Español English French Kwéyol

Virewon aktyalite Ayiti : Dezas ak dèy Okap, pwoblèm laprès, koripsyon, blokaj nan Konsèy prezidansyèl tranzisyon

Pòtoprens, 4 me 2024 [AlterPresse] --- Virewon aktyalite Ayiti : Dezas ak dèy Okap, pwoblèm laprès, koripsyon, blokaj nan Konsèy prezidansyèl tranzisyon...

Nan gwo lapli k ap tonbe depi 3 semenn toupatou sou teritwa Ayiti a, pwoteksyon sivil konte 13 moun ki pèdi lavi yo ak 3 lòt ki disparèt, nan deboulày tè, jedi 2 me 2024 la, nan zòn Baryè Boutèy, Okap, depatman Nò.

3. Gen 25 kay ki sibi domaj nan gwo lapli sa yo. Gen tou 2 mil 260 kay ki anvayi ak dlo, Okap, toujou dapre yon ranmase pwoteksyon sivil peyi d Ayiti.

Dimanch apremidi 28 avril 2024 la, 3 moun yon menm fanmi, Widaens Belfort, yon ti gason 4 lane, Yoldine Sila, yon fanm ansent 29 lane, ak Elda Belfort, 58 lane, mouri, lè yon mi tonbe sou kay kote yo te ye a. Dram sa a rive nan ri lopital vil Pòdpè, depatman Nòdwès, kote lapli ap tonbe depi plizyè jou. Anpil anpil moun te kouri ale nan Lopital leta Pòdpè a, pou evite yo ta viktim nan gwo lapli sa yo.

Te gen plis pase 200 kay ki te anvayi ak dlo nan depatman Nòdwes la, nan lapli k ap tonbe depi vandredi 27 avril 2024 la, dapre yon ranmase pwoteksyon sivil.

Menm dimanch apremidi 28 avril 2024 la, dlo k ap desann ak anpil fòs yo te lakoz gwo domaj nan yon pon, ki separe komin Sen Lwi diNò ak Ansafolè a, depatman Nòdwès.

3 me, se jounen entènasyonal Libète Laprèes. Se depi lane 1993 Òganizasyon Nasyon zini pou ledikasyon, lasyans aqk lakilti, yo plis konnen sou non Unesco, te vini ak dat sa a pou wete chapo douvan travay jounalis ak medya yo atravè tout peyi sou latè.

Jounen 3 me 2024 la, medya ak jounalis nan peyi d Ayiti yo ap viv yon sitiyasyon k p konplike chaak jou pi plis. Yo pa ka deplase lib e libè pou al chèche enfòmasyon yo, akoz laterè ak zak vyolans gang ak zam yo ki mete sou biskèt tout moun, detan y ap atake tout enstitisyon, òganizasyon, lopital, sant lasante, famasi, espas inivèsite, bibliyotèk, tout kalte biznis, biwo letaa kou prive, machin transpò piblik, elatriye.

Ayiti tounen youn nan peyi, kote li pi difisil pou jounalis yo rive fè travay yom rive ekzèse metye jounalis lan kòmsadwa. Depi mwa janvye 2022, gen 11 jounalis ki mouri sasinen. Sitiyasyon jounalis yo vin pi konplike depi gang ak zam yo ap ogmante pi rèd zak laterè ak vyolans yo. Gen jounalis ki mouri. Gen jounalis ki sibi zak kidnapping. Gen jounalis ki sètoblije kouri kite peyi a. Gen medya ki sibi zak kraze brize, tankou zak dechèpiyay gang ak zam al fè, nan jou ki sot pase yo, sou jounal Nouvelis, ki ekziste depi dat premye 1898, sa fè 126 lane nan lane 2024 la Gen anpil jounalis ki resevwa menas, tankou sou entènèt, akoz jan y ap fè traavay jounalis yo. Se yon seri menas, ki paase anba pye libète jounalis yo genyen pou ekzèse metye jounaalis lan kòmsadwa. Si pa gen anyen ki fèt pou kwape zak brigandáy sa yo kont jounalis yo, peyi d Ayiti ka tounen yon dezè enfòmasyon, yon zòn pe bouch, yon zòn kote baboukèt retounen, tankou sou peryòd rejim diktati bout Divalye yo. Jounalis yo dwe kapab travay san yo pa gen lakrentif pou sekirite ak lavi yo. Dwe gen dispozisyon pou pwoteje jounalis Ayisyen yo. Se kout rèl Òganizasyon Nasyon zini pou ledikasyon, lasyans ak lakilti (Unesco), okazyon 3 me a, ki se jounen mondyal Libète Laprès.

Anbasad peyi Etazini nan peyi d Ayiti di l wete chapo l douvan kouraj pwofesyonèl fanm ak gason, k ap traváy san kanpe pou fè tout moun alwonnbadè, ni naan peyi d Ayiti, ni nan rès monn nan, konnen sa k ap pase yo nan peyi d Ayiti. Gouvènman peyi Etazini a di l angaje l pou kore ak tout fòs li Libète laprès nan peyi d Ayiti. Se mesaj nouvo anbasadè ameriken nan peyi d Ayiti a, Dennis Bruce Hankins, voye, okazyon 3 me a, ki se jounen mondyal Libète laprès.

