Español English French Kwéyol

Virewon aktyalite Ayiti : Akò Montana a ak pati politik Fanmi lavalas, yo chak bò kote pa yo, pwoteste kont kont mal taye nan Vila akèy madi 30 avril 2024 la

Prezidan peyi Kolonbi an denonse yon ekip move zafè, ki vòlò yon gwo chajman materyèl, tankou bal, grenad ak misil/gwo zam fann fwa, ki te pou lame peyi Kolonbi. Yon chajman gwo zam lou ki ka ateri nan men gang ak zam nan peyi d Ayiti, dapre sa ajans Efe rapòte.

Pòtoprens, premye me 2024 [AlterPresse] --- Nou denonse kont mal taye 4 sektè, ki di yo se majorite andedan Konsèy prezidan pou tranzisyon an, konplote sou do popilasyon an, lannuit lendi 29 pou antre madi 30 avril 2024 la. Kolektif 30 janvye 2023 yo, platfòm Rezistans demokratik/Angaje pou devlopman (Red/Ede) ak alyansáy li yo, pati politik Pitit Desalin ak akò 21 desanm 2022 a (ki rasanble alyansáy gouvènman defakto Ariel Henry yo) te siyen akò 3 avril 2024 la. Yo te siyen pwojè dekrè, ki di kouman pou met kanpe onsèey prezidan pou tranzisyon an (Kpt) mache. Lè yo desiden lonmen poukont yo, san okenn tèt ansanm, yon kòdonatè aksyon Kpt a, lè yo deside chwazi yon moun pou vin premye minis tranzisyon an, sana septe prensip vòt yo, kidonk san eleksyon, yo pa respekte règ jwèt patisipasyon yo te siyen an. Se kout rèl Biwo suivi akò 30 dawwout 2021 an, yo plis konnen sou non akò Montana a, ki gen delege l andedan Konsèy prezidan pou tranzisyon an.

4 sektè ki di yo se majorite andeedan Konsèy prezidan pou tranzisyon an enskri tèt yo nan menm demach, k ap pilonnen akò 3 avril 2024 yo te siyen an. Se menm demach, k ap pase anba pye politik ki chita sou respè prensip ak moralite. Fòs mafya politik ak mafia lajan yo deside fòk yo pran kontwòl Konsèy prezidan pou tranzisyn an ak gouvènman ki pral monte a, pou yo ka kontinye fè jwèt Leta peze souse a. Tou sa, se nan objektif pou mafreze pouvw tranzisyon an epi fè l tounen yon pataj gato pòs ak privilèj, nan benefis klas politik ak klas lajan darati yo, ki trenenn peyi d Ayiti nan tyouboum li ye jounen jodi a. Detan nou envite aktè ki pran move wout yo reprann tèt yo, nou dejaa antre nan diskisyon pou rive pran, nan tèt frèt, desizyon ki nan enterè peyi d Ayiti yo. Se sa Biwo suivi akò 30 dawout 2021 an, yo plis konnen sou non akò Montana a, fè konnen.

Maskarad ki fèt jounen 30 avril 2024 la nan Konsèy prezidan pou tranzisyon an, se yon konplo pou garanti bandi legal Pati ayisyen tèt kale yo (Phtk) an fanmi ak alye yo kenbe pouvwa a nan peryòd tranzisyon an, epi kontinye tradisyon koripsyon an. Pèp la bouke soufri detan bandi legal ak alye yo ap pwofite sou do l. Yon bon tranzisyon, ki vle remèt peyi a sou ray, dwe chita sou prensip respè akò politik 3 avril 2024 la. Pati politik Fanmi Lavalas toujou di pouvwa politik la dwe nan sèvis peyi a, nan sèvis majorite ki nan plis bezwen yo, nan sèvis pèp k ap fè revandikasyon yo. Pouvwa politik la pa dwe nan sèvis yon gwoup politik, ki mennen peyi d Ayiti nan kalamite l ap viv la a. Sitiyasyon peyi a ekzije lòt mòd konpòtman pou yon lòt mòd leta. Nou makònen avek revandikasyon pèp la pou yon lòt mòd leta, yon yon vrẻ tranzisyon, k ap koupe fache tout bon ak kòripsyon, vyolans, laterè ak emete moun sou kote. Nou voye jete ak tout fòs nou eskandal trayizon, ki fèt jounen 30 avril 2024 la. Se pozisyon oganizasyon politik Fanmi Lavalas, ki gen delege l tou andedan Konsèy prezidan pou tranzisyon an.

Se sou baz amoni, inite ak bon konprann ant nou, Konsèy prezidan pou tranzisyon an va pran desizyon l yo. Dayè, se sou baz sa a Konsèy prezidan pou tranzisyon an vin pran mayèt politik la jodi a. Se yon ekzèsis ki montre nou kapab. Nou ka bay rezilta ansanm. Nou dwe jwenn tèt ansanm, fè negosyasyon nesesè yo pou gwo desizyon k ap bon pou peyi d Ayiti yo, nou pral pran nan kesyon sekirite a. Nou rekonèt soufrans tout pil ak pakèt milye viktim zal laterè, vyolans, kadejak, gang ak zam yo fè nan peyi a. Se kèk pami premye mo nouvo kòdonatè aksyon Konsèy prezidan pou tranzisyon an, Edgard Leblanc Fils.

