Español English French Kwéyol

Virewon aktyalite Ayiti : Pou pi piti 3 moun mouri nan deboulay tè, zòn Baryè Boutèy, Okap

Okap, depatman Nò (Ayiti), 2 me 2024 i [Alterpresse] --- Nan gwo lapli k ap tonbe nan dènye jou sa yo sou peyi d Ayiti, pou pi piti 3 moun mouri jedi 2 me 2024 la, Okap, depatman Nò, nan moman gwo deboulay tè nan zòn Baryè Boutèy, dapre temwayáy konfrè jounalis Love Mackenzie Paul bay AlterPresse ak AlterRadio

Lannuit mèkredi premye me pou antre jedi 2 me 2024 la, gang ak zam yo atake ankò anba kout bal katye Nazon, Solino, Delma 18 ak Delma 24. Yon sitiyasyon laterè, ki pouse anpil anpil moun, timoun, fanm ansent ak granmoun, kouri kite lakay yo pou al chèche refij lòt kote. Se pandan tout lannuit lan, moun, ki rete nan katye sa yo, t ap rele anmwe sekou douvan atak gang ak zam yo, k ap rapousuiv san gade dèyè yo.

Menm lannuit mekredi premye pou antre jedi 2 me 2024 la, kout bal t ap pete tou nan zòn Klèsin, Taba, sou wout Frè/komin Petyonvil, ak Site Solèy, dapre temwayáy ki vin jwenn AlterPresse ak AlterRadio.

Dwe gen dispozisyon an ijans pou garanti dwa popilasyon an, pou l ka viv lakay li san kè sote. Se yon sitiyayon ki pa ka tann. N ap viv yon kriz jesyon, ki gen gwo konsekans sou sekirite popilasyon an. Kantite moun k ap kite lakay yo ap ogmante chak jou pi plis. Fòk lapolis nasyonal la ansanm ak lame ki la a pran dispozisyon asire pwoteksyon popilasyon an. Se kout rèl sou AlterPresse ak AlterRadio platfom Òganizasyon ayisyen dwa moun yo / Pohdh.

Lè bandi ak zam yo atake katye yo konsa, nan fè moun kouri kite lakay yo pou al chèche refij lòt kote, se yon zak maspináy dwa moun san parèy. Se yon madoulè anplis pou popilasyon an, ki deja ap sibi tout kalte pwoblèm san okenn enstitisyon ni otorite pa pote sekou ak asistans ba yo. Nou santi nou estomake. Nou bouke rele anmwe sekou douvan laterè gang ak zam yo. Se kout rèl sou AlterPresse ak AlterRadio Òganizasyon sitwwayèn ak sitwayen pou yon lòt Ayiti (Ocnh), ki siyale ka anpil moun ki blese ak bal nan atak gang ak zam, lannuit mèkredi premye pou antre jedi 2 me 2024 la, sou katye Nazon, Solino, Delma 18 ak Delma 24.

Sa k ap pase popilasyon an pi grav toujou, nan moman nou pa konn ki dirijan pou rele ak mande aji pou pwoteje popilasyon an. Lè peyi d Ayiti nan sitiyasyon brigandáy politik sa yo, tankou jan sa ye jodi a, se popilayon an ki plis sibi. Se kantite zak laterè yo k ap moute grad divizyon. Se pi plis y ap pilonnen dwa moun yo. Se lòt konsiderasyon sou AlterPresse ak AlterRadio Òganizasyon sitwayèn ak sitwayen pou yon lòt Ayiti / Ocnh.

Jis rive mèkredi 24 avril 2024 la, se plis pase 90 mil moun ki sètoblije kouri kite lakay yo, pou al chèche refij lòt kote, akoz laterè gang ak zam yo. Kidonk, kantite moun k ap kouri kite lakay yo kontinye ogmante rèd mare. Yon bon pati nan kantite moun sa yo rive jwenn refij nan 85 sant akèy, nan plizyè lekòl nan zòn metwopoliten Pòtoprens lan. Gen anpil anpil lòt k al tabli nan vil pwovens yo. Se yon sitiyasyon ki lakoz vin gen anpil bezwen, tankou nan zafè lasante, dapre Biwo kòdinasyon zafè imanitè Nasyon zini yo (Ocha).

Nou rete makònen ak desizyon pou se ansyen senatè Edgard Leblanc Fils, ki pou asire kòdinasyon aksyon Konsèy prezidan pou tranzisyon an. Desizyon sa a respekte akò 3 avril 2024 la, aktè yo te siyen an. Tout sila, ki enterese fè pwopozisyon moun kòm kandida pou pòs premye minis nan gouvènman tranzisyon an, dwe pote dokiman moun sa yo bay Konsèy prezidan pou tranzisyon an. Se pozisyon dirijan politik Kolektif pati politik 30 janvye 2023 yo, platfòm Rezistans demokratik/Angaje pou devlopman (Red/Ede) ak alyansáy li yo, pati politik Pitit Desalin ak akò 21 desanm 2022 a (ki rasanble alyansáy gouvènman defakto Ariel Henry yo), ki voye delege andedan Konsèy prezidan pou tranzisyon an.

