Ronald Colbert
Pòtoprens, premye me 2024 [AlterPresse] --- Sa k pase a, madi 30 avril 2024 la, nan Vila akèy la, Nan Miso/Petyonvil, se yon gwo kou. Se menm yon panzou, yon koudeta kont sa k te parèt tankou amoni, bon konprann ak inite andedan Konsèy prezidan pou trazisyon an, ki enstale ofisyèlman nan dat jedi 25 avril 2024 la, anba kout zam gang ak zam t ap tire alantou Paalè nasyonal la, sou Channmas la, Pòtoprens.
Se dizon anpil vwa ki estomake. Dapre enfòmasyon ki vin jwenn AlterPresse ak AlterRadio.
Sa k pase madi 30 avril 2024 la pa kòrèk ditou.
Kolektif pati politik 30 jnvye 2023 a, platfòm Rezistans demokratik/Angaje pou devlopman (Red/Ede ak alyansáy li yo), pati politik Pitit Desalin ak gwoup akò 21 desanm 2022 yo (ki rasanble qalyansáy gouvènman defakto Ariel Henry yo), se 4 sektè sa yo ki deside vag sou vòt, yo te di ki pral fèt madi 30 avril 2024 la, pou chwazi yon kòdonatè aksyon Konsèy prezidan pou tranzisyon yo.
Yo deside yo gen majorite 4 delege sou 7. Yo di yo chwazi yomenm Edgard Leblanc Fils pou vin asire kòdinasyon aksyon Konsèy prezidan pou tranzisyon an (Kpt), malgre se pa konsa yo te prevwa nan akò 3 avril 2024 yo te siyen an.
Antant 30 avtil 2024 la angaje sèlman majorite 4 sektè sa yo. Se sa Frinel Joseph, youn nan 2 obsèvatè andedan Kpt a, presize douvan laprès.
Se douvan laprès ak delege sektè ki te siyen akò 3 avril 2024 la, vòt lan te dwe fèt madi 30 avril 2024 la. Men, 4 sektè ki di yo se majorite a deside pa fè okenn vòt ankò.
Ki sa k kache dèyè jwèt koken, magouy sa a, ki pral lakoz bouch louvri andedan Konsèy preziddan pou tranzisyon an, detan peyi d Ayiti kontinye nan tyouboum rèd mare?
Òganizasyon politik Fanmi Lavalas, akò 30 dawout 2021 an yo plis konnen sou non akò Montana a ak sektè gwo biznis yo, èske 4 lòt sektè ki di yo se majorite a pral mete yo nan yon sitiyasyon lamayòt, kote se asepte yo dwe asepte desizyon ki pral pran yo?
Pou ki anbisyon politisyen rat do kale sa yo reparèt konsa nan figi popilasyon ayisyen an, ki nan gwo madoulè?
Sanble 4 sektè, ki di yo se majorite a andedan Kpt a, ta vle manipile ak kaponnen tout moun, lè yo deside fè kont mal taye yo a, lavèy jounen entènasyonal travayèz ak travayè yo.
Dat premye me a, se tou jounen agrikilti nan peyi d Ayiti.
Kidonk, premye me, se toujou yon jou konje, kote anpil biwo ak sèvis fèmen.
Mèkredi premye 2024 la, pi fò medya yo pran yon jou repo, yon jou poze, epi yo pa bay emisyon enfòmasyon jeneral yo konn genyen chak jou yo.
Sa vin fè laprès pa t gen tan pale sou kont mal taye madi 30 avril 2024 la, ki fèt nan Vila akèy Miso a, Petyonvil.
Konpòtman 4 sektè, ki di yo se majorite a, sanble kou 2 gout dlo ak vye mès senatè ak depite yo, ki nan lane ki sot pase yo, te toujou di yo se majorite, pou fè pase yon seri desizyon paspouki ak malpouwont, ki pa janm nan enterè peyi d Ayiti yo, men ki pito nan sèvis fanm ak gason politisyen gran manjè yo.
Lè konseye Frinel Joseph di desizyon 30 avril 2024 la angaje sèlman 4 sektè pòtinis sa yo, li parèt klè se yon desizyon gwo ponyèt, ki pa konsènen 3 lòt sektè ki andedan Konsèy prezidan pou tranzisyon an. Kidonk, 4 sektè ki di yo se majorite a pa konsidere ditou pozisyon 3 lòt sektè yo sou kozman an.
Konsa, pral gen chire pit kanmenm, ki pral mete nan gwo danje tout desizyon Konsèy prezidan pou tranzisyon an va gen pou pran yo.