Se delege kolektif pati politik 30 janvye 2023 yo Edgard Leblanc Fils, delege platfòm Rezistans demokratik/Angaje pou devlopman (Red/Ede) Smith Augustin, delege pati politik Pitit Desalin nan Emmanuel Vertilaire ak delege akò 21 desanm 2022 a Louis Gérald Gilles, ki fè antant madi 30 avril 2024 la. Konsa, pa t gen vòt, kontrèman ak sa k te prevwa anvan an.

Mete yon kòdonatè nan tèt Konsèy prezidan pou tranzisyon an, se yon bon desizyon. Se yon etap enpòtan, pou met nan bon wout akò politik 3 avri 2024 la, plizyè sektè te siyen an. Men, chwazi yon premye minis ak manm gouvenman tranzisyon an dwe fèt nan bon jan transparans ak respè règ jwèt yo. Se yon chimen ki enpòtan anpil pou anpeche peyi d Ayiti kontinye nan katyouboumbe. Se pral yon chimen pou kenbe ekilib ak soutin demach pou yon fòs miltinasyonal pou kore sekirite vin deplòtonnen sou teritwa Ayiti a. Sa ki va bay yon lòt souf pou demokrasi nan peyi d Ayiti. Se konsiderasyon sou kont X li sekretè jeneral Òganizasyon leta ameriken yo (Oea), natif natal peyi Irigwe Luis Almagro.

Analize sitiyasyon sekirite a nan peyi d Ayiti, jwenn nan tèt ansanm eleman solisyon pou fè fas kare ak zak laterè, vyolans ak kidnaping, gang ak zam yo ap plede fè yo, ki se pi gwo sousi popilasyon an depi pliyè lane. Se sa k te nannan diskisyon Konsèy prezidan pou tranzisyon an te genyen, lendi 29 avril 2024 la, ak Lapolis nasyonal d Ayiti ak Fòs lame d Ayiti a. Se sa yon nòt ofisyèl fè konnen.

Antretan, depi plizyè jou, gang ak zam yo ap simen laterè nan zòn anba Dèlma, dapre temwayáy ki vin jwenn AlterPresse ak AlterRadio

Moun, ki nan move zafè, vòlò yon gwo chajman materyèl, tankou bal, grenad ak misil/gwo zam fann fwa, ki te pou lame peyi Kolonbi. Nou gen gwo kè sote pou moun ki vòlò materyèl sa yo pa vin vann yo báy gwoup ki nan kontrebann, espesyalman nan peyi d Ayiti. Se kout rèl prezidan peyi Kolonbi an Gustavo Petro dapre sa ajans EFE rapòte.

Akoz sitiyasyon malouk peyi d Ayiti jounen jodi a, kote anpil anpil moun lage san travay, kote gang ak zam kraze biznis anpil moun ak fè ogamante lamizè ak bare soèy lespwa popilasyon an, se avèk tristès nan kè nou, nou rive nan jounen entènasyonal travayèz ak travyè yo, premye 2024 sa a, ki se tou jounen agrikilti nan peyi d Ayiti. Men, nou pwomèt fè sekirite a retabli sou teritwa a, garanti lavi, byen ak biznis tout moun, rebáy leta fòs ak otorite pou dirije peyi a nan bon kondisyon, leve tout defi yo epi fè lavi a vin miyò chak jou pi plis pou chak fanm ak gason nan peyi d Ayiti alwonnbadè. Se mesaj kòdonatè Konsèy prezidan pou tranzisyon an, Edard Leblanc Fills, ki pa di si l te diskite ak tout manm Kpt a anvan li voye mesay sa a.

Dirijan plizyè peyi ki nan gwo espas tè ki rele Afrik yo, tankou Kenya, Tchad ak Benin, dirijan peyi Bamgladesh ki nan Sid gwo espas tè ki rele Azi yo, dirijan peyi Karayib, tankou Bahamas, Jamayik ak gwoup zile Bahamas yo, ekri Òganizasyon nasyon zini, pou di yo ta enterese voye polisye pa yo andedan fòs miltinasyonal pou kore sekirite, ki ta sipoze vin deplòtonnen sou teritwa Ayiti a. Se Stephane Dujarric, pòtvwa sekretè jeneral naasyon zini yo, ki di sa nan yon kozman ak laprès lendi 29 avril 2024 la.

Se ta nan dat 23 me 2024 la yon premye gwoup polisye peyi Kenya ta dwe rive nan peyi d’Ayiti, nan kad deplòtonnay fòs miltinasyonal pou kore sekirite nan peyi d Ayiti a. Gouvenman peyi Etazini ta koumanse prepare espas, ki ta dwe akeyi polisye ak militè k ap vini andedan fòs miltinasyonal pou kore sekirite nan peyi d Ayiti a. Se sa jounal nan peyi Kenya kenyans.co.ke/news rapòte, detan l site yon sous ki toupre gouvènman prezidan kenyan an William Ruto. [ppsf emb rc apr 1er/05/2023 16:40]