Español English French Kwéyol

Ayiti/Kpt : Yon ti reyon solèy, men anpil nyaj

Gotson Pierre

Pòtoprens, 5 me 2024 [AlterPresse] --- Yon ti reyon solèy, men anpil nyaj. Imaj sa a kadre ak sa n ap viv kounye a nan peyi d Ayiti.

Yon Konsèy prezidansyèl tranzisyon fèk monte. Gen yon ti lespwa ki te koumanse limen, men li tenyen rapidman ak mezantant ki parèt anndan Konsèy la nan moman l ap chwazi dirijan li.



Sa yo rele yon majorite 4 sou 7 antann yo pou chwazi yon prezidan ak tout premye minis. Sa soulve gwo pale anpil bò kote lòt sektè yo ak nan sosyete a.

Tousuit enpresyon ki rete, se kòmsi ta gen yon tantativ pou klete tranzisyon an. Men, èske yon tranzisyon klete kab pèmèt rezoud gwosè kriz sa a k ap minen tout sosyete a?Èske yon tranzisyon klete kab pèmèt pèmèt Ayiti rive nan estabilite?

Sa k pase a ranfòse siyal dezespwa nan popilasyon an. Ki koreksyon ki kab fèt rapidman, pou tranzisyon an pa pèdi wout? [gp apr 05/05/2024 10 :00]