèvi pwòp enterè paspouki yo. [ppsf emb rc apr 05/03/2024 14:50]