Konsa, se yon seri fòs anbachal, k ap tire fisèl yo, ki pral pwofite nan kontinye anpeche peyi d Ayiti mache doubout, drèt, ak moun onèt, ki pa nan konfyolo vann nanm yo ak lajan fòs anbachal yo.
Ki jan pou yon moun konprann erè langaj konseye Frinel Joseph lan?
Nan zak pwograme madi 30 avril 2024 la, 4 sektè ki di yo se majorite a deklare yo fè pwopozisyon pou se ta Fritz Bélizaire, ki ta dwe vin premye minis tranzisyon an, malgre se pa sa k ekri nan akò 3 avril 2024 la yo te siyen an.
Detan l t ap site non 4 sektè sa yo, ki di yo se majorite a, konseye Frinel Joseph te di « Emmanuel Bélizaire », nan plas « Emmanuel Vertilaire » ki se delege pati politik Pitit Desalin nan.
Pou ki erè langaj sa a?
4 sektè, ki di yo se majorite yo, byen vag sou konsekans mannèv, kont mal taye yo a. Yo deside kare bare montre yo pral fòse 3 lòt sektè yo asepte desizyon, yo va pran yo, pou mete moun pa yo nan plizyè pòs leta. Kòmkwa, yo deja pare pou al pataje gato pòs leta yo ant patizan yo, sou do popilasyon peyi d Ayiti a.
Tout kè kase, moun te genyen sou posiblite pou Konsèy preziddan ou tranzisyon an vin bay rezilta konsekam, k ap bon pou peyi a, vin parèt pi fò apre desizyon kont mal taye madi 30 avril 2024 la.
38 lane apre diktati rejim bout di Divalye a te tonbe a (se te nan dat 7 fevriye 1986), èske nouvo estrikti, ki rele Konsèy prezidan pou tranzisyon an, pral kraze, pral fann pak an pak, anvan menm li tanmen travay li yo tout bon?
Sitiyasyon an konplike chak jou pi plis nan peyi d Ayiti. Men, politisyen rat do kale yo pito rapousuiv konbinezon ak rakèt sou do popilasyon an
Sou teren an, se plizyè milye moun ki deplase kite lakay yo, pou al chèche refij lòt kote, nan mwa me 2024 la.
Se depi lane 2023 a fanmi sa yo ap kouri douvan laterè ak zak vyolans gang ak zam yo, ki kontinye asasinen moun, kidnape moun, fè kadejak sou fanm ak ti fi, dechèpiye ak vòlo san gade dèyè, ekzije moun peye dwa pasáy divès kote sou teritwa Ayiti a.
Ki lè zak kriminèl sa yo ap sispann nan peyi d Ayiti?
Pri tout sa, moun plis bezwen ap, monte grad divizyon, chaak jou pi plis. Sa ki fè tout moun ap tonbe nan yon nivo lamizè, yo pa t janm konnen anvan.
Ki te mele fòs anbachal yo, k ap rapousuiv plan toupizi popilasyon an, ki pa wè demen l klè, apre 33 mwa zak brigandáy anba gouvènmaan defakto Ariel Henry an, kominote entènasyonal te fè pran mayèt politik peyi d Ayiti a ak yon twit ?
Depi jedi 29 fevriye 2024 la, aterè gang ak zam yo pase nan yon lòt vitès.
Ant vandredi 8 mas pou rive madi 9 avril 2024 la, laterè gang ak zam yo pouse do 95 mil moun, ki sètoblije deplase kite zòn metwopoliten Pòtoprens lan, pou al chèche refij nan vil pwovens yo.
Ant mwa janvye pou rive mas 2024 la, se plis pase 2 mil 500 moun ki mouri ak blese nan zak vyolans gang ak zam yo.
Lè w konsidere sa k te pase ant mwa oktòb pou rive desanm 2023 a, se yon diplis anraje ki plis pase 53 pousan zak laterè ki te rive yo, peyi d Ayiti vin konnen pou 3 premye mwa lane 2024 yo.
Depi lane 2023 pou rive lane 2024 la, laterè ak vyolans gang ak zam yo lakoz 400 mil moun deplase kite zòn metwopoliten Pòtoprens lan.
Nan zòn kote gang yo ap simen laterè yo, sitou nan depatman latibonit ak zòn metwopoliten Pòtoprens lan, tout lekòl fèmen. Anpil anpil aktivite bloke nètalkole. Moun pa ka fè rekòt nan jaden yo. Grangou an ap malmennen apeprè 5 milyon fannm ak gason nan peyi d Ayiti, dapre sa Òganizasyon Nasyon zini fè konnen. [rc apr 01/05/2024 10:50]