Nan lane 2024 la, metye jounalis yo ap sibi gwo presyon politik. Otorite politik yo, ki sipoze pran dispozsyon pou garanti libète laprès la, se yomenm k ap fè menas ak atanta sou libète laprès nan monn nan. Se sa òganizasyon Repòtè san fwontyè (Rsf) ekri nan rapò sou sitiyasyon Libète laprès toupatou sou latè, li ran piblik okazyon 3 me 2024 la.

Jedi 2 me 2024 la, apre jij enstriksyon Pòtoprens Merlan Belabre fin tande l, lajistis fè arete sekretè jeneral sena a, Marie Nelly Verpile Boyer, nan sa ki arevwa ak yon eskandal dwèt long siperyè ak gaspiyaj lajan leta, nan sena a.

Nan yon not li rann piblik jedi 2 me 2024 la, pake tribinal sivil Potoprens lan mande ankò pou pyès moun pa vann gaz nan veso nan lari a. Lajistis kapab rapousuiv tout moun, ki pa ta respekte desizyon sa a. Se avètisman pakè tribinal sivil Pòtoprens lan.

Se tanzantan otorite yo toujou rale nòt avètisman, pou mande moun pa vann gaz nan lari, san yo pa pran okenn dispozisyon pou rann gaz lan lan disponib nan ponp yo sou teritwa Ayiti a.

Depi plizyè lane, espesyalman depi ekip Pati ayisyen tèt kale yo (Phtk) vin pran mayèt politik peyi a, se tanzantan popilasyon an vin tonbe nan plis difikilte pou rive jwenn gaz disponib nan ponp yo sou teritwa Ayiti a. Nan lari a, pri galon dyezèl, gazolin ak gan blan toujou ap vann grad divizyon chak jou pi plis.

Sa k pase madi 30 avril 2024 la andedan Konsèy prezidan pou tranzisyon an, se yon eskandal. Se yon desepsyon ak yon wont, ki antre nan kad yon politik koken, pou kenbe pòs, pou kenbe politik ki chita sou enpinite ak koripsyon an, pou kenbe popilsyon an nan madoulè li ye a. Mannèv gwoup, ki di l se majorite a, pa daplon ak lide ki vin tabli Konsèy prezidan pou tranzisyon an. Zak madi 30 avril 2024 la, se yon zak grav yon gwoup aktè, ki pa renmen peyi a ni pèp ayisyen an. Fòk aktè politik ak sosyete sivil, ki gen delege andedan Konsèy prezidan pou tranzisyon an, leve tet yo ak reprann tèt yo pou pote solisyon kare bare, san koken, nan pwoblèm k ap brase bil peyi d Ayiti yo nan dènye lane sa yo. Se konsiderasyon sou AlterPresse ak AlterRadio Platfòm òganizasyon ayisyen dwa moun yo (Pohdh).

Peyi d Ayiti ap viv youn nan peryòd ki pi konplike nan listwa l. Patriyòt yo dwe vijilan, pou anpeche tout fòs politik ak ekonomik reyaksyonè nasyonal, tankou entènasyonal, dappiyanp peyi a, nan kontwole espas pouvwa yo, pou fè ogmante kalvè ak zak pèsekisyon kont popilasyon an. Nou leve lavwa kont pratik piyajè ak kriminèl 4 dirijan, ki met kanpe sa yo rele blok majorite andedan Konsèy prezidan pou tranzisyon an. Se yon konpòtman k ap pwolonje pi rèd lamizè ak soufrans pati nan popilasyon an ki pi pòv yo. Poutèt sa, n ap goumen kont tout fòm espwatasyon, kont tout kase fèy kouvri sa, nan pwoteje ganstè, kriminèl, kòwonpi, pou yo jwenn amnisti, epi prrepae eleksyon pike kole, ki se objektif tout operasyon magouy sa yo. Se dizon òganizasyon Inisyativ patriyòt Maryen (Ipam), ki tabli nan zòn Nò peyi d Ayiti a.

Ta gen demach k ap fèt, pou ta jwenn yon solisyon nan sa k pase madi 30 avril 2024 la andedan Konsèy prezidan pou tranzisyon an. Diskisyon k ap fèt yo ta dwe mennen nan yon majorite kòrèk 7 manm sou 7, ki ta dwwe vote nan desizyon Konsèy prezidan pou tranzisyon an ap gen pou pran yo. Se sa yon sous toupre Konsèy prezidann pou tranzissyon an di AlterPresse ak AlterRadio.

Delege akò 30 dawout 2021 an, moun plis konnen sou non akò Montana a, Fritz Alphonse Jean, delege pati politik Fanmi Lavalas Leslie Voltaire, delege Asyosyasyon gwo biznis yo Laurent St-Cyr pa t patisipe, nan yon reyinyon sou entènt jedi 2 me 2024 la ak dirijan peyi manm Kominote karayib yo (Caricom), sou bouch louvri ki genyen andedan Konsèy prezidan pou tranzisyon an, depi mannèv madi 30 avril 2024 yo. Se sa enfòmasyon disponib yo fè konnen. [ppsf emb rc apr 03/05/2024 14:26]