Nan dat premye me 2024 la, 4 rasanbleman pati politik sa yo - Kolektif pati politik 30 janvye 2023 yo, platfòm Rezistans demokratik/Angaje pou devlopman (Red/Ede) ak alyansáy li yo, pati politik Pitit Desalin ak akò 21 desanm 2022 a (ki rasanble alyansáy gouvènman defakto Ariel Henry yo) - deklare yo met kanpe sa yo rele Blòk majorite pèsonn pa ka kraze ditou.

Nou denonse kont mal taye 4 sektè, ki di yo se majorite andedan Konsèy prezidan pou tranzisyon an, konplote sou do popilasyon an, lannuit lendi 29 pou antre madi 30 avril 2024 la. Kolektif 30 janvye 2023 yo, platfòm Rezistans demokratik/Angaje pou devlopman (Red/Ede) ak alyansáy li yo, pati politik Pitit Desalin ak akò 21 desanm 2022 a (ki rasanble alyansáy gouvènman defakto Ariel Henry yo) te siyen akò 3 avril 2024 la. Yo te siyen pwojè dekrè, ki di kouman pou met kanpe Konsèy prezidan pou tranzisyon an (Kpt) ak fason pou l mache. Lè yo deside lonmen poukont yo, san okenn tèt ansanm, yon kòdonatè aksyon Kpt a, lè yo deside chwazi yon moun pou vin premye minis tranzisyon an, san yo pa respekte prensip vòt yo, kidonk san eleksyon, yo pa respekte règ jwèt patisipasyon yo te siyen an. Se kout rèl Biwo suivi akò 30 dawwout 2021 an, yo plis konnen sou non akò Montana a, ki gen delege l andedan Konsèy prezidan pou tranzisyon an.

4 sektè, ki di yo se majorite andedan Konsèy prezidan pou tranzisyon an, enskri tèt yo nan menm demach, k ap pilonnen akò 3 avril 2024 la, yo te siyen an. Se menm demach, k ap pase anba pye politik ki chita sou respè prensip ak moralite. Fòs mafya politik ak mafia lajan yo deside fòk yo pran kontwòl Konsèy prezidan pou tranzisyon an ak gouvènman ki pral monte a, pou yo ka kontinye fè jwèt Leta peze souse a (Tou sa, se nan objektif pou mafreze pouvwa tranzisyon an epi fè l tounen yon pataj gato pòs ak privilèj, nan benefis klas politik ak klas lajan darati yo, ki trennen peyi d Ayiti nan tyouboum li ye jounen jodi a. Detan nou envite aktè ki pran move wout yo reprann tèt yo, nou deja antre nan diskisyon pou rive pran, nan tèt frèt, desizyon ki nan enterè peyi d Ayiti yo) Se sa Biwo suivi akò 30 dawout 2021 an, yo plis konnen sou non akò Montana a, ki gen delege l andedan Konsèy prezidan pou tranzisyon an, fè konnen.

Maskarad, ki fèt jounen 30 avril 2024 la nan Konsèy prezidan pou tranzisyon an, se yon konplo pou garanti bandi legal Pati ayisyen tèt kale yo (Phtk), an fanmi ak alye yo, kenbe pouvwa a nan peryòd tranzisyon an, epi kontinye tradisyon koripsyon an. Pèp la bouke soufri, detan bandi legal ak alye yo ap pwofite sou do l. Yon bon tranzisyon, ki vle remèt peyi a sou ray, dwe chita sou prensip respè akò politik 3 avril 2024 la. Pati politik Fanmi Lavalas toujou di pouvwa politik la dwe nan sèvis peyi a, nan sèvis majorite ki nan plis bezwen yo, nan sèvis pèp k ap fè revandikasyon yo (Pouvwa politik la pa dwe nan sèvis yon gwoup politik, ki mennen peyi d Ayiti nan kalamite l ap viv la a. Sitiyasyon peyi a ekzije lòt mòd konpòtman pou yon lòt mòd leta. Nou makònen avek revandikasyon pèp la pou yon lòt mòd leta, yon yon vrẻ tranzisyon, k ap koupe fache tout bon ak kòripsyon, vyolans, laterè ak emete moun sou kote. Nou voye jete ak tout fòs nou eskandal trayizon, ki fèt jounen 30 avril 2024 la) Se pozisyon oganizasyon politik Fanmi Lavalas, ki gen delege l tou andedan Konsèy prezidan pou tranzisyon an. [ppsf emb rc apr 02/05/2024 13